Episodes

Thursday May 18, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 18 me 2023
Thursday May 18, 2023
Thursday May 18, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou nan kad dènye emisyon an anvan dat 20 me 2023 ki pral make 218yèm anivèsè Konstitisyon Enperyal 1805 la
Ti koze ak sè nou Èzili Dantò pou refleksyon li sou Konstitisyon Enperyal 1805 la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday May 17, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 17 me 2023
Wednesday May 17, 2023
Wednesday May 17, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Son manifestasyon KOMOKODA devan Columbia University pou pwoteste kont prezans Hillary Clinton kòm pwofesè nan lekòl sa a
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
-Ti koze sou sa sa vle di lè Etazini mete yon peyi sou lis peyi k ap sipòte teworis
Son manifestasyon KOMOKODA devan Columbia University pou pwoteste kont prezans Hillary Clinton kòm pwofesè nan lekòl sa a; Nou pale ak kèk nan moun yo ki nan manifestasyon an
Liy ouvè ak oditè yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Tuesday May 16, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 16 me 2023
Tuesday May 16, 2023
Tuesday May 16, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA mèkredi 17 me, 10am devan Columbia University pou pwoteste kont prezans Hillary Clinton kòm pwofesè nan lekòl sa a
Refleksyon nou sou rapò envestigasyon "Special Counsel" John Durham sou relasyon Donald Trump ak Larisi pandan eleksyon 2016 la epi pandan prezidans Donald Trump lan ki pibliye yè lendi a
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA mèkredi 17 me, 10am devan Columbia University pou pwoteste kont prezans Hillary Clinton kòm pwofesè nan lekòl sa a
Liy ouvè ak oditè yo

Monday May 15, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 15 me 2023
Monday May 15, 2023
Monday May 15, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou salye frè nou Joe Rebecca, ansyen etidyan Stony Brook epi manm Klib Ayisyen Stony Brook menm epòk nou te nan lekòl sila a ki te selebre 60yèm anivèsè nesans li samdi swa
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA mèkredi 17 me, 10am devan Columbia University pou pwoteste kont prezans Hillary Clinton kòm pwofesè nan lekòl sa a
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Larisi selebre jou viktwa sou Lalmay nan sa yo rele 2yèm lagè mondyal la
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Afrik Disid denonse lagè pwopagann Etazini ak bizawèl li yo
-Minis Jistis Etazini Merrick Garland anonse l ap kòmanse voye lajan Larisi ak Sitwayen Ris Etazini sezi bay Ikrèn pou yon fè travay rebati peyi sa a
-Bagay la toujou konplike pou ti bank yo Ozetazini #8
-Yon jij federal nan Florid bloke politik rejim Biden nan pou lage refijye k ap rantre sou fwontyè Sid la apre Title 42 a san randevou tribinal #9
-Rezilta eleksyon ki fèt nan Tiki yè dimanch la yo; Prezidan aktyèl la Recep Tayyip Erdongan ak kandida ki soti annapre li nan eleksyon an, Kemal Killiçdaroglu prale nan 2yèm tou 28 me k ap vini an
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday May 11, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 11 me 2023
Thursday May 11, 2023
Thursday May 11, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA mèkredi 17 me, 10am devan Columbia University pou pwoteste kont prezans Hillary Clinton kòm pwofesè nan lekòl sa a
Yè nou te pale ak Hilario sou selebrasyon k te fèt nan Kiba pou make anivèsè nesans revolisyonè Celia Sanchez 9 me 1920; Jou 9 me 1800 se te fèt revolisyonè Meriken John Brown ki te pran zam kont blan parèy li pou kwape lesklavaj
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Ranmase sou dosye nou te bay pandan semèn nan
Nouvèl:
-Vyolans "gang" kontinye nan zòn Laboul, Tomasen, Kenskòf
-Sylvie Bajeux ki te fè anpil lannen ap travay ak mari li Jean Claude Bajeux nan Sant Ekimenik Dwa Moun fè travèse li
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday May 10, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 10 me 2023
Wednesday May 10, 2023
