Episodes

Tuesday Jan 17, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 17 janvye 2023
Tuesday Jan 17, 2023
Tuesday Jan 17, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nou ouvè liy pou n tande istwa oditè ki fè yon eksperyans pèsonèl ak pwogram 30 mil moun 4 peyi Biden nan
Nouvèl:
-CSPJ anonse li revoke 30 jij nan peyi a pou koripsyon, lajan yo pran anba tab pou lage kriminèl, tafyatè, ak manti yo ta fè nan diplòm yo di yo genyen
-Li parèt Nasyonzini ta ranplase Madan La Lime alatèt BINUH ak yon nouvo chèf ki ta yon nèg Nwa ki soti peyi Senegal ki rele Pape Samba Mbodj
-Òganizasyon Haitian Bridge Alliance ta siyen yon kolaborasyon ak òganizasyon Welcome.us pou yo jwenn esponsò pou Ayisyen ki pa gen moun isit pou siyen pou yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Jan 16, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 16 janvye 2023
Monday Jan 16, 2023
Monday Jan 16, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Rapò sou manifestasyon KOMOKODA jedi 12 janvye 2023, devan Fondasyon Clinton nan 1633 Broadway nan Manhattan epi sou Vijil ti frè nou Menesky ak Alexandra òganize chak ane pou sonje viktim Goudougoudou yo
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Jodi a peyi Etazini ap selebre anivèsè nesans Martin Luther King Jr.; Nou jete dlo pou Vanyan an epi nou gade reyaksyon ti komik restavèk François Duvalier pou l te chache blofe moun apre sasinay la
Nouvèl:
-Dosye konpatriyòt Fritznel Richard yo jwenn kadav li friz sou fwontyè Etazini ak Kanada
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Pwopagann kan Hillary Clinton nan ki te vle fè konprann se mannigèt Larisi ki te bay Trump laviktwa nan eleksyon 2016 la demaske
-Li parèt menm jan ak Trump Joe Biden limenm tou li te pran yon kantite domikan sekrè peyi a (classified) li mete nan djakout li
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Jan 11, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 11 janvye 2023
Wednesday Jan 11, 2023
Wednesday Jan 11, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA, Midi pou 3pm, jedi 12 janvye 2023 a, devan Fondasyon Clinton nan 1633 Broadway nan Manhattan
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Pwoblèm konpitè nan sistèm FAA rive bloke tout sikilasyon avyon Ozetazini
-Wo komisè Nasyonzini nan koze Dwa Moun denonse nouvo pwogram Gouvènman Biden nan anonse kòmkwa 30,000 refijye k sot nan 4 peyi pral rantre Etazini
-Gouvènman Macron nan Lafrans deside ogmante laj retrèt nan peyi sila a; Popilasyon an di seswa jamè
Liy ouvè ak oditè yo
Anons lanmò Msye Jean Luc François

Tuesday Jan 10, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 10 janvye 2023
Tuesday Jan 10, 2023
Tuesday Jan 10, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA, Midi pou 3pm, jedi 12 janvye 2023 a, devan Fondasyon Clinton nan 1633 Broadway nan Manhattan
Jodi 10 janvye 2023 a fè 13 lannen depi frè nou, militan Daniel Simidor (André Elisée) fè travèse li; Nou jete dlo pou fanmi an:
-Mèt Bano (Ernest Banatte)
-Ougan Maxime Lorismé
-Marty Goodman
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Peyi Brezil anonse yo depase 1,500 arestasyon apre deblozay patizan Bolsonaro yo te fè sou Palman an, Palè Jistis, ak Palè Nasyonal peyi a; Reyaksyon ki soti atravè lemonn; Nou ri Lula ki kondane tantativ koudeta li di ki fèt lakay li pandan mwa pase a li te kouri pote sipò li ak koudeta Ameriken te fè nan peyi Pewou kote jouk jodi a Prezidan Pedro Castillo nan prizon
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Depi koumansman mwa Novanm (anvan eleksyon mitan manda Biden yo) otorite peyi a te jwenn dokiman sekrè gouvènman Meriken an nan dosye prive Joe Biden men yo te kache koze a; Se kounyè a pawòl la koumanse pale; FBI te debake lakay Trump nan Mar-a-Lago men se nan griyen dan koze Biden nan ap regle: Se sa k rele 2 pwa, 2 mezi
-Gwo rankont Trudeau, Biden, ak AMLO (Kanada, Etazini, ak Meksik) k ap fèt aktyèlman nan peyi Meksik
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Jan 09, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 9 janvye 2023
Monday Jan 09, 2023
Monday Jan 09, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA, Midi pou 3pm, jedi 12 janvye 2023 a, devan Fondasyon Clinton nan 1633 Broadway nan Manhattan
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen sou pwogram "Parole" Gouvènman Biden nan anonse pou Ayisyen, Kiben, Nikaragweyen, ak Venezyelyen
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Patizan ansyen prezidan Brezil Jair Bolsanaro yo atake epi kraze brize nan palman, palè jistis, ak palè prezidans peyi a pou manifeste kont Lula
-Deblozay pete, 29 moun mouri nan vyolans apre restasyon pitit El Chapo nan Meksik jedi k sot pase a
-Sou 4 jou epi 15yèm vòt la depite Repibliken nan Kalifòni Kevin McCarthy rive monte nan pòs chèf chanm depite Meriken an, yon gwo viktwa pou Donald Trump
-Ministè Defans peyi Larisi anonse yo touye 600 nouvo sòlda peyi Ikrèn ki t ap tann pou yo rantre nan batay
Anons

