Episodes

Thursday Feb 02, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 2 fevriye 2023
Thursday Feb 02, 2023
Thursday Feb 02, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Anons
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Segman imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Devlopman nan dosye envestigasyon Jovenel Moise la
-Malgre gwo pwoblèm gang ak ensekirite lakay li Jamayik anonse li pare pou l voye sòlda ak lapolis pou kanpe ak Ariel Henry
-Repibliken yo nan chanm depite Meriken an retire Depite Ilhan Omar nan pozisyon li nan Komite Afè Etranjè chanm nan
-Gouvènman Kiben an anonse kidnapè yo libere manm Brigad Medikal Kiben an Alejandro Aguillera ki fè 10 jou nan men kidnapè yo
-Peyi Lafrans voye yon kategori tank ki pote non Leclerc
-Madi 31 janvye a, popilasyon peyi Lafrans bay yon pi gwo manifestasyon pase 19 janvye a pou kwape nouvo plan retrèt gouvènman Macron an
-Yon lantèman medyatik tèt chat pwopagann Pati Demokrat la pou jèn Tyre Nicholls lapolis Memphis sasinen
-Lafrans ap voye tank "Leclerc" pou Ikrèn
-Ansyen prezidan Dominiken an Hyppolito Meija deklare Ayiti pa yon peyi, se yon jeng (jungle) li ye
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Feb 01, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi Premye fevriye 2023
Wednesday Feb 01, 2023
Wednesday Feb 01, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nan okazyon travèse Tann Bout (Madam Decimus Dorvil) nan Wanament nou pase entèvyou Wilner Altidor korespondan emisyon Lakou New York te fè ak fanm vanyan sila a
Nouvèl:
-Popilasyon peyi Pewou kanpe dan di anfas koudeta Meriken fè 7 desanm ki te rive kapote Prezidan Pedro Castillo
-FBI fouye lakay Joe Biden nan Rehoboth nan Delaware
-Donald Trump ouvè kanpay li nan New Hampshire ak South Carolina kote l denonse fason lapolis nan Memphis, TN sasinen Tyre Nichols
-7:11 maten an, yon tranblemanntè ki soti nan menm fay ki te lakòz Goudougoudou 12 janvye 2010 la frape Repiblik Dominikèn
Anons

Tuesday Jan 31, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 31 janvye 2023
Tuesday Jan 31, 2023
Tuesday Jan 31, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
-Rankont rekritman KOMOKODA: dimanch 5 fevriye, 4pm - 6pm @ Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd, Brooklyn, NY 11226
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Ti koze ak frè nou Frantz Andre, militan nan Montreal sou vwayaj li nan Florid pandan wikenn nan pou l t al renmèt madanm konpatriyòt Fritznel Richard sann kadav kò mari li
Ti koze ak frè nou Borgela Philistin ki nan koridò lanmò (deathrow) Pennsylvania sou jan li viv maspinay ak sasinay Tyre Nichols 30 lannen apre menm bagay la te manke rive li nan Philadelphia
Nouvèl:
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Yon semèn apre Etazini lage 2 pitit gason ansyen Prezidan Panama Ricardo Martinelli yo k te nan prizon lakay li, Sekretè Deta Meriken an Anthony Blinken anons sanksyon kont ansyen Prezidan an limenm
-Atik Associated Press ki pibliye tou nan Washington Post deklare gang fin pran kontwòl peyi d Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Jan 30, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 30 janvye 2023
Monday Jan 30, 2023
Monday Jan 30, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Yon bèl sèvis lantèman fèt samdi ayè a pou selebre lavi gran frè nou Jean Duval ki te fè travèse li 24 desanm 2022 nan laj 94 lannen
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Lapolis nan Memphis, TN sasinen Tyre Nichols, yon jèn gason nwa 29 lannen
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Gadkot Meriken bloke yon batiman kanntè ak 300 Ayisyen abò tou pre Mòlsennikola
-Kanada panko sezi yon grenn dola ak ti jwèt sanksyon li yo
-Yè dimanch lan, lapolis nan Fò Libète ak Okap te leve kanpe manifeste ansanm ak popilasyon an nan solidarite ak polis k ap tonbe anba bal nèg ak zam san yèrachi lapolis la pa leve yon ti dwèt pou ede yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Jan 26, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 26 janvye 2023
Thursday Jan 26, 2023
Thursday Jan 26, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Anons
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Beton Gonayiv, Senmak, Pòtoprens cho jodi a akoz sasinay plizyè polisye ki tonbe anba men gang san enstitisyon PNH la pa pote sekou
Segman imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen Liy ouvè ak oditè yo
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl
-Yon eskandal lavant fo diplòm enfimyè pete kote plis pase 25 moun Florid, Texas, New York, ak New Jersey jwenn arestasyon yo; Plizyè nan yo se Ayisyen
Anons