Wednesday May 10, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA mèkredi 17 me, 10am devan Columbia University pou pwoteste kont prezans Hillary Clinton kòm pwofesè nan lekòl sa a
Tribinal Sivil nan NY kondane Donald Trump pou abi seksyèl sou E. Jean Caroll; Msye ta gen pou l peye manzè 5 milyon dola
Yon gwoup depite Repibliken bay yon konferans pou laprès nan Washington kote yo mete dokiman deyò sou koripsyon fanmi Joe Biden
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
-Ayibobo pou Celia Sanchez
Nouvèl:
-LOTAN anonse li mete tout pilòt li yo sou pinga yo apre yon ensidan Vandredi pase kote pilòt lame Ris bay pilòt Polonè gwo kè sote nan zòn Lamè Nwa
-Manman konpayi Digicel ki rele Unigestion Holding gen gwo pwoblèm pou l peye dèt li; Digicel di se akòz kriz nan peyi d Ayiti li pa rive rantre valè lajan l te konprann li te pral rantre
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday May 09, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 9 me 2023
Tuesday May 09, 2023
Tuesday May 09, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA mèkredi 17 me, 10am devan Columbia University pou pwoteste kont prezans Hillary Clinton kòm pwofesè nan lekòl sa a
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl
-Òganizasyon ECCREDHH nan peyi D Ayiti pibliye yon kominike kote yo di pou tout peyi a gonfle ansanm pou kapote gouvènman restavèk Ariel Henry a
-Mezon Blanch Meriken deside bloke jounal New York Post nan tout aktivite piblik Joe Biden akoz kesyon piman bouk y ap plede poze sou koripsyon pitit Biden, Hunter, ki rive jwenn Joe limenm
-Depite Repibliken James Comer bay depatman lajistis Meriken iltimatòm pou di si yo pa enkilpe Hunter Biden anvan demen mèkredi a l ap mete tout kaka chat ki nan men l deyò
-Robert F. Kennedy Jr, ki kandida alaprezidans Etazini pou 2024 la sètifye se pou kache wòl CIA nan sasinay Prezidan Kennedy ki fè jis kounyè a dokiman sekrè sou sasinay la panko ka pran lari menm lè delè legal rive pou enfòmasyon sa yo ta soti
Refleksyon nou sou rapò palman Kanadyen an sou sitiyasyon peyi nou an epi ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou dokiman sila a ak wòl Kanada nan destabilize Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday May 08, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 8 me 2023
Monday May 08, 2023
Monday May 08, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi a se anivèsè nesans sè nou Mirlande Paillere, manm KOMOKODA, nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou fanmi an
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Konsèy Sekirite Nasyonzini pibliye yon nòt pou laprès sou dosye Ayiti a
-Gouvènman Meriken an selebre Jounen Libète Laprès pandan yo fèmen Julian Assange nan prizon epi y ap sasinen epi teworize jounalis; Yon vye blag ki pa menm komik ankò
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-2 vòlè PHTK ap bay espektak nan radyo Pòtoprens Dosye Bocchit ak Claude Joseph
-Juan Guaido ak fanmi li rantre vin viv Ozetazini
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday May 04, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 4 me 2023
Thursday May 04, 2023
Thursday May 04, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Ranmase sou dosye nou te bay pandan semèn nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday May 03, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 3 me 2023
Wednesday May 03, 2023
Wednesday May 03, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
-Selebrasyon Premye me nan peyi Kiba
Nouvèl
-Li parèt gouvènman kwoupyon an ta revoke Bocchit Edmond ki te pote tit Anbasadè Ayiti nan Washington ansanm ak sè li Betina Edmond ki te konsil nan NY pou dwèt long siperyè
-Fondasyon Je Klere pibliye yon dokiman sou zak vyolans k ap taye banda nan peyi a depi jou blan an mete Ariel Henry kòm chèf lakay nou
-Òganizasyon CEPR pibliye yon atik sou gwoup chat whatsapp gwoup ki akize nan sasinay vòlò apatrid Jovenel Moise yo nan jou zak la ki pran lari
-Òganizasyon Batay Ouvriye mande mouvman ki batize "Bwa Kale" a sige nan travay li pou netwaye peyi a ak moun yo k ap teworize popilasyon an
Liy ouvè ak oditè yo

