Episodes

Tuesday Dec 26, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 26 desanm 2023
Tuesday Dec 26, 2023
Tuesday Dec 26, 2023
Soup Joumoun Eritye Papa Desalin nan 4pm lendi Premye janvye nan Flanbwayan; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Liy ouvè ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Dènye nouvèl sou jenosid Izrayèl ap fè sou pèp Palestinyen an nan Gaza
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Apre li fin mande gras ak pitye, Jij nan Florid kondane John Joel Joseph pou l pase rès vi li nan prizon nan dosye Jovenel Moise la
-Sasinay ansyen depite Kafou PHTK Elie Blaise lakay li nan Mawotyè 75
-Alyans Twazyèm Vwa nan Kenya denonse delegasyon Frantz Elbe ki t al nan Kenya a kòm yon ekip tchoul restavèk Meriken ki pa reprezante pèp Ayisyen an
-Pòt pawòl PNH la Gary Derosiers di pèp Ayisyen an kale bounda l jan l vle nan sezon fèt la pandan popilasyon an kontinye ap viktim tout kalte krim
-Kanpay sòlda Meriken ap mennen pou dekouraje rekritman nan briganday Meriken atravè lemonn
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Dec 25, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 25 desanm 2023
Monday Dec 25, 2023
Monday Dec 25, 2023
Nou t ale lakay; nou fè lantèman matant nou Rose Marie Pierre epi nou tounen; Li parèt nou pran yon grip nou pa fin anfòm kidonk emisyon jodi a ap yon emisyon 1èd tan
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ki sa nou wè lakay? Ki sa nou konprann?
Liy ouvè ak oditè yo
Anons:
-Soup Lendepandans lan a 4è lendi pwochen nan Flanbwayan

Thursday Dec 14, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 14 desanm 2023
Thursday Dec 14, 2023
Thursday Dec 14, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou fèt fen ane KOMOKODA samdi 16 desanm 2023, 5PM
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kenya nan NY madi 19 desanm 2023, 11am-2pm
Refleksyon nou sou peyi nou, sou eritaj nou, sou diyite nou kòm pèp
Nouvèl:
-Finalman Montana vire do l sou Ameriken ak CARICOM
-Impeachment Joe Biden koumanse nan chanm depite Meriken an
-Mèk ke ti komik Frantz Elbe voye li Nairobi nan Kenya
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Dec 13, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 13 desanm 2023
Wednesday Dec 13, 2023
Wednesday Dec 13, 2023
Mobilizasyon pou aktivite KOMOKODA 16 ak 19 desanm 2023; Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Liy ouvè ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou fèt fen ane KOMOKODA samdi 16 desanm 2023, 5PM
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kenya nan NY madi 19 desanm 2023, 11am-2pm
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista: Pou ki sa se Premye janvye Jounen Endepandans Kiba fete?
Nouvèl:
-Nan Asanble Jeneral Nasyonzini an 153 peyi vote pou ekzije Izrayèl ak Meriken sispann jenosid yo a sou pèp Palestinyen an pandan 10 peyi vote pou l kontinye epi 23 peyi fè abstansyon
-Zelensky vin Washington pou granmesi yè madi 12 desanm nan; Repibliken yo nan chanm depite Meriken an kanpe zo blòd!
