Episodes

Tuesday Aug 15, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 15 out 2023
Tuesday Aug 15, 2023
Tuesday Aug 15, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman samdi a, selebrasyon òganizasyon UNIA-ACL ap fè jedi pou make anivèsè nesans Marcus Garvey ki se fondatè òganizasyon an
Fòs ak Kouraj pou sè nou Altagracia Jean Joseph ki pèdi kouzen li Crisno Joseph
Nouvèl:
-Masak gang Meriken-Ariel yo nan Kafoufèy
-Lòbèy pete nan lantèman Liliane Pierre Paul
-Apre jij sou dosye a rejte koken dept lajistis federal la te ofri Hunter Biden, Garland blije apwente yon special prosecutor
-Yon gwoup mèsenè Kolonbyen sasinen kandida alaprezidans peyi Ekwatè Fernando Villacencio
-Tchoul Meriken yo deklare yo fè sondaj ki montre 66% popilasyon Ayisyen an soutni debakman militè etranje yo nan peyi a
-Nan yon lannen sèlman Taliban yo elimine endistri eroyin nan lakay yo nan Afghanistan
-Peyi BRICS yo ap marinen gwo konplo kont dola Meriken an ki ta gen pou l pete nan rankont 22 out la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Aug 14, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 14 out 2023
Monday Aug 14, 2023
Monday Aug 14, 2023
Entwo
Emisyon espesyal pou make 232yèm anivèsè Seremoni Bwa Kayiman an, 1791-2023
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Yon lòt fwa ankò, nou salye frè nou Vilcere Romelus ak fanmi li; Samdi a se te lantèman ti sè Vilcere ki se Jessie Romelus
Rapò ak son selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman ki te fèt nan Prospect Park samdi 12 out la
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Refleksyon nou sou Bwa Kayiman anfas reyalite peyi nou ap viv jodi a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Aug 10, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 10 out 2023
Thursday Aug 10, 2023
Thursday Aug 10, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park 2023 k ap fèt samdi 12 out soti 1pm nan Prospect Park Lakeside (Lakou Granbwa) - Rantre Parkside Ave ak Ocean Ave nan Brooklyn nan
Fòs ak Kouraj pou frè nou Vilcere Romulus ki pèdi ti sè li Jessie Romulus; KOMOKODA antoure li ak fòs nou, ak kouraj nou, ak lanmou nou
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Ti koze ak frè nou Deenps "Granbwa" Bazile sou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park nan Brooklyn k ap fèt samdi k ap vini an
Ranmase sou gwo dosye yo nou te adrese pandan semèn nan
Anons

Wednesday Aug 09, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 9 out 2023
Wednesday Aug 09, 2023
Wednesday Aug 09, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park 2023 k ap fèt samdi 12 out soti 1pm nan Prospect Park Lakeside (Lakou Granbwa) - Rantre Parkside Ave ak Ocean Ave nan Brooklyn nan
Fòs ak Kouraj pou frè nou Vilcere Romulus ki pèdi ti sè li Jessie Romulus; KOMOKODA antoure li ak fòs nou, ak kouraj nou, ak lanmou nou
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Aug 08, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 8 out 2023
Tuesday Aug 08, 2023
Tuesday Aug 08, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park 2023 k ap fèt samdi 12 out soti 1pm nan Prospect Park Lakeside (Lakou Granbwa) - Rantre Parkside Ave ak Ocean Ave nan Brooklyn nan
Fòs ak Kouraj pou frè nou Vilcere Romulus ki pèdi ti sè li Jessie Romulus; KOMOKODA antoure li ak fòs nou, ak kouraj nou, ak lanmou nou
Nou prezante "12 Prensip Bwa Kayiman" ki se travay Profesè Pierre Michel Chery
Nouvèl:
-Anbasad Meriken anonse yo fèmen pòt yo jodi a akoz zam k ap chante bò lakay yo
-Negosyasyon ap fèt dèyè rido anba lobedyans yon blan Angle ki rele Jonathan Powell pou chita yon antant ant Ariel Henry ak sa yo rele opozisyon ki anfas li yo
-Fanmi jounalis Liliane Pierre Paul anonse lantèman li ap fèt samdi 12 out k ap vini an
-Asistan Sekretè Deta Meriken Victoria Nuland fè yon vizit kout zeklè nan peyi Niger pou l al menase gouvènman peyi a pou yo fè bak sou koudeta a epi renmèt ansyen prezidan tchoul restavèk Mohammad Bazoum pouvwa a
-Yon sistèm lajistis tèt anba nan peyi Pakistan k ap sèvi gouvènman Meriken an kondane ansyen Premye Minis peyi sa a Imran Khan pou l pase 3 lannen nan prizon
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
Refleksyon nou sou jenosid Ameriken te fè sou Iwochima ak Nagasaki 6 ak 9 out 1945 apre batay te fini nan sa yo rele 2yèm gè mondyal la pou yo chache teworize tout peyi nan mond la
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Entèvyou ak aktivis Reconoci.do Miguelito Theodor Lafleur ki nan zòn Igwey
Anons

Monday Aug 07, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 7 out 2023
Monday Aug 07, 2023
Monday Aug 07, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park 2023 k ap fèt samdi 12 out soti 1pm nan Prospect Park Lakeside (Lakou Granbwa) - Rantre Parkside Ave ak Ocean Ave nan Brooklyn nan
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Emisyon espesyal sou leve kanpe popilasyon peyi Niger pou yo eksprime sipò yo pou gouvènman militè ki kapote gouvènman restavèk Mohammad Bazoum nan; Nou konekte leve kanpe nan Mali, nan Burkina Faso, epi nan Niger la ak reyalite lakay nou ann Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl
Anons

