Episodes

Thursday Aug 31, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 31 out 2023
Thursday Aug 31, 2023
Thursday Aug 31, 2023
Segman imigrasyon ak Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Diplis sou koudeta nan Gabon an; Kan Meriken an pran kou nan Siri; Kolonbyen Jovenel yo devan Jij Voltaire
******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe
Anons
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Pwogram Biden nan devan jij nan Texas; Pandan l ap mande tout Meriken kite Ayiti, Biden kontinye depòte Ayisyen
Nouvèl:
-Diplis sou koudeta nan Gabon an
-Gwo atak sou ekip patizan Meriken yo nan Syria
-Finalman Kolonbyen ki nan prizon ann Ayiti depi plis pase 2 lannen pou sasinay ti komik Jovenel Moise yo koumanse parèt devan jij
-Arabi Saoudit kondane yon sitwayen yo Mohammed bin Nasser al-Ghamdi pou yo touye l paske l pataje mesaj kont gouvènman peyi a nan medya sosyal
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Aug 30, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 30 out 2023
Wednesday Aug 30, 2023
Wednesday Aug 30, 2023
Bòn Fèt Mèt Bano; Repòtaj Kiba; Ikrèn ap vide dwòn sou Larisi; Nouvo chèf Wagner a rele Anton Yelizarov; Koudeta nan Gabon; Ki ka Ikrèn sizoka Demokrat yo ta bite...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Jodi a fè gran frè nou Mèt Bano (Ernest Banatte) 86 rekòt kafe; Nou swete Vanyan an yon Bòn Fèt
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Ikrèn grennen dwòn sou ayewopò Pskov anndan Larisi; Plizyè avyon militè kraze
-Joe Biden koumanse fè aranjman pou lòt peyi ka kontinye sipòte Ikrèn ak gwo zam fann fwa anka Demokrat yo ta pèdi Mezon Blanch lan nan pwochen eleksyon Etazini an
Ti koze ak Mèt Bano
Nouvèl:
-Koudeta kont yon lòt tchoul Lafrans nan peyi Gabon ki la depi 14 lannen; Pèp souvren pran lari pou kore nouvo gouvènman militè a
-Ansyen alatèt Wagner a, Prigozhin, antere; Anton Yelizarov monte kòm nouvo chèk Wagner
-Nou di atansyon pou blan an pa ban nou dilè dwòg Guy Philippe kòm sovè k apral wete nou anba gang
Liy ouvè ak oditè yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons

Tuesday Aug 29, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 29 out 2023
Tuesday Aug 29, 2023
Tuesday Aug 29, 2023
Masak sou egare Pastè Mako yo nan Kanahan; Jovenel-Mèt Dorval, 2 minit apre; Repòtaj Repiblik Dominikèn; Mitrayèt sou moun Nwa nan Jacksonville; Anvwaye Lafrans nan Niger pa p fè yon pa kita, yon pa nago...
***
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou koze Pastè Marcorel Zidor ki "blennde" fidèl legliz li yo (Piscine de Bethesda) epi mennen yo tankou yon lame selès pou y ap kraze gang Jeff Larose nan Kanahan
Repòtaj Kay vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Son Jovenel sou Mèt Dorval
-Yon blan rasis ouvè mitrayèt li sou moun nwa nan Jacksonville nan Florid; Li touye, li blese
-Macron ak Inyon Ewopeyèn sètifye desizyon Anbasadè Lafrans Sylain Itte ki deside defye lòd gouvènman Niger la pou l bay talon l
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Tanpèt tropikal Idalia menase fè gwo dega nan plizyè zòn nan Florid la demen maten
-Jij Tanya Chutkan ki chita sou dosye 6 janvye Donald Trump la anonse se 4 avril 2024 jijman sa a ap koumanse pandan avoka Trump yo te mande ou li fèt jouk an 2026
-Chèf Koredinò a, Kim Jong Un, anonse l ap ame batiman li ki nan penensil Kore a ak zam nikleyè pou l koresponn ak menas aktivite militè Etazini ak Koredisid nan zòn sa a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Aug 28, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 28 out 2023
Monday Aug 28, 2023
Monday Aug 28, 2023
Ayibobo pou Pè Janmari Vensan; "Town Miting" KOMOKODA fè yè a; Prince Tiecoura Dorleans Desalin; 6 nouvo peyi BRICS yo; Pwogram Biden nan devan jij; Mèsenè toupatou nan mond lan...
****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi, 28 out 2023 a fè 29 lannen depi sasinay Pè Janmari Vensan; Nou jete dlo pou Vanyan an
Ranmase sou "Town Miting" KOMOKODA ki fèt nan Brooklyn nan yè Dimanch lan
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Dosye 21 eta Etazini pote kont Program Biden nan devan yon jij nan Texas; Chanjman nan aplikasyon "Pwogram Biden" nan
-Diplis sou 6 peyi ki jwenn envitasyon pou yo rantre nan BRICS la; Ki sa sa pral vle di nan reyalite mond lan
-Ki konsekans disparisyon alatèt gwoup Wagner a, Msye Prigozhin; Tout gwo peyi yo genyen òganizasyon mèsenè yo epi yo toupatou nan mond lan
-Delegasyon lapolis Kenya ki t al Ayiti a rive lakay yo apre yo fè eskal NY
-Videyo pran lari ki montre pil ak pakèt manti lapolis Philadelphia sou sasinay
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Aug 24, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 24 out 2023
Thursday Aug 24, 2023
Thursday Aug 24, 2023
Nan emisyon jodi a: Avyon Prigozhin eklate, 10 moun mouri; Pri transpò piblik monte nan vil NY; 6 nouvo peyi BRICS; Premye deba Pati Repibliken an etan Trump ap bay Tucker Carlson entèvyou; Town Miting KOMOKODA nan Brooklyn nan dimanch a 4è
******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe
Ti diplis sou sasinay alatèt Wagner a Yevgeniy Prigozhin ak 9 lòt moun ki te nan avyon li a
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Depi dimanch pase pri transpò piblik monte nan vil NY la
-Peyi BRICS yo envite Ajantin, Ejip, Etyopi, Iran, Emira Arab Ini, Arabi Saoudit pou yo ta vin fè pati kowalisyon an
-Premye deba kandida alaprezidans Repibliken yo fèt yè swa pandan Donald Trump ki ta gen plis pase 50 pwen nan sondaj plis pase kandida k vini apre l la t ap bay Tucker Carlson yon entèvyou nan Twitter
Mobilizasyon pou Town Miting KOMOKODA 4pm dimanch nan Flanbwayan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Aug 23, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 23 out 2023
Wednesday Aug 23, 2023
Wednesday Aug 23, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou prezans delegasyon ti komik peyi Kenya a lakay nou
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Repòtaj ak son manifestasyon December 12th Movement fè yè devan Misyon peyi Lafrans nan Nasyonzini
Nouvèl:
-Divès ajans nouvèl fèk rapòte avyon alatèt Wagner a Yevgeny Prighozin fèk kraze ak 10 moun ladan l etan l t ap soti Moskou pou l al St Petersburg