-Lavil NY di li pa gen kote pou l mete refijye k debake yo ankò epi l tanmen bay moun yo presyon pou yo reaplike epi pou l deplase yo chak 60 jou; Anpil politisyen ak sendika pwofesè lekòl nan NY la denonse move pratik sila a yo di k ap anpeche timoun yo aprann
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Dec 12, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 12 desanm 2023
Tuesday Dec 12, 2023
Tuesday Dec 12, 2023
Mobilizasyon; Koze "Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun" nan pote 75 lannen manti ak ipokrizi; Nouvèl; Liy ouvè ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou fèt fen ane KOMOKODA samdi 16 desanm 2023, 5PM
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kenya nan NY madi 19 desanm 2023, 11am-2pm
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
10 desanm 2023 a fè 75 lannen depi Nasyonzini te pwoklame Jounen Entènasyonal Dwa Moun; Nou li "dwa" sa yo epi nou ouvè liy pou n gade ansanm ak oditè yo rapò koze sa yo ak noumenm epi ak lòt moun ki sanble ak nou
Nouvèl:
-Gouvènman Pewou lage ansyen Prezidan Alberto Fujimori pandan Pedro Castillo rete nan prizon
-Hamas di si l pa jwenn sa l mande yo okenn nan prizonye juif ki nan men l yo pa p kite Gaza vivan
-Jounal Izrayèl al Haretz denonse manti gouvènman Netanyahu a sou kantite sòlda juif Hamas frape
-Minis Afè Etranjè Iran di Hamas ak Hezboula pa gen pwoblèm jwenn zam achte nan stòk Meriken ak bizawèl li yo bay Ikrèn ki tonbe nan mache nwa
-Nouvo vwayaj Zelensky Washington pou wè si l a jwenn plis kòb ak zam
-Yè lendi a, nan menm jou demand lan fèt la, "Supreme Court" Meriken an aksepte pou l chita sou dosye iminite Donald Trump la
-Nouvo salè minimòm pou moun k ap travay nan eta NY la apati premye janvye 2024
-Sanksyon Etazini sou Jean Max Bellerive, Nenel Cassy, ak Herve Fourcand ak fanmi yo ak 27 lòt moun
-Òganizasyon MOPOD anonse li wete kò l nan "negosyasyon" ak CARICOM yo; Li ta parèt kòmkwa Fanmi Lavalas di li dakò siyen pwopozisyon CARICOM; Akò Montana ak EDE di yo pa nan solisyon k ap kenbe Ariel kòm premye minis
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Dec 11, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 11 desanm 2023
Monday Dec 11, 2023
Monday Dec 11, 2023
Prezidan Larisi a Vladimir Putin anonse l aprale pou yon lòt manda ane pwochèn; Levanjil Liberasyon an ak Prince Tiecoura; Petrospektiv; Nouvèl...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Prezidan Larisi a Vladimir Putin anonse l aprale pou yon lòt manda ane pwochèn
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Zafè "prezidan" Jovenel ak lajan Petro a, 3 lajan kannal Wanament lan; Entèvyou Madam Wideline Pierre ak Ricot Dupuy nan Radio Soleil vandredi swa a
-Etazini bloke yon lòt rezolisyon Konsèy Sekirite pou pou mande pou yon kanpo nan lage zam nan
-Referanndòm nan Venezyela sou rejyon Esekibo a nan Giyàn
-Etazini anonse li kore pwopozisyon CARICOM nan
-Lèt Haiti Caucus chanm depite Meriken an voye ba Blinken
-Lapolis Ayiti arete Julien Moise, yon dyaspora k sot NY ak katouch, ak aparèy kominikasyon nan ayewopò Pòtoprens
-Yon "grand jury" federal nan eta Kalifòni enkilpe Hunter Biden dèske l pa peye enpo sou $1.4M li fè nan move kondisyon aletranje
-Nouvo komisè vil Koto a ansanm ak popilasyon an mennen yo operasyon kont "gang" kote 17 bandi mouri; yo sezi zam epi libere otaj
-Nouvo prezidan Ajantin nan Javier "El Loco" Milei pran pouvwa yè dimanch lan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Dec 07, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 7 desanm 2023
Thursday Dec 07, 2023
Thursday Dec 07, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou fèt fen ane KOMOKODA samdi 16 desanm 2023, 5PM
