Episodes

Wednesday Nov 29, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 29 novanm 2023
Wednesday Nov 29, 2023
Wednesday Nov 29, 2023
Manif KOMOKODA devan Konsila Kenya nan NY madi 19 desanm 2023; Selebrasyon fen ane KOMOKODA samdi 16 desanm 2023; Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou fèt fen ane KOMOKODA samdi 16 desanm 2023, 5PM
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kenya nan NY madi 19 desanm 2023, 11am-2pm
Oto a pa rete - Felix Morisseau Leroy
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Dènye nouvèl sou jenosid Izrayèl ap fè sou pèp Palestinyen an nan Gaza
-Gwo bank Etazini yo voye notifye leta yo pral fèman 64 diferan branch bank yo nan peyi a
-Pati Demokrat la ouvè deba a piblikman pou ranplasan Joe Biden
-BINUH mete rapò li deyò pou montre jan sitiyasyon sekirite Ayiti fin kraze nèt; Yo di fòk Kenya ta debake prese prese
-Inondasyon "El Niño" frape Kenya, Etyopi, ak Somali; Plizyè santèn moun mouri epi plizyè milye lòt pèdi kay yo
-Plis pase 800 Ayisyen k fèk vini Etazini pran nan yon malatchong nan Columbus, OH
Nou jete dlo pou jounalis yo ki te viktim 28 novanm 1980; 3 jèn Gonayiv yo: Jean Robert Cius, Mackenson Michel, ak Daniel Israel ki te tonbe 28 novanm 1985; epi viktim masak Riyèl Vayan yo 29 novanm 1987
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Nov 28, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 28 novanm 2023
Tuesday Nov 28, 2023
Tuesday Nov 28, 2023
Joel Trimble debake vin fè pwopagann pou Jovenel Moise nan Kannal la; Repòtaj Altagracia nan Repiblik Dominikèn; Nouvèl; Entèvyou ak sineyas Mario Delatour sou fim li "Kafe Negro"; Entèvyou ak Dr. Reinaldo Barroso-Spech sou African Diaspora International Film Festival la; Liy ouvè ak oditè yo ...
********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Frè Joel ak madanm li debake vin fè foulay ak pwopagann pou Jovenel Moise nan Kannal la; Popilasyon an ansanm ak Madam Wideline ki se pòt pawòl komite a akeyi yo ak bra ouvè
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Dènye nouvèl sou jenosid Izrayèl ap fè sou pèp Palestinyen an nan Gaza
-Pèp Kenya denonse prezidan yo William Ruto k ap mande pèp li andire sitiyasyon ekonomik difisil peyi a pandan l gen yon sentiwon 3 mil dola vèt nan ren l
-Avoka Hunter Biden yo mande pou temwayaj msye devan chanm depite Meriken an ta fèt an piblik
-Komisè Gouvènman Jean Edler Guillaume deside lage ansyen responsab ONA a Stephanie Mondestin ULCC akize nan koripsyon pou "rezon imanitè"; Nou mande kouman msye sa a fè kontinye ap prezante tèt li pou moun debyen apre maspinay li te òdone bouwo li yo fè sou jounalis militan Robert Noncent alyas Dizay
-Sonet Saint Louis ki se avoka ansyen depite Alfredo Antoine ki se yonn nan moun ULCC lonje dwèt sou li pou koripsyon di Jean Edler Guillaume pa konpetan pou konvoke kliyan li
-Rektora Inivèsite Leta Ayiti fè peyi a konnen Joseph Lambert ki se ansyen prezidan chanm sena Ayiti a pa gen lisans kòm avoka
Entèvyou ak sineyas Mario Delatour sou fim li "Kafe Negro" k ap pase nan Vandredi nan African Diaspora International Film Festival la
Entèvyou ak Dr. Reinaldo Barroso-Spech ki se yonn nan òganizatè African Diaspora International Film Festival la k ap fèt nan NY la 24 novanm pou rive 10 desanm
