Episodes

Tuesday Feb 21, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 21 fevriye 2023
Tuesday Feb 21, 2023
Tuesday Feb 21, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Nou jete dlo pou Vanyan Malcolm X; Jodi a fè 58 lannen depi asasen ki nan mare sosis ak leta Etazini te koupe souf li; Nou pase yon ti moso nan diskou Malcolm "The ballot or the bullet" ki te fèt 12 avril 1964 nan Detroit, MI
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kanada jedi 9 mas 2023, 3pm-6pm
Nouvèl:
-Vwayaj "sekrè" Joe Biden nan Kyèv; Egzamen medikal paske Preyidan Meriken an bay siy yon moun k ap rantre nan entatad
-Etan Siri ap jere tranblemanntè a Izrayèl l atake Damaskis, kapital peyi a
-Rapò reyinyon CARICOM ki fèt semèn pase nan Bahamas la; Justin Trudeau ap pase egare nan betiz
-Gadkot Meriken estope yon batiman kanntè 300 Ayisyen ki te nan wout pou Miyami
-Istwa lafanmi Patel, manman, papa ak 2 pitit ki mouri friz nan yon tanpèt nèj sou fwontyè Kanada ak Etazini
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Feb 20, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 20 fevriye 2023
Monday Feb 20, 2023
Monday Feb 20, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak sè nou Ana Maria Belique sou aktivite nou te òganize yè pou prezante liv li "La muñeca de Dieula/Poupe Dieula a" nan Brooklyn nan yè dimanch lan
Ti koze ak frè nou Paul Andre Garconet, alatèt Radio Chandèl nan Vèrèt nan Latibonit sou sitiyasyon depatman Latibonit la ak peyi a jodi a
Anons

Thursday Feb 16, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 16 fevriye 2023
Thursday Feb 16, 2023
Thursday Feb 16, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons: Prezantasyon liv Ana Maria Belique ki rele Poupe Dieula a, nan lokal Flanwayan an, 3116 Clarendon Rd nan Brooklyn nan, dimanch 19 fevriye 3pm-5pm
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Yon tren k t ap transpòte pwodui chimik danjere deraye epi pran dife nan East Palestine, Ohio
-Otorite nan peyi Kanada yo di majistra NY la Eric Adams pou l sispann voye refijye san papye yo nan wout raje a pou yo ka rantre nan Kanada
-Michaelle Jean deklare Ayiti se yon peyi k fè bèk atè epi l mande pou Kanada pran tèt yon fòs ame miltinasyonal pou al mete lòd nan dezòd
-Justin Trudeau anonse l apral voye yon batiman lagè pou l fè siveyans sou sitiyasyon Ayiti; Li kontinye mande garanti nan men tout sektè nan peyi a anvan pou Kanada ta avanse
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Feb 15, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 15 fevriye 2023
Wednesday Feb 15, 2023
Wednesday Feb 15, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons: Prezantasyon liv Ana Maria Belique ki rele Poupe Dieula a, nan lokal Flanwayan an, 3116 Clarendon Rd nan Brooklyn nan, dimanch 19 fevriye 3pm-5pm
Dyalòg ansanm ak frè nou Jafrikayiti sou kèk dosye:
-Pi gwo izin nan Pak Endistriyèl Karakòl la S&H Global anonse l ap fèmen
-Gouvènman Meriken an ap simen plis konfizyon nan dosye sasinay ti vòlè apatrid Jovenel Moise la: Mannigèt bouzen!
-Ti refleksyon sou 44yèm Rankont chèf peyi CARICOM yo
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Feb 14, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 14 fevriye 2023
Tuesday Feb 14, 2023
Tuesday Feb 14, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou prezantasyon liv "Poupe Dieula a" sè nou Ana Maria Belique ekri: Dimanch 19 fevriye 2023 @ Flanbwayan 3116 Clarendon Rd nan Brooklyn
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Gouvènman Meriken an anonse 4 nouvo arestasyon nan dosye sasinay ti vòlè apatrid Jovenel Moise la: Kamouflay sou kamouflay!
-Tribinal Abitrasyon pou Espò anile kondanasyon FIFA te fè kont ansyen prezidan Federasyon Foutbòl Ayisyen an Yves Jean Bart
-Apre atak sou 2 izin dwòn nan Iran, yon izin Meriken ki t ap fè dwòn pou Ikrèn nan Latvia pran dife: Kou pou kou, bondye ri!