Wednesday Jan 25, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 25 janvye 2023
Wednesday Jan 25, 2023
Wednesday Jan 25, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Son manifestasyon kont Ariel Henry nan reyinyon CELAC la nan Ajantin
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl
-Yon batiman kanntè yo di k te gen apeprè 50 Ayisyen ladan l koule nan zòn The Bluff nan San Andros nan Bahamas
-Attorney General nan 20 eta Ozetazini Repibliken ap dirije al nan tribinal pou bloke pwogram 30,000 moun nan 4 peyi chak mwa Biden nan kòmkwa se yon bagay serye Joe Biden ap regle
-CARICOM, Madan Lalim, ak plizyè peyi nan Konsèy Sekirite LONI a ak Etazini alatèt yo bat gwo bravo wololoy pou akò 21 desanm Ariel Henry a
-Kèk bagay gouvènman Meriken ak bizawèl yo ta fè si se pou tout bon yo ta vle ede Venezyelyen, Kiben, Nikaragweyen, ak Ayisyen k ap kouri pou lamizè lakay yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Jan 24, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 24 janvye 2023
Tuesday Jan 24, 2023
Tuesday Jan 24, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Nouvèl:
-Plis pase 2 milyon moun nan peyi Lafrans manifeste kont plan gouvènman Macron an pwopoze pou ogmante laj ak ane travay anvan yo jwenn pansyon yo
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Gadkot Merkien bloke 400 refijye sou lanmè
-FMI anonse l ap voye 105 milyon bay Ariel
-Antonio Gutteres deklare wè pa wè fòk gen yon entèvansyon militè etranjè nan peyi nou
-Konsèy Sekirite LONI ap reyini jodi a sou dosye Ayiti a
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Jan 23, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 23 janvye 2023
Monday Jan 23, 2023
Monday Jan 23, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak militan Frantz Andre nan Montreal sou dosye frè nou Fritznel Richard ki mouri nan fredi sou fwontyè Kanada ak Etazini etan l t ap eseye
Nouvèl:
-Gouvènman kwoupyon Ayisyen an anonse depi bagay Biden nan yo resevwa anviwon 4,200 demann paspò chak jou epi demach yo antreprann pou yo ka pwodui plis paspò
-Rankont CELAC nan Ajantin; Mesaj manm nan kominote Ayisyen nan Ajantin nan pou denonse prezans Ariel Henry nan rankont CELAC la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Jan 19, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 19 janvye 2023
Thursday Jan 19, 2023
Thursday Jan 19, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou pawòl k ap pale pou peyi CARICOM yo ta fè yon "Plan Marshall" pou Ayiti
Dyalòg sou dosye imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen epi ak Frantz Andre nan Montreal
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Jan 18, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 18 janvye 2023
Wednesday Jan 18, 2023
Wednesday Jan 18, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-3 minis nan gouvènman peyi Ikrèn nan mouri nan yon elikoptè ki tonbe nan vil Brovery peyi Ikrèn
-Manifestasyon yo kontinye nan peyi Pewou pou egzije liberasyon Prezidan Pedro Castillo ki nan prizon jiskounyè a apre koudeta 7 desanm 2022 a epi yo mande pou msye tounen opouvwa
-Gwo manifestasyon nan peyi Izrayèl pou denonse mannèv Netanyahu pou retire tout dan nan djòl sistèm jistis peyi sila a
-Repons OXFAM ak rankont gran nèg gwo peyi yo ki gen pretansyon kòmande mond lan k ap fèt nan Davos nan peyi Lasuis
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

