Episodes

Tuesday May 02, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 2 me 2023
Tuesday May 02, 2023
Tuesday May 02, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl
-Yon lòt bank Meriken ki rele First Republic Bank bwè luil epi Federal la ede J.P. Morgan achte li pou wè si yo ta anpeche trip kabrit la pete
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Peyi Iran sezi yon batiman luil Chevron ki t ap soti Kuwait pou l ale Houston
-Homeland Security Meriken anonse gen anviwon 18,000 Ayisyen ki gen tan rantre Ozetazini nan pwogram Biden nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday May 01, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi Premye me 2023
Monday May 01, 2023
Monday May 01, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Rapò ak son manifestasyon kont Hillary Clinton samdi 29 avril devan Columbia U.
Rapò "Town Miting" KOMOKODA dimanch 30 avril 2023 sou sitiyasyon peyi nou
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Refleksyon nou sou Premye me a, Jounen Agrikilti ak Travay, ki fete lakay nou
Liy ouvè ak oditè yo
Nou pase yon pati nan entèvyou Michelle Montas nan Radio Haiti Inter te fè ak Agwonòm François Severin 16 out 2002 sou liv li "Plant ak Pye Bwa Tè D Ayiti" ki te fèk parèt
Ti koze ak frè nou Jacob Pierre-Louis nan jaden li nan Benè nan Sidès peyi a
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Apr 27, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 27 avril 2023
Thursday Apr 27, 2023
Thursday Apr 27, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué, responsab nan òganizasyon UNIA, ki aktyèlman nan peyi Kenya
Nouvèl:
-Tribinal federal Meriken kondane Praswell Michel dèske l ta pran lajan nan men yon etranje pou chache enfliyanse politik peyi Etazini
-Gouvènman koudeta Pewou a ki osèvis Etazini bloke fwontyè li pou refije pa pase pou yo rive Meksik; Pi fò nan refijye sa yo se Venezyelyen ak Ayisyen
-Gouvènman Federal Meriken an pote chaj fòmèl kont Chairman Omali Yeshitela responsab nan African People's Socialist Party ak plizyè lòt militan Meriken ak moun Larisi
-Rapò reyinyon Konsèy Sekirite LONI sou Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Apr 26, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 26 avril 2023
Wednesday Apr 26, 2023
Wednesday Apr 26, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
-Eleksyon Prezidan Kiba a Miguel Diaz Canel pou yon dezyèm manda 5 lannen
Nouvèl
-Rankont Konsèy Sekirite LONI sou dosye Ayiti a ap fèt jodi a
-Editoryal Miami Herald sou dosye Ayiti a ki di pa gen tan ankò; fòk Nasyonzini mete sòlda li sou teren an imedyatman
-Jij federal Meriken Jose Martinez ki chita sou dosye sasinay Jovenel Moise la nan Miami mande avoka leta yo pou chikin kò yo, sispann trennen ak dosye a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Apr 25, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 25 avril 2023
Tuesday Apr 25, 2023
Tuesday Apr 25, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou jete dlo pou Vanyan Harry Belafonte ki fè travèse li jodi a nan laj 96 lannen
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl
-Joe Biden anonse l ap kandida pou yon lòt manda kòm prezidan peyi li
-Minis Afè Etranjè Larisi a Sergei Lavrov nan Nasyonzini pou jere reyinyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an apre l fin fè yon virewown nan Amerik Latin nan
-Diplis sou Ayisyen nan zòn Kanape Vè yo ki pran kontwòl yon gwoup 13 asasen nan men lapolis ak lachass k ap fèt sou "gang" yo atravè peyi a
-Jijman federal k ap fèt nan Washington kont ansyen manm gwoup mizik "Fugees" Praswell Michel ki ta pran 100 milyon dola vèt nan men yon milyadè ki soti peyi Malezi ki t ap chache enfliyanse politik Etazini
Ti koze ak Carl Dix ki se pòtpawòl Pati Kominis Revolisyonè sou aktivite y ap òganize nan divès vil Ozetazini nan okazyon Premye me a
Plis nouvèl
-Nouvo chèf BINUH an Maria Isabel Salvador siyen yon kontra 100 milyon dola vèt ak Ricard Pierre ki se Minis Koperasyon Ekstèn gouvènman kwoupyon Ariel Henry a
-Minis Afè Etranjè peyi Kenya Alfred Mutua anonse Minis Afè Etranjè Melanie Jolie rive konvenk li pou Kenya voye polis al batay kont gang nan peyi d Ayiti