Liy ouvè ak oditè yo
-dosye William Ruto nan tribinal Entènasyonal la fèmen yè lendi a; Gen moun ki mande si se pa rekonpans pou travay sal l ap fè pou Meriken an
Anons

Monday Nov 27, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 27 novanm 2023
Monday Nov 27, 2023
Monday Nov 27, 2023
Rapò pelerinaj Plymouth pou 54yèm Jounen Nasyonal Dèy la; Levanjil Liberasyon an ak Prince Tiecoura; Nouvèl...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Rapò sou 16yèm pelerinaj n apral fè nan Jounen Nasyonal Dèy endijèn yo nan Plymouth, MA jou "Thanksgiving" nan
-Refleksyon Ernst Severe
-Refleksyon Mirlande Paillere
-Refleksyon Raymond Dugué
-Remèsiman pou tout fanmi yo ki pa t ale men k te bay kontribisyon yo pou vwayaj la te yon siksè
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Deklarasyon delegasyon CARICOM ki t al mennen negosyasyon Ayiti 8 pou 14 novanm yo
-Yo di nou Ti Komik Ariel pale ak Tony Blair semèn pase epi nan wikenn nan li gen tan ateri Sen Domeng pou negosyasyon ak Abinader
-Gang ak teworis ap fè gwo frap nan Kenya; Lapolis pa wè devan l pa wè dèyè
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Nov 22, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 22 novanm 2023
Wednesday Nov 22, 2023
Wednesday Nov 22, 2023
Demen se 54yèm Jounen Nasyonal Dèy pèp endijèn yo nan Plymouth, MA; Repòtaj Repiblik Dominikèn ak Altagracia Jean Joseph; Kiba ak Hilario Batista; Nouvèl ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Preparasyon pou 16yèm pelerinaj n apral fè demen nan Jounen Nasyonal Dèy endijèn yo nan Plymouth, MA
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Anons
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Prezidan Asanble Jeneral Nasyonzini Dennis Francis t al Ayiti pou bat tanbou pou pwojè patwon li

Tuesday Nov 21, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 21 novanm 2023
Tuesday Nov 21, 2023
Tuesday Nov 21, 2023
Akizasyon kadejak kont Senatè NY Kevin Parker; Istwa "Dejwe" Koralen ekri epi rakonte; Nouvèl lagè Etazini t ap mennen kont Larisi atravè Ikrèn; Yon ti kanpo nan jenosid Izrayèl ak Meriken an pou boukantay prizonye ak anpil lòt nouvèl ankò ; Liy ouvè ak oditè yo ...
********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou 16yèm pelerinaj n apral fè nan Jounen Nasyonal Dèy endijèn yo nan Plymouth, MA jou "Thanksgiving" nan
Yon fanm Ayisyen nan Brooklyn nan pote plent kont Senatè eta NY la Kevin Parker li di k te fè kadejak sou li nan lannen 2004
Nou pase istwa "Dejwe" grandèt Jean Claude Martineau
Liy ouvè ak oditè yo sou istwa a
Nouvèl:
-Repòtaj odyo AlterRadio sou masak plis pase 50 peyizan nan Fon Batis nan zòn Akayè pou zafè tè
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Dènye nouvèl sou jenosid Izrayèl ap fè sou pèp Palestinyen an nan Gaza
-Prezidan Kenya a William Ruto al frape pòt palman Inyon Ewopeyen pou yo ta sipòte okipasyon 600 milyon dola Ayiti a; Ruto fè yo konnen se 9000 gang ki genyen nan peyi a epi se 5,000 sòlda etranje k apral fè djòb la
-Premye Minis peyi Izrayèl Netanyahu ansanm ak alatèt Hamas la Ismail anonse anvan lontan gen yon kanpo k apral fèt nan goumen an pou boukantay prizonye epi pou sipò rantre nan Gaza pou pèp Palestinyen an