Tuesday Aug 22, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 22 out 2023
Tuesday Aug 22, 2023
Tuesday Aug 22, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Jodi a se 22 out 2023, 232 lannen apre gwo leve kanpe zansèt nou yo 22 out 1791 ki deklentche batay ki ba nou liberasyon nou ak peyi nou
Liy ouvè ak oditè yo
Refleksyon nou sou rankont peyi BRICS yo k ap fèt nan Afrikdisid
Ti koze ak sè nou Colette Pean ki se manm Mouvman 12 Desanm sou manifestasyon y ap fè jodi a pou pote sipò yo bay peyi Niger ak lòt peyi nan Lwès Afrik yo ki kanpe pou mete Lafrans deyò
Repòtaj Kay vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl
-Misyon evalyasyon Kenya a tabli baz yo epi ap rankontre moun nan Anbasad Meriken
-Human Rights Watch pibliye yon rapò sou plizyè santèn, yo di li ka menm milye refijye Etyopi ki mouri oswa estwopye anba bal gad fwontyè peyi Arabi Saoudit; Texas limenm mete fil fè babele nan dlo k separe Meksik ak eta sila a pou anpeche refijye rantre lakay li
-Dirijan Montana yo di yo resi koupe fache ak restavèk Ariel Henry ak bizawèl li yo; Nou li nòt pou laprès yo mete deyò a epi nou mande tèt nou ou kè se vre?
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Aug 21, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 21 out 2023
Monday Aug 21, 2023
Monday Aug 21, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ekip evalyasyon lapolis Kenya a ateri nan peyi a yè Dimanch lan
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Dènye devlopman sou koudeta Niger lan; Plizyè milye jenn gason deside al volontè pou yo pran antrènman pou yo goumen pou peyi yo
-Reyinyon peyi BRICS yo ap derape demen madi a nan Johanesburg nan Afrikdisid; Tout mond lan ap tann pou wè si ap gen yon delivrans tout bon
-Donald Trump anonse li pa p patisipe nan premye deba kandida Repibliken yo
-Avoka Hunter Biden yo di yo pare pou rele Joe Biden kòm temwen si Depatman Lajistis pa ba yo yon antant ki nan avantaj yo
-Akoz zak sasinay jèn moun ki gaye nan vil Washington DC, Majistra vil la Muriel Browser deside mete yon kouvrefe pou tout jèn ki gen mwen pase 17 lannen ant 11è diswa pou rive 6è dimaten
-Òganizasyon Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA) prezante yon nouvo ekip dirijan ki gen pou mennen bak òganizasyon an pou 5 lannen k ap vini yo; Pou premye fwa depi SOFA fonde an 1986, se Mergina Fleurima, yon fanm peyizan k apral dirije òganizasyon an
Ti rapò sou parad UNIA fè nan Harlem Jedi a pou make 136yèm anivèsè nesans Marcus Garvey
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Aug 17, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 17 out 2023
Thursday Aug 17, 2023
Thursday Aug 17, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe
Ranmase sou dosye ak nouvèl nou te adrese pandan semèn nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Aug 16, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 16 out 2023
Wednesday Aug 16, 2023
Wednesday Aug 16, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-MTA anonse yon gwo kanpay rekritman k ap fèt Mèkredi pwochen nan Grand Central Station nan Manhattan
-Sekretè Jeneral Nasyonzini an Gutteres renmèt Konsèy Sekirite a pwopozisyon li sou dosye Ayiti a
-Vladimir Putin ak Prezidan Goita nan peyi Mali te pale nan telefòn yè kote Putin ankouraje negosyasyon sou dosye Niger lan
-Nan mitan boulvès yo nan Niger, Jihadis yo fè yon gwo atak nan fwontyè Mali ak Niger ki rive touye 17 militè epi blese yon pakèt lezòt
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Majistra lavil NY la Eric Adams mande gouvènman federal la pou demele l bay imigran san papye ki elijib pou sa yo papye travay yo prese prese pou yo ka travay
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

