Episodes

Thursday Apr 13, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 13 avril 2023
Thursday Apr 13, 2023
Thursday Apr 13, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nouvèl:
-Diplis sou dokiman sekrè Pentagon ki pran lari yo; NYT anonse moun ki mete koze yo deyò se ta Jack Teixeira, yon jèn 21 lannen ki nan Massachussetts National Guard
-Yè Mèkredi a Komisyon Dwa Moun nan Nasyonzini chwazi yon Ameriken k rele William O'Neil kòm ekspè pou jere dosye peyi d Ayiti a
-Ariel Henry ap travay pou l drese yon Konsèy Elektoral Provizwa pou yon lòt eleksyon pike kole
-Baz Gran Grif ta atake epi mete dife nan komisarya Tit Rivyè Latibonit
-Yon fyèv kontajye Ameriken yo rele "Newcastle disease" ap ravaje poul peyi nan plizyè zòn nan peyi nou
-Gwo lese frape legal ant Alvin Bragg, avoka leta Manhattan ki fè arete Donald Trump ak Komisyon Jidisyè Chanm Depite Meriken an nan Washington
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Apr 12, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 12 avril 2023
Wednesday Apr 12, 2023
Wednesday Apr 12, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Emisyon espesyal konbit Eritye Papa Desalin pou radyoton Radio Omega SCA
Anons

Tuesday Apr 11, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 11 avril 2023
Tuesday Apr 11, 2023
Tuesday Apr 11, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Ti koze ak Darnell Benoit, responsab nan Flanbwayan Haitian Literacy Project sou pwogram SYEP la ki bay djòb pandan ete a pou jèn 14 rive 24 lannen nan vil NY la
Nouvèl:
-Eta Kalifòni tanmen yon pwogram pou ede moun ak fanmi ki fè jiska $211 mil pou yo achte kay nan eta sila a
-Apre vizit li nan Lachin Macron kontinye ap pran ti distans li ak politik epi dola Meriken an
-Ti diplis sou dokiman sekrè Pentagon Meriken ki ta gaye nan lari a
-Rapò ki soti pou di depi lagè nan Ikrèn nan ap bwase ane pase a ta genyen plis pase 8 milyon Ikrenyen ki ta kite peyi yo epi anviwon 2.8 milyon nan yo ta al viv Larisi
-Prezidan Brezil Lula rantre nan Lachin jodi a pou yon vizit 4 jou epi yo antisipe siyen gwo kontra komès k apral fèt nan yuan ak reyal ki se lajan 2 peyi sila yo
-Yon lòt fwa ankò, konpayi Kanadyen INKAS anonse plis reta pou li voye 9 rès cha blende Ayiti te achte epi peye pou yo a nan peyi a
-Envestigatè Lasyèd yo anonse fòk se ta yon peyi, yon gwo peyi ak gwo mwayen ki ta mennen operasyon bonbadman liy gas Nord Stream yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Apr 10, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 10 avril 2023
Monday Apr 10, 2023
Monday Apr 10, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou jete dlo pou Jeneral Tousen Louvèti; Blan ki touye l yo di nou se yon 7 avril nan lannen 1803 li tè mouri
Refleksyon nou sou lèt toulouvri aktè Jimmy Jean Louis voye bay Emmanuel Macron nan okazyon 220yèm anivèsè sasinay Tousen Louvèti a
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Lachin ansèkle Taiwan ak bato ak avyon lagè pou l eksprime li pa p aksepte enjerans Etazini nan teritwa sila a li konsidere kòm pwovens li
-Apre vizit li nan peyi Lachin Macron anonse Lewòp pa dwe mete tout espwa li nan dola a kòm lajan pou l regle tout zafè l
-Larisi deside adrese dosye gwo peyi yo k ap gaye zam atravè mond la nan Konsèy Sekirite LONI an jodi a
-Gwo bri nan lari a sou yon dividal dokiman sekrè Meriken ki ta tonbe nan men Larisi epi gaye nan entènèt la; Pami yo ta gen dokiman ki di gwoup mèsenè Larisi Wagner ta va ap fonksyone ann Ayiti
-Peyi Bikina Faso fèmen medya France24 lakay li apre yo pibliye yon entèvyou ak alatèt al-Qaeda nan peyi sila a
Liy ouvè ak oditè yo
Gouvènman Meriken an anonse sanksyon kont tchoul restavèk yo Gary Bodeau
Anons