-Pòtpawòl Konsèy Sekirite Nasyonal Etazini John Kirby anonse se gwoup Wagner k ap pote lamenfòt bay Hezbollah ak Iran
-Hezbollah atake epi rive fè gwo dega nan yon baz militè Izrayèl ki nan Biranit nan nò peyi a
-Gwoup Houthi yo nan Yemen deklare Izrayèl lagè; Yo gaye videyo kote y ap pran yon batiman Izrayèl nan lamè wouj
-Iran teste misil ipèsonik li ki batize Fatah-1 epi l tou anonse li gen yon lòt pi boule toujou ki rele Fatah-2
-Jij Walter Wesser Voltaire arete ajan ekzekitif enterimè Jakmel la Macky Kessa pou sasinay Jovenel Moise la epi l di gen plizyè manm gouvènman Ariel la ki gen pou yo vin reponn kesyon
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Nov 20, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 20 novanm 2023
Monday Nov 20, 2023
Monday Nov 20, 2023
Ayibobo pou Papa Desalin ak tout Vanyan Vètyè yo; Ti ranmase sou Town Miting KOMOKODA fè yè nan Brooklyn nan; Jounen Nasyonal Dèy jedi 23 novanm nan Plymouth, MA; Levanjil liberasyon ak Prens Tiecoura Dessalines; Nouvèl...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou jete dlo pou Papa Desalin ak Vanyan Vètyè yo
Ti ranmase sou Town Miting KOMOKODA fè yè dimanch 19 novanm nan lokal Flanbwayan nan Brooklyn nan
Mobilizasyon pou 16yèm pelerinaj n apral fè nan Jounen Nasyonal Dèy endijèn yo nan Plymouth, MA jou "Thanksgiving" nan
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Prezidan peyi Liberia a Georges Weah pèdi 2yèm tou eleksyon ki fèt Vandredi a
-Javier Milei se nouvo prezidan ki eli nan peyi Ajantin
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Dènye nouvèl sou jenosid Izrayèl ap fè sou pèp Palestinyen an nan Gaza
-OEA pran desizyon kore pwojè okipasyon Meriken degize nan peyi nou an
-Prezidan Liberia a William Ruto al nan peyi Almay pou mande lajan pou pwojè okipasyon Ayiti Meriken an
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Nov 16, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 16 novanm 2023
Thursday Nov 16, 2023
Thursday Nov 16, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou Town Miting KOMOKODA pral fè dimanch 19 novanm, 4pm-7pm nan lokal Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd nan Brooklyn nan
Mobilizasyon pou 16yèm pelerinaj n apral fè nan Jounen Nasyonal Dèy endijèn yo nan Plymouth, MA jou "Thanksgiving" nan
Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Detay sou rapò sou diskriminasyon imigrasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen ak òganizasyon "Take Root Justice" pibliye madi a
Nouvèl:
-Asanble Nasyonal Kenya apwouve pwojè okipasyon degize ann Ayiti a
-Opiyo Wandayi ki se chèf pati minoritè nan Asanble Kenya a mete prezidan peyi a ak patizan l yo toutouni pou koripsyon ak vyolasyon lwa peyi a nan dosye Ayiti a
-Tribinal Kenya ranvwaye dosye Ayiti a pou 26 janvye 2024
-Izrayèl demaske pou zam li mete anndan lopital al-Shifa pou l jistifye masak li fè anndan lopital sa a
Anons

Wednesday Nov 15, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 15 novanm 2023
Wednesday Nov 15, 2023
Wednesday Nov 15, 2023
Repòtaj Kiba ak Hilario Batista; Jij yo nan peyi Kenya ta gen pou bay desizyon yo sou dosye Ayiti a demen jedi a; Ti koze ak frè nou Raymond Dugué ki nan Afrik Disid ...