Thursday Jan 05, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 5 janvye 2022
Thursday Jan 05, 2023
Thursday Jan 05, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi a se fèt frè nou Pedro Martin, manm KOMOKODA: Nou voye sante, sante, sante
Anons:
-Manifestasyon KOMOKODA jedi 12 janvye 2023, midi pou 3è, pou make 13yèn anivèsè Goudougoudou 2010 la devan Fondasyon Clinton, 1633 Broadway nan Manhattan
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou sitiyasyon peyi a
Ti koze ak frè nou Dominique St. Eloi ki se responsab nan CNOHA sou sitiyasyon travayè nan faktori yo
Nouvèl:
-Imigrasyon Meriken deside monte pri prèske tout aplikasyon yo
Anons

Wednesday Jan 04, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 4 janvye 2023
Wednesday Jan 04, 2023
Wednesday Jan 04, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Anons
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Kan Meriken an fè yon gwo frap sou sòlda Ris yo nan Donetsk: Yo di yo touye 200 sòlda Ris; Larisi di se 89
-Apre yon gwo viktwa nan tribinal Demokrat yo pibliye dokiman 6 lannen taks Donald Trump pou tout moun wè; Ki sa gran liy yo di? Konbyen msye ak madanm li te peye? Konbyen yo resevwa?
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Jan 03, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 3 janvye 2023
Tuesday Jan 03, 2023
Tuesday Jan 03, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Anons
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Menm lè li pa t janm vrèman kanpe Juan Guaido tonbe kòm chèf opozisyon an nan Venezyela
-Lula retounen opouvwa nan Brezil
-Chèf Meriken peyi US Virgin Island revoke avoka leta peyi sila a ki deside asiyen JP Morgan Chase pou konplisite li nan krim kadejakè pedofil Jeffrey Epstein
-Benjamin Netanyahu retounen opouvwa nan Israel ak yon gouvènman rasis epi sanginè ki sèmante pou l disparèt Palestinyen yo nètalkole
Liy ouvè ak oditè yo
Ti refleksyon sou sa Meriken yo rele "Doktrin Monroe" a ak sanksyon Meriken ak lòt gwo peyi yo deside mete sou peyi yo pa dakò ak politik yo

Monday Jan 02, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 2 janvye 2023
Monday Jan 02, 2023
Monday Jan 02, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ti koze ak Mèt Bano (Ernest Banatte) sou 2 janvye, "Jour des Aieux" (Jounen pou nou selebre zansèt) a
Liy ouvè ak oditè yo sou 2 janvye a
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA, Midi pou 3pm, jedi 12 janvye 2023 a, devan Fondasyon Clinton nan 1633 Broadway nan Manhattan
Ranmase sou selebrasyon 219yèm anivèsè endepandans Ayiti, Eritye Papa Desalin te òganize yè dimanch lan nan lokal Flanbwayan Haitian Literacy Project nan Brooklyn nan
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Dec 29, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 29 desanm 2022
Thursday Dec 29, 2022
Thursday Dec 29, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Anons:
-Selebrasyon Eritye Papa Desalin pou 219yèm anivèsè endepandans Ayiti 2pm, dimanch Premye janvye 2023 nan Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn, NY
-Manifestasyon KOMOKODA jedi 12 janvye 2023, midi pou 3è, pou make 13yèn anivèsè Goudougoudou 2010 la devan Fondasyon Clinton, 1633 Broadway nan Manhattan
Jodi a se dènye emisyon nou pou ane 2022 a:
Remèsiman, Remèsiman, Remèsiman
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