Thursday Apr 06, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 6 avril 2023
Thursday Apr 06, 2023
Thursday Apr 06, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nouvèl:
-Samdi Premye avril la Larisi monte alatèt Konsèy Sekirite Nasyonzini an pou l dirije l pandan yon mwa
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Divèsyon Benjamin Netanyahu pou l wete chalè a sou do li: sasinay 2 gwo manm Gad Revolisyonè Iranyen an nan Siri epi atak sou moske Al-Aksa nan Jerizalèm
-Reprezantan Iran ak reprezantan Arabi Saoudit fè yon rankont istorik jodi a nan Bejing kote yo siyen papye pou renouvle relasyon diplomatik nòmal ant 2 peyi yo
Liy ouvè ak oditè yo
Gwo manifestasyon nan peyi Lafrans pou kapote gouvènman Macron an
Anons

Wednesday Apr 05, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 5 avril 2023
Wednesday Apr 05, 2023
Wednesday Apr 05, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Emisyon espesyal sou plan 10 lannen gouvènman Biden nan anonse pou Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Apr 04, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 4 avril 2023
Tuesday Apr 04, 2023
Tuesday Apr 04, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
Ki sa k zam ipèsonik la? Pou ki sa li bay Larisi yon gwo avantaj sou teren militè a?
Nou jete dlo pou Vanyan Martin Luther King, Jr., jodi 4 avril 2023 a fè 55 lannen depi asasen koupe souf li 4 avril 1968
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Apr 03, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 3 avril 2023
Monday Apr 03, 2023
Monday Apr 03, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou jete dlo pou jounalis Vanyan Jean Dominique ak gadyen radyo Haiti Inter Jean Claude Louissaint, jodi a fè 23 lannen depi asasen te koupe souf yo
-Nou pase vwa Jean Dominique ki t ap pale sou dosye etanòl nan kleren an nan Leyogàn
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak frè nou Frantz Andre sou nouvo reyalite pou refijye ki parèt pou rantre Kanada nan yon pwen fwontyè ki pa ofisyèl; Rankont "Asanble Popilè" yo; epi manifestasyon yon gwoup Ayisyen nan Kanada te fè yè pou mande Kanada anvayi peyi nou
Nouvèl:
-Komisyon Nasyonzini pou Dwa Moun ap reyini jodi a ak demen epi y ap gen pou fè yon vòt sou dosye Ayiti a
-Donald Trump vin premye prezidan Meriken ki enkilpe pou yon krim; L ap gen pou parèt devan jij nan Manhattan demen madi a
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Thursday Mar 30, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 30 mas 2023
Thursday Mar 30, 2023
Thursday Mar 30, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ranmase sou manifestasyon KOMOKODA fè yè anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI nan okazyon 36yèm anivèsè Konstitisyon 1987 la
-Son manifestasyon an
-Liy ouvè ak oditè yo
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Apre 3 mwa Ozetazini ansyen prezidan peyi Brezil Jair Bolsonaro tounen lakay li
-2 elikoptè Meriken yo rele Blackhawk yo tonbe etan yo t ap fè antrennman nan Kentucky, 9 sòlda mouri
-Li parèt ta gen yon akò ant Lachin ak Arabi Saoudit pou yo ta vann lachin luil epi pou yo ta touche an yuan olye se ta dola; Yon pil ak yon pakèt peyi aliyen pou yo ta rantre nan fanmi BRICS la
-Nouvo desizyon Tribinal Abitrasyon Espò sou dosye Dadou Jean Bart ak alye l yo ki kore desizyon FIFA pou bani yo nan foutbòl ann Ayiti
-Yon gwoup òganizasyon Karibeyen pote yon lèt nan Anbasad Meriken, Kanada, ak Lafrans nan Trinidad pou denonse enjerans yo nan politik Ayiti pou denonse tout fòm entèvasyon militè nan peyi d Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Mar 29, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 29 mas 2023
Wednesday Mar 29, 2023
Wednesday Mar 29, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA mèkredi 29 mas 2023, 3pm-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Emisyon espesyal sou 29 mas la, 36yèm anivèsè Konstitisyon 1987 la
Ti koze ak gran frè nou Lelio Sanon sou Konstitisyon an
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA mèkredi 29 mas 2023, 3pm-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Liy ouvè ak oditè yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