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Mobilizasyon pou Town Miting KOMOKODA pral fè dimanch 19 novanm, 4pm-7pm nan lokal Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd nan Brooklyn nan
Mobilizasyon pou 16yèm pelerinaj n apral fè nan Jounen Nasyonal Dèy endijèn yo nan Plymouth, MA jou "Thanksgiving" nan
Nouvèl:
-Ti komik tchoul restavèk Claude Joseph deklare Ayiti pa p pran lòd nan men etranje
-Ariel Henry nan wout pou somè CARICOM-Arabi Saoudit la
-Imigrasyon Meriken mete dènye chif yo sou pwogram Biben nan deyò
-Se demen tribinal nan Kenya ap bay dizon yo sou deplasman polisye Kenya yo pou y al goumen ann Ayiti
-100 ofisyèl nan Depatman Deta siyen yon lèt pou denonse konplisite Etazini nan jenosid Izrayèl ap fè nan Gaza a

Tuesday Nov 14, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 14 novanm 2023
Tuesday Nov 14, 2023
Tuesday Nov 14, 2023
Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen pibliye yon rapò jodi a sou 2 pwa 2 mezi nan sistèm imigrasyon Meriken an; Nouvèl; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ...
********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou Town Miting KOMOKODA pral fè dimanch 19 novanm, 4pm-7pm nan lokal Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd nan Brooklyn nan
Mobilizasyon pou 16yèm pelerinaj n apral fè nan Jounen Nasyonal Dèy endijèn yo nan Plymouth, MA jou "Thanksgiving" nan
Nouvèl:
-Palmantè peyi Kenya prezante yon lis kondisyon pou yo ta vote pwojè okipasyon Meriken sou Ayiti a
-Etan yo te di yo t al jere pwoblèm Ebola nan Congo travayè Òganizasyon Mondyal Lasante ta fè kadejak sou yon dividal fanm ak ti fi Kongolè
-Premye Minis peyi Izrayèl Netanyahu di batay l ap mennen kont Hamas la se yon batay sivilizasyon kont babari
-Reprezantan CARICOM yo ap tounen lakay yo men vid
-Divès òganizasyon Ayisyen ak etranje ekri Komite Sanksyon Nasyonzini an pou mande yo ajoute kèk moun nan lis sanksyon ki ta dwe soti a epi fòk sanksyon yo serye
-Akò Montana di yo pa nan Ariel epi yo pibliye pwopozisyon yo pou dosye Ayiti a vanse
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl
-Yon gwoup Ayisyen nan zòn Tòbèk ap travay pou repare yon kanal pou irigasyon zòn lakay yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Nov 13, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 13 novanm 2023
Monday Nov 13, 2023
Monday Nov 13, 2023
Rapò vizit ak Borgela; Town Miting KOMOKODA dimanch 19 novanm nan Flanbwayan; Jounen Nasyonal Dèy jedi 23 novanm nan Plymouth, MA; Levanjil liberasyon ak Prens Tiecoura Dessalines; Nouvèl...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Rapò sou vizit nou fè vandredi a ak frè nou Borgela Philistin Jr ki nan koridò lanmò (deathrow) nan Pennsylvania
Ayibobo pou Flanbwayan Haitian Literacy Project ki òganize yon "coat drive" pou fanmi ki fèk rantre nan kominote a yo
Mobilizasyon pou Town Miting KOMOKODA pral fè dimanch 19 novanm, 4pm-7pm nan lokal Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd nan Brooklyn nan
Mobilizasyon pou 16yèm pelerinaj n apral fè nan Jounen Nasyonal Dèy endijèn yo nan Plymouth, MA jou "Thanksgiving" nan
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Chèf gang G9 Andris Iska fè vwèl pou peyi san chapo nan kondisyon ki panko klè
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Dènye nouvèl sou jenosid Izrayèl ap fè sou pèp Palestinyen an nan Gaza
-Reprezantan CARICOM yo ap miltipliye rankont ann Ayiti depi 8 novanm men sanble anyen pa p mache pou yo
-Enspektè lapolis Kenya Koome di li pa gen ka pou l ap bay manti, koripsyon gangrennen fòs polis Kenya nan tout mwèl li
-Anpil moun ap denonse epi bat chalbari dèyè Prezidan inivèsite Harvard Claudine Gay pou pozisyon li pran pou l kanpe ak Israel
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