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kenya nan NY madi 19 desanm 2023, 11am-2pm
Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nouvèl:
-Fyèv denge ki t ap fè ravaj nan Repiblik Dominikèn nan rive nan tout 10 depatman Ayiti
-Ekip CARICOM nan retounen nan peyi a pou wè si y konvenk moun ki dakò chita ak yo rantre nan pwojè Meriken an
-Repibliken yo nan Chanm Depite Meriken an di semèn pwochèn y ap tanmen pwosesis pou "impeach" Joe Biden
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Dec 06, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 6 desanm 2023
Wednesday Dec 06, 2023
Wednesday Dec 06, 2023
Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista: Mobilizasyon nan Kiba epi atravè mond lan pou make 7 lannen depi lantèman Fidel; Nouvèl; Liy ouvè ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou fèt fen ane KOMOKODA samdi 16 desanm 2023, 5PM
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kenya nan NY madi 19 desanm 2023, 11am-2pm
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista: Mobilizasyon anndan Kiba epi atravè mond lan pou make 7 lannen depi travèse Vanyan Fidel Castro
Nouvèl:
-Pawòl 100 milya dola vèt, vin tounen 60 milya epi finalman se 175 milyon ki ateri; Volodimir Zelensky fè kòlè epi l di Meriken ale yo lanmèd
-Putin ap virewon nan mwayennoryan an
-Yon tribinal nan peyi Iran deside mete yon amand 50 milya dola pou sasinay Jeneral Soleimani
-Gouvènman Meriken an anonse l ap sanksyone "settler" Juif ki atake Palestinyen yo anndan sa yo rele teritwa okipe yo
-Gouvènman Meriken an mennen yon dezyèm delegasyon Kenya vini Ayiti
-Toutè DEA Joseph Vincent plede koupab nan Miami nan dosye sasinay Jovenel Moise la
-CBP Meriken bloke yon ti batiman kanntè ak 54 Dominiken epi 9 Ayisyen ki t ap soti Repiblik Dominikèn pou yo eseye rantre Pòtoriko
-Gouvènman Meriken an arete pwòp diplomat yo Manuel Rocha yo di ki t ap fè espyonaj pou peyi Kiba pandan 40 lannen
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Dec 05, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 5 desanm 2023
Tuesday Dec 05, 2023
Tuesday Dec 05, 2023
Mobilizasyon; Repòtaj Altagracia: Kannal la fè Dominiken pèdi lakat; Sinema Meriken ak tchoul restavèk yo Guy Philippe ap dewoule; Levanjil Liberasyon ak Prens Tiecoura; Nouvèl ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou fèt fen ane KOMOKODA samdi 16 desanm 2023, 5PM
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kenya nan NY madi 19 desanm 2023, 11am-2pm
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl
-Minis Afè Etranjè Repiblik Dominikèn Roberto Alvarèz di peyi l pa nan negosyasyon ak Ayiti toutotan travay kannal la pa kanpe
-Jounal NY Times pibliye yon atik byen long pou fè konprann otorite peyi Izrayèl yo te konnen Hamas t ap planifye atak 7 oktòb la; Ou kwè se vre?
-Sinema nou te anonse kote Meriken ap fè asasen kriminèl dwòg dilè Guy Philippe pase pou sovè pèp Ayisyen an koumanse ap dewoule
Liy ouvè ak oditè yo
Yon ansyen toutè FBI ki te nan mafya Meksiken pike Derek Chauvin ki te sasinen George Floyd nan prizon federal nan Arizona
Anons
Remèsiman pou sipòtè mwa novanm nan yo

Thursday Nov 30, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 30 novanm 2023
Thursday Nov 30, 2023
Thursday Nov 30, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou fèt fen ane KOMOKODA samdi 16 desanm 2023, 5PM
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kenya nan NY madi 19 desanm 2023, 11am-2pm
Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nouvèl:
-Meriken mennen dilè dwòg Guy Philippe tounen Ayiti
-Jenosidè Henry Kissinger mouri nan laj 100 lannen
Anons