Thursday Aug 03, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 3 out 2023
Thursday Aug 03, 2023
Thursday Aug 03, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park 2023 k ap fèt samdi 12 out soti 1pm nan Prospect Park Lakeside (Lakou Granbwa) - Rantre Parkside Ave ak Ocean Ave nan Brooklyn nan
Fòs ak Kouraj pou frè nou Vilcere Romulus ki pèdi ti sè li Jessie Romulus; KOMOKODA antoure li ak fòs nou, ak kouraj nou, ak lanmou nou
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nouvèl:
-Plizyè òganizasyon dwa moun rele anmwe kont desizyon Meriken pou l chwazi Kenya kòm peyi k pou dirije fòs entèvansyon militè ann Ayiti a
-Donald Trump al tonbe anba men yon jij grenn kraze sou dosye 6 janvye a, Jij Tanya Chutkan; Jwèt la make prizon
-Finalman Washington Post rekonèt Joe Biden te bay manti lè l te di l pa t okouran biznis anba tab Hunter ak Lachin ak Burisma
-Sheila Oliver, premye fanm nwa ki te gen wòl Lyetnan Gouvènè eta New Jersey mouri sanzatann madi Premye out la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Aug 02, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 2 out 2023
Wednesday Aug 02, 2023
Wednesday Aug 02, 2023
Entwo
Nou salye vye Yole nou an (manman Dahoud) k ap selebre anivèsè nesans li jodi a
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park 2023 k ap fèt samdi 12 out soti 1pm nan Prospect Park Lakeside (Lakou Granbwa) - Rantre Parkside Ave ak Ocean Ave nan Brooklyn nan
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nou fè ti koze sou bèl kote ki gen pou vizite nan peyi Kiba
Nouvèl:
-Bahamas anonse l ap bay patisipasyon l ak 150 sòlda nan fòs envazyon/okipasyon Meriken ap monte pou Ayiti a
-Larisi fè gwo frap granmoun sou Ikrèn: Li bonbade epi detwi plis pase 180 mil tòn ble Ikrenyen ki t ap tann pou al vann nan mache entènasyonal la
-Yon lòt enkilpasyon federal ankò pou Donald Trump men popilarite l pa sispann grenpe
-Ansyen mari Jill Biden, madanm Joe Biden, pran mikwo laprès pou l rakonte pèsekisyon leta li te sibi apre l te voye menas fanmi Biden nan jete
-Plizyè eli Pati Demokrat la nan vil NY ekri Joe Biden pou mande l dekrete yon eta dijans pou federal la ka ede vil la ak depans pou ebèje migran san papye ki ateri nan "shelter" lavil la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Aug 01, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi Premye out 2023
Tuesday Aug 01, 2023
Tuesday Aug 01, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Refleksyon nou sou lanmò jounalis Liliane Pierre Paul
Liy ouvè ak oditè yo sou lanmò Liliane nan
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Peyi Mali, Burkina Faso, ak Gine salye pèp peyi Niger ki leve kanpe kont yon gouvènman restavèk loksidan ki t ap souse yo; yo rejte sanksyon CEDAO yo; epi yo di nenpòt ki peyi ki ta atake Niger y ap rantre nan batay la
-Yè lendi a peyi Etazini anonse se yomenm ak Ekwatè k apral pote rezolisyon entèvansyon militè sou Ayiti peyi Kenya ta gen pou l dirije a; Anplis yo anonse y ap pran tout responsabilite depans entèvansyon ak okipasyon an
-Eta Massachussetts se gren eta Ozetazini ki gen yon lwa "Right to Shelter" ki ekzije yo ebèje tout fanmi ki pa gen kay ki gen omwen timoun ki gen mwens pase 21 lannen nan fanmi an
-Yon ansyen biznis patnè Hunter Biden temwanye nan Kongrè Meriken an sou koripsyon fanmi Biden nan; Nou pase vwa Joe Biden k ap di jan l fòse ansyen prezidan Ikrèn Poroshenko revoke yon avoka leta ki t ap envestige koripsyon nan konpayi Burisma ki te anboche Hunter Biden kòm konsiltan; dokiman pran lari sou 6 gwo bank ki te rele anmwe sou 170 tranzaksyon sispèk fanmi Biden nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Jul 31, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 31 jiyè 2023
Monday Jul 31, 2023
Monday Jul 31, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ranmase ak son manifestasyon KOMOKODA te fè Vandredi 28 jiyè devan lokal Citigroup pou make 108yèm anivèsè okipasyon 1915 lan epi vòl rezèv lò peyi nou
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Koudeta nan peyi Niger
-Dezyè somè Larisi ak Lafrik; Diskou Prezidan Burkina Faso a Ibrahim Traore nan rankont sila a ki sekwe kontinan an ak tout patizan lajistis
-Yon dividal manm ak sipòtè gouvènman kwoupyon Ariel Henry a vwayaje al Miami pou lantèman manman minis Patrick Boisvert
-Gouvènman Biden nan bay nouvo chif moun 4 peyi yo ki rantre Ozetazini nan pwogram Biden nan
Liy ouvè ak oditè yo