-Elon Musk bloke aksè ak satelit entènèt Starlink yo pou dwòn Ikrèn k ap mennen atak sou teritwa Larisi
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Feb 13, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 13 fevriye 2023
Monday Feb 13, 2023
Monday Feb 13, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou salye kèk fanmi k ap selebre anivèsè nesans yo semèn sa a
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou fanmi konpatriyòt Mario Jeanty nan Radio Soleil epi Boss Felix Buissereth nan Radyo Pa Nou; Lantèman tou 2 fanmi sa yo fèt ayè samdi a
Anons
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Nou jete dlo pou fanmi nan Vèrèt yo apre atak Baz Gran Grif fè nan katye Doda mèkredi pase; Woukoukou pou konpatriyòt John Harshly (H-Legba Pitit Sòyèt) ki tonbe nan masak sila a
-Dènye nouvèl Goudougoudou ki frape Tiki ak Siri semèn pase a
-Justin Trudeau pral Bahamas pou patisipe nan 44yèm rankont alatèt peyi CARICOM yo
-Lula te nan Washington Vandredi a pou yon rankont ak Joe Biden; Li kontinye vann an gwo epi an detay
-Yon gwoup 114 Ayisyen ki te pran wout la sou lanmè ateri nan zòn Key Largo nan Miami
-Atik Associated Press sou komès k ap fèt nan kominote Kiben an pou fè moun rantre pou $10,000 nan pwogram Biden nan
-Eddy Alexandre nan EMINIFX plede koupab pou fwod $248 milyon nan yon pwojè Kripto kote l te pwomèt envestisè l yo 5% enterè chak semèn
Ti koze ak sè nou Ana Maria Belique sou liv li "Poupe Dieula a" l ap vin prezante dimanch nan lokal Flanbwayan an
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Feb 09, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 9 fevriye 2023
Thursday Feb 09, 2023
Thursday Feb 09, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Jodi a se fèt frè nou Vilcere Romulus, manm KOMOKODA; N ap swete fanmi an Sante, Sante, Sante!
Segman imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Ti koze ak avoka Marcel Denis sou deklarasyon Michel Martelly ak Jocelerme Privert nan dosye Dola Senkant ak 5 Santim chak Minit la
Nouvèl:
-Gouvènman Meksiken an anonse yo jwenn yon kamyon k chavire nan yon rivyè ak omwen 14 kadav migran ladan l
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Wednesday Feb 08, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 8 fevriye 2023
Wednesday Feb 08, 2023
Wednesday Feb 08, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Anons: Prezantasyon liv Ana Maria Belique ki rele Poupe Dieula a, nan lokal Flanwayan an, 3116 Clarendon Rd nan Brooklyn nan, dimanch 19 fevriye 3pm-5pm
Nouvèl:
-Avyon militè CP-140 Kanada te voye al fè espyonaj sou gang nan peyi D Ayiti a retounen lakay li apre 2 jou
-Jounalis Meriken Seymour Hersh lage yon kokenn atik boum peta byen detaye maten an ki di se gouvènman Biden nan ki eklate liy gaz Nord Stream 1 ak Nord Stream 2 Larisi anba lanmè yo nan mwa septan nan jan yo te pwomèt yo te pral fè sa si Larisi te anvayi Ikrèn
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nouvèl:
-Moun ki mouri nan tranblenmanntè ki te frape Siri ak Tiki lendi a depase 11,000 moun; Nou ankouraje oditè nou poute lamen fòt jan yo kapab epi lage chen dèyè Lakwa Wouj ak Bill Clinton si nou ta kwaze ak yo nan chimen nou
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Feb 07, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 7 fevriye 2023
Tuesday Feb 07, 2023
Tuesday Feb 07, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Refleksyon nou sou 7 fevriye 1986 ak 7 fevriye 1991
Liy ouvè ak oditè yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Monday Feb 06, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 6 fevriye 2023
Monday Feb 06, 2023
Monday Feb 06, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Anons sèvis lantèman konpatriyòt Mario Jeanty ki fè plizyè lannen responsab tab kontwòl Radio Soleil d'HaitiNou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nouvèl:
-Nasyonzini anonse yo jwenn kadav 7 ayisyen ki te nan wout pou Etazini nan fredi sou tèt mòn ant Bolivi ak Pewou
-Gwo kanpay pwopagann lènmi Ayiti yo pou konvenk Ayisyen ak rès mond lan okenn Ayisyen pa vle rete viv nan peyi a epi twaka nan Ayisyen anndan peyi a dakò pou fòs militè etranje debake pou konbat gang
-Pamela White fè je l chèch pou l ap bat djòl li sou sitiyasyon Ayiti a kòmkwa li pa t jwe wòl li pou mennen peyi a nan lanfè li ye la jodi a
-Komedi "spy baloon" nan
-Gwo tranblemanntè frape peyi Lasiri ak Latiki; Plizyè milye moun pèdi lavi yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

