Episodes

Thursday Mar 09, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 9 mas 2023
Thursday Mar 09, 2023
Thursday Mar 09, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Emisyon espesyal Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kanada jodi a 3pm-6pm
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Pi gwo jeneral lame Kanada Wayne Eyre bay ajans Reuters yon entèvyou kote l admèt lame Kanadyen an pa gen kapasite pou l ta dirije entèvansyon militè ann Ayiti jodi a
-Jounal Haitian Times di gen moun k ap fè lajan nan fè Ayisyen konprann jounal sila a ka fè yo jwenn esponsè nan pwogram Biden nan
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kanada jodi a 3pm-6pm

Wednesday Mar 08, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 8 mas 2023
Wednesday Mar 08, 2023
Wednesday Mar 08, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kanada demen jedi 9 mas 2023, 3pm-6pm
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ti koze ak sè nou Sharma Aurelien ki se manm òganizasyon SOFA (Solidarite Fanm Ayisyen) ki nan zòn nan ak nou pandan detwa jou sou 8 mas la ki se Jounen Entènasyonal Lit Fanm

Tuesday Mar 07, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 7 mas 2023
Tuesday Mar 07, 2023
Tuesday Mar 07, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kanada jedi 9 mas 2023, 3pm-6pm
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Gwo manifestasyon ap bwase jodi a nan peyi Lafrans pou bloke mannèv gouvènman Macron an pou yo ogmante laj pou moun k ap travay pran retrèt yo
-Jounal NY Times pibliye yon rapò pou di jounalis Seymour Hersh te fè erè nan envestigasyon li ki te lonje dwèt sou gouvènman Meriken an ki ta eklate liy gaz Larisi ki te pote gaz bay Lewòp; Yo di se ta yon gwoup Ikrenyen ame ki pa ta gen okenn koneksyon ak gouvènman Zelensky a ki ta fè zak la
-6 sòlda Pewouvyen mouri nan yon rivyè nan yon zòn kote Prezidan Pedro Castillo popilè anpil
-Nouvo videyo ki te fèt anndan bilding "Capitol" Meriken an 6 janvye 2021 an soti epi montre kolaborasyon polisye ki t ap travay anndan an ak manifestan Repibliken yo
-Akoz vòl anndan magazen ki ogmante, otorite Lavil NY mande mèt magazen pou anpeche moun rantre nan boutik yo ak mask nan figi yo
-Hans Joseph Ludwig, ti komik Jovenel Moise te mete alatèt ULLC pou netwaye dosye li a finalman pran pòz l ap mete lòd dezòd, kòmkwa se kounyè a l ap lage chen dèyè vòlè nan leta
-Nouvo Minis Afè Etranjè Lachin nan Qin Gang di Etazini demay sou chenn li
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kanada jedi 9 mas 2023, 3pm-6pm ansanm ak frè nou Fritzner Pierre
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Mar 06, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 6 mas 2023
Monday Mar 06, 2023
Monday Mar 06, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kanada jedi 9 mas 2023, 3pm-6pm
Nou pase son manifestasyon Solidarite Quebec-Haiti te fè mèkredi Premye mas 2023 pou make 19 lannen depi koudeta-kidnapin 29 fevriye 2004 la epi pou denonse wòl peyi Kanada nan jenosid Ayiti ap viv jodi a
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti epi ak frè nou Fritzner Pierre sou malfezans Kanada kont Ayiti epi sou enpòtans pou kominote a vin patisipe nan manifestasyon KOMOKODA jedi k ap vini an
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Gouvènman Biden nan mete nou chif deyò sou kantite Ayisyen ki ta apwouve nan pwogram yo fè pou pèmèt Ayisyen rantre Ozetazini
-Responsab CARICOM yo rankontre yè pou evalye rapò Premye Minis Jamayik la Andrew Holness fè sou delegasyon k t al Ayiti lendi pase
-Yves Jean Bart anonse l ap reprann pozisyon li alatèt Federasyon Foutbòl Ayisyen an
-Tribinal nan peyi Ekwatè akize ansyen prezidan peyi sa a Lenin Moreno kòm yon otorite pami 36 lezòt ki ta pran 76 milyon dola vèt anba tab pou fasilite konstriksyon yon plant idro-elektrik Lachin ta va bati
-Antant avoka lavil NY ak avoka plis pase 300 manifestan Black lives matter NYPD te arete apre sasinay George Floyd nan Mineapolis
-Biwo Nasyonzini sou krim ak dwòg pibliye yon rapò 47 paj sou zam dènye modèl k ap rantre Ayiti
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Thursday Mar 02, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 2 mas 2023
Thursday Mar 02, 2023
Thursday Mar 02, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou salye fanmi frè nou Alex Delone ki mouri nan yon sitiyasyon trajik nan koumansman mwa fevriye a; Lantèman fanmi an fèt wikenn ki sot pase a
Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nou pase son videyo dokimantè "Chache Konn Dwa w" Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen pibliye pou mete zouti nan men fanmi nou yo ki te rantre isit Etazini san papye epi yo gen pou pou parèt devan ICE ak jij imigrasyon
Nouvèl:
-Sekretè Jeneral Nasyonzini Antonio Gutteres anonse Ekwadoryèn Maria Isabel Salvador kòm ranplasan Madan Lalim
-Majistra Chicago a Lori Lightfoot soti nan twazyèm plas nan eleksyon primè pou l ta re-eli
-Sir Ronald Sanders demisyone nan komisyon OEA ki ta dwe ap travay sou dosye Ayiti a
-Time magazin pibliye yon atik ki konfime wòl CIA te jwe nan arestasyon Nelson Mandela nan 1962 kote l te rive pase 27 lannen nan prizon
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons

Wednesday Mar 01, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi Premye mas 2023
Wednesday Mar 01, 2023
Wednesday Mar 01, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Yon lòt aksidan otobis chaje ak migran fè aksidan nan zòn Darien nan Panama
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Entèvyou Associated Press ak Michele Montas kote l mande pou Ayisyen fè pati solisyon "entènasyonal la" ap pwopoze pou Ayiti yo
-Gwo aksidan tre nan peyi Lagrès kote pou pi pitit 26 moun mouri
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Liy ouvè ak oditè yo
Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
Anons

Tuesday Feb 28, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 28 fevriye 2023
Tuesday Feb 28, 2023
Tuesday Feb 28, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Nouvèl
Bèf chenn - Koralen
Twa pa - Koralen
Liy ouvè ak oditè yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kanada jedi 9 mas 2023, 3pm-6pm

Monday Feb 27, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 27 fevriye 2023
Monday Feb 27, 2023
Monday Feb 27, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Yon delegasyon CARICOM rantre Ayiti pou yon jounen dyalòg ak "stake holder" yo
Yon bèf tonbe! Gerard Latortue mouri maten an
Pale ak Èzili Dantò sou Latortue
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Otorite Meriken yo ap fè estera paske yo di yo sispèk Lachin pral vann Larisi zam
-Plizyè lejislatè Repibliken denonse valè lajan Gouvènman Biden nan ap voye ba Ikrèn
-Lachin pibliye yon rapò pou di li granmoun lakay li epi nan tout aksyon li; Li pwopoze yon chemen pou dyalòg ant Larisi ak Ikrèn
-Ti diplis sou delagasyon CARICOM ki ann Ayiti jodi a; Nou pataje kalandriye rankont k ap sikile nan nèt la
-Menm lè 141 sou 193 peyi nan Nasyonzini vote ansanm ak Meriken pou denonse envazyon Larisi nan Ikrèn, ti rès peyi ki vote kont oswa fè abstansyon konstitiye majorite moun k ap viv sou tè a
Liy ouvè ak oditè yo sou malpouwont Gerard Latortue ki mouri
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kanada jedi 9 mas 2023, 3pm-6pm
Nouvèl
Anons

Thursday Feb 23, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 23 fevriye 2023
Thursday Feb 23, 2023
Thursday Feb 23, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kanada jedi 9 mas 2023, 3pm-6pm
Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nouvèl:
-Ti diplis ki soti sou 18 cha blende jeep amelyore Kanada vann Ayiti yo
-Nou ankouraje fanmi k kapab pou al bay kout men pou ede tradui Angle-Kreyòl pou fanmi nou yo k ap ranpli fòmilè pou renouvle TPS yo anvan delè 27 mas la
-Kandida Donald Trump al vizite East Palestine, OH apre dife nan tren k t ap transpòte pwodui chimik yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Feb 22, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 22 fevriye 2023
Wednesday Feb 22, 2023
Wednesday Feb 22, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kanada jedi 9 mas 2023, 3pm-6pm
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou li atik Pwofesè Jean Casimir ki pibliye nan Ayibopost jodi a: "Nenpòt nan nou ka pase alenfinitif, nenpòt ki lè"
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl
-Lawsuit $100M fanmi Malcolm X kont NYPD, lavil, NY, eta NY, Federal la, FBI ak CIA pou wòl yo nan sasinay Malcolm
-Diskou Vladimir Putin lage yè madi a
-Granpa Joe Biden tonbe ankò maten an etan l ap monte eskalye yon avyon nan Polòy
-Drapo Lafrans desann ofisyèlman nan Burkina Faso dimanch lan
-Majistra vil East Palestine, OH denonse Biden k al pwomèt lajan pou Ikrèn pandan Federal la panko di yo anyen
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

