Episodes

Tuesday Oct 24, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 24 oktòb 2023
Tuesday Oct 24, 2023
Tuesday Oct 24, 2023
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Pwojè Kenya a san lè bwè luil; Meriken mete grif li deyò pou batiman an pa koule ...
********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou 16yèm pelerinaj n apral fè nan Jounen Nasyonal Dèy endijèn yo nan Plymouth, MA
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Pwojè okipasyon Meriken-Core Group atravè Kenya-CARICOM san lè bwè luil
-Tribinal Kenya a pwolonje friz sou mouvman polis-sòlda yo jiska 9 novanm
-Manifestasyon pèp peyi Kenya ak nan Giyàn tou kont gouvènman yo epi anfavè pèp Ayisyen an
-Rankont Asanble Nasyonal Kenya a gouvènman an te di k t apral fèt depi semèn pase panko ka reyalize
Meriken mete grif li deyò epi l ap sekwe tout tchoul restavèk li yo pou yo mobilize pou batiman an pa koule
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Oct 23, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 23 oktòb 2023
Monday Oct 23, 2023
Monday Oct 23, 2023
16yèm pelerinaj n ap fè nan Jounen Nasyonal Dèy endijèn yo nan Plymouth, MA; Manif Vandredi 20 oktòb devan Konsila Kenya; Levanjil liberasyon ak Prens Tiecoura Dessalines; Dosye polis Kenya yo pral nan tribinal nan Nairobi demen; Ti detay anplis sou rapò panèl "ekspè" Nasyonzini mete deyò semèn pase a...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou lanse mobilizasyon pou 16yèm pelerinaj n apral fè nan Jounen Nasyonal Dèy endijèn yo nan Plymouth, MA
Rapò sou manifestasyon KOMOKODA Vandredi 20 oktòb devan konsila peyi Kenya nan NY
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Dosye polis Kenya yo pral nan tribinal nan Nairobi demen
Ti detay anplis sou rapò panèl "ekspè" Nasyonzini mete deyò semèn pase a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Oct 19, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 19 oktòb 2023
Thursday Oct 19, 2023
Thursday Oct 19, 2023
Segman Imigrasyon ak Frantz Andre sou pwogram rezidans Kanada a; Manif devan Konsila Kenya demen; Fèt 13 an Radio Omega SCA a samdi; Rezilta Eleksyon nan Liberia ak Ekwatè; Rapò Nasyonzini sou Ayiti...
******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA pral fè Vandredi 20 oktòb devan konsila peyi Kenya nan NY
Konbit pou n jwenn mèt 8 tikè fèt 13yèm anivèsè Radio Omega k rete nan men n yo
Ti koze ak frè nou Frantz Andre nan Kanada sou pwogram "humanitarian parole" Kanada anonse pou bay 15,000 Kolonbyen, Ayisyen, ak Venezyelyen san papye kigen fanmi pwòch yo nan peyi a rezidans pèmanan; Nou pale tou sou mobilizasyon Solidarite Quebec-Haiti te patisipe nan Ottawa pou manifeste kont Justin Trudeau ak ti restavèk CARICOM yo
Nouvèl:
-Rezilta eleksyon nan peyi Liberia a soti; Prezidan an George Weah pral nan 2yèm tou
-Yon nouvo prezidan eli nan peyi Ekwatè
-Rapò ekspè Nasyonzini sou peyi Dayiti a pran lari
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Oct 18, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 18 oktòb 2023
Wednesday Oct 18, 2023
Wednesday Oct 18, 2023
Manifestasyon KOMOKODA Vandredi devan konsila Kenya; Repòtaj Kiba; Nouvèl; Konbit pou selebrasyon 13yèm anivèsè Radio Omega...
********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA pral fè Vandredi 20 oktòb devan konsila peyi Kenya nan NY
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Jodi a ankò Etazini vote ansanm ak Izrayèl nan Konsèy Sekirite LONI pou jenosid sou Palestinyen yo kontinye
-Lènmi Ayiti yo ap mache prese, Misyon OEA a ak "teknisyen Dominiken gen tan debake sou fwontyè a
-Reyinyon chanpwèl Kanada ak CARICOM sou do Ayiti nan Ottawa
Mobilizasyon selebrasyon 13 an Radio Omega k ap fèt samdi pwochen nan restoran Chez Mirelle

Tuesday Oct 17, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 17 oktòb 2023
Tuesday Oct 17, 2023
Tuesday Oct 17, 2023
Emisyon espesyal pou make 217 lannen depi apatrid yo te fè kò sasinay sou papa nou Janjak Desalin...
********
Entwo
Refleksyon nou sou jou 17 oktòb 2023 a ki make 217 lannen depi sasinay Papa nou, Vanyan Janjak Desalin
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mesaj Prince Tiecoura pou make okazyon an
Mèsi Papa Desalin - Travay Vanyan Moriso Lewa
Liy ouvè ak oditè yo
Ti koze ak Manzè Choublak ak Jafrikayiti sou jou 17 oktòb la epi sou manifestasyon Ayisyen nan Ottawa ap fè apremidi a pou denonse rankont Justin Trudeau ak chèf deta CARICOM yo
Refleksyon sè nou Èzili Dantò sou jou 17 oktòb la
Liy ouvè ak oditè yo
Nou li moso nan Deklarasyon Endepandans peyi a
Anons