-Ti komik Claude Joseph mande pou Ariel Henry mete sanksyon sou 53 chèf ak bizisman Dominiken
-Finalman peyi Tajikistann achte avyon prezidansyèl peyi Meksik la pou 92 milyon dola
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Apr 24, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 24 avril 2023
Monday Apr 24, 2023
Monday Apr 24, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ayibobo pou pèp Ayisyen an ki pran kontwòl yon gwoup 13 asasen k te nan men lapolis nan zòn Kanapevè epi fè yon fen ak yo
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou pase diskou Pè Aristide te fè nan legliz Sent Terèz Davila 6 me 1990 sou evènman istorik 20 avril 1990 la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Apr 20, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 20 avril 2023
Thursday Apr 20, 2023
Thursday Apr 20, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Ti bout segman sou gwo jou istorik 20 avril 1990
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Apr 19, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 19 avril 2023
Wednesday Apr 19, 2023
Wednesday Apr 19, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl
-Gouvènman koudeta nan Peru a deside privatize lityòm; Pèp la kenbe beton an pi rèd
-Dosye arestasyon jounalis Meriken Evan Gershkovich nan Larisi pou espyonaj
-patisipasyon ansyen Premye Minis Jovenel Moise Jean Michel Lapin nan 11yèm semèn dyaspora Fondasyon Zile Edwin Paraison òganize nan Repiblik Dominikèn; Ou pa ta di se pou tout bon?
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Apr 18, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 18 avril 2023
Tuesday Apr 18, 2023
Tuesday Apr 18, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi 18 avril la se dat limit pou moun Ozetazini peye enpo (Income Tax) bay leta
Nouvèl:
-Pil koze k ap pale nan isit Ozetazini sou kantite kòb "IRS" kolekte sou sou administrasyon Joe Biden nan ki pi plis pase kòb yo te ranmase sou Donald Trump epi lajan yo voye tounen (refund) bay kontribiyab yo ki mwens
-Gwo kriz nan nivo mache kay biznis (commercial real estate) k ap fè fayit depi kovid la
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Desizyon Jij Timothy Kelly nan dosye 6 janvye a
-Leve kanpe plizyè ekriven nan peyi a apre desizyon jounal Nouvelliste pou onore Prosper Avril nan aktivite Livres en Folie k ap fèt ane a
-Konsèy Konstitisyonèl peyi Lafrans ratifye dekrè Emmanuel Macron sou dosye laj pansyon an malgre gen plizyè fòs nan peyi a ki mande pou te gen yon referandòm sou sa
-Ranplasan Helen La Lime nan Maria Isabel Salvador rantre nan peyi a dimanch epi li rankontre Ariel Henry yè lendi a; Li bat bravo pou jan Ariel lanse zafè eleksyon an
Refleksyon nou sou mannèv Dr. Jean Fils-Aimé nan emisyon "Lumiere sur le monde" k ap fè avoka laprezidans konseye gouvènman kwoupyon Ariel Henry a Sonet Saint Louis pase pou yon moun kredib
Atik jounal Miami Herald jodi a sou pri tikè Pòtoprens Miami ki monte nan pri tèt chaje
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Apr 17, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 17 avril 2023
Monday Apr 17, 2023
Monday Apr 17, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou bouje bouje nou wè ki genyen jodi a nan kominote a parapò ak reyalite Ayiti a
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Gwo represyon sou peyizan nan Pyat yo: Plis pase 40 kay boule epi sasinay avoka Andre Charleus
-Diplis sou dosye dokiman sekrè Pentagon ki pran lari yo; Arestasyon Jack Teixeira; deklarasyon Marjorie Taylor Greene
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-FIFA fè yon vizit chanpwèl ak trofe chanpyona Koup dimond medam yo
-Gouvènman Dominiken an mete entèdi sou 39 lòt politisyen ak bizismann Ayisyen
-Anpil kritik sou akò Gouvènman Meriken an siyen ak Panama ak Kolonbi pou anpeche refijye yo travèse Darien Gap la
-Gwo dife nan Fakilte Agwonomi Damyen
-Nasyonzini di l ap chache 720 milyon dola pou l bay 3.2 milyon nan 4.9 milyon Ayisyen yo di k ap mouri grangou yo manje
-Fondasyon Zile ak Konsila Ayiti nan Santiago nan Repiblik Dominikèn lanse 11yèm edisyon Semèn Dyaspora a
Liy ouvè ak oditè yo