Monday Oct 16, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 16 oktòb 2023
Monday Oct 16, 2023
Monday Oct 16, 2023
Manif Vandredi 20 oktòb devan Konsila Kenya; Liv "An Inconvenient Cop" Lyetnan Edwin Raymond ekri; Prezantasyon fim "Tijan Vivan" nan Brooklyn; Nouvèl...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA pral fè Vandredi 20 oktòb devan konsila peyi Kenya nan NY
Samdi swa nou te gen chans patisipe nan prezantasyon liv "An Inconvenient Cop" frè nou Lyetnan Edwin Raymond ekri; Se te yon bèl aktivite
Entèvyou ak konpatriyòt Alann Fils-Aimé sou fim "Tijan Vivan" sou lavi ak travay Pè Tijan Pyèlwi k apral pase Vandredi swa 7pm nan 204 Parkside Avenue nan Brooklyn nan
Nouvèl:
-Israel sèmante l ap disparèt Palestinyen yo; Pou ki yon sèman ankò
-Kote nou ye nan dosye Kenya a
-Badè Kòken pran pòz yo rantre nan mouvman kannal la pou yo ka sabote l
-Meriken pete koken ak 6 milya dola lajan Iran
-Donald Trump frape fò sou Netanyahu epi l bat bravo pou entelijans Izboula
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Oct 12, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 12 oktòb 2023
Thursday Oct 12, 2023
Thursday Oct 12, 2023
Segman Imigrasyon ak Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Mobilizasyon pou fèt 13 an Radio Omega SCA; Nouvèl Burkina Faso; Palestine ak Izrayèl...
******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Kanada anonse pwogram "humanitarian parole" pa li, l ap bay 15,000 rezidans pèmanan pou Kolonbyen, Ayisyen, ak Venezyelyen
Nouvèl:
-Gouvènman Burkina Faso anonse apati 15 oktòb gran boulva ki te pote non Charles de Gaule nan kapital peyi a Wagadougou pral rele Boulva Thomas Sankara
-Dènye nouvèl sou batay k ap bwase nan Palestin depi samdi maten; Almay ak Lafrans anonse manifestayon solidarite ak pèp Palestinyen an pa gen dwa fèt lakay yo; Nou pase son vwa 2 juif rasis k ap mande lanmò ak kadejak pou tout sipòtè Palestinyen yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Oct 11, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 11 oktòb 2023
Wednesday Oct 11, 2023
Wednesday Oct 11, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon selebrasyon 13 an Radio Omega k ap fèt samdi pwochen nan restoran Chez Mirelle
Lagè se lagè epi nan lagè pa gen kanpe nan mitan, tout moun chwazi kan yo
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Pati MAS nan Bolivi fè kongrè i semèn pase epi yo chwazi Evo Morales kòm kandida pati a pou al nan eleksyon nan ane 2025
Dènye nouvèl sou batay k ap bwase nan Palestin depi samdi maten; Izboula ak Siri reponn atak Izrayèl fè sou teritwa yo
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Oct 10, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 10 oktòb 2023
Tuesday Oct 10, 2023
Tuesday Oct 10, 2023
Repòtaj Repiblik Dominikèn ak Altagracia Jean Joseph; Goudougoudou frape Afghanistan; Abinader pa ka kenbe ankò; Dosye Kenya a sanble l ka pa ka ateri; Israel ap bat kò l pou l renmèt kou a...
********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nou jete dlo pou plis pase 2,000 fanmi yo yo deja jwenn kadav yo nan goudougoudou ki frape peyi Afganistan samdi a
Abinader anonse l ap louvri fwontyè li demen mèkredi a; Dosye a pa ka tann pandan Ayisyen yo sou fwontyè yomenm yo soude baryè a
Dènye nouvèl sou batay k ap bwase nan Palestin depi samdi maten
Dènye nouvèl sou dosye Kenya ki touche pou l pran tèt envazyon ak okipasyon Meriken lakay nou
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Oct 09, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 9 oktòb 2023
Monday Oct 09, 2023
Monday Oct 09, 2023
Ayibobo pou pèp Palestinyen an; Manif devan Konsila Kenya; Vijil ak Manif pou n sonje 40,000 viktim Trujillo yo; Prens Tiecoura; Nouvèl...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou sè ak frè Palestinyen yo ki nan gwo konba
Repòtaj ak son manifestasyon KOMOKODA te fè Vandredi 6 oktòb devan konsila peyi Kenya nan NY
Ranmase sou vijil ak manifestasyon Africans Rising for Justice fè yè apremidi pou make 86 lannen depi diktatè Dominiken Rafael Trujillo te kowòdone masak "kout kouto" sou 40,000 Ayisyen nan peyi li
-Nou pase temwanyaj 3 viktim masak la
-Nou pase son manifestasyon an
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Refleksyon nou sou konpatriyòt "Mario" k ap chache denigre KOMOKODA/Dahoud nan Radio Timoun
Liy ouvè ak oditè yo
Dènye nouvèl sou devlopman batay k ap bwase nan Palestin depi samdi maten
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

