Episodes

Tuesday Jan 30, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 30 janvye 2024
Tuesday Jan 30, 2024
Tuesday Jan 30, 2024
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia; Nouvèl; Ti koze sou Makaya ak Manbo Florence Jean Joseph; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph depi Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Gouvènman restavèk Ariel Henry an anonse BSAP pa gen dwa sikile ak zam epi ak inifòm yo okenn kote sou teritwa peyi a
-Prezidan Kenya a William Ruto anonse pwojè pou li voye polisye peyi li ann Ayiti a ap suiv chimen li
-Manda Jij Walter Wesser Voltaire ki te chita sou dosye Jovenel Moise la bout Vandredi pase men li kite enkilpasyon kont Martine Moise, Claude Joseph, Ardouin Zephirin, Léon Charles, Jeantel Joseph
Ti koze ak Manbo Florence Jean Joseph sou "Makaya"
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Joe Biden di li deside frape Jòdani pou l tire revanj pou atak dwòn ki fèt sou baz militè Meriken yè a
-Izrayèl di li jwenn enfòmasyon ta genyen 12 pami 13,000 anplwaye UN Relief and Works Agency ki ta nan konkòday ak Hamas; Menm kote a tout zanmi Izrayèl yo ta deside koupe sipò ak ajans sila a
-Sòlda Izrayèl ki ta degize kòm doktè ak pasyan ta rantre anndan lopital Ibn Sina nan West Bank epi sasinen 3 Palestinyen yo di ki se teworis pandan touletwa t ap dòmi
Anons

Monday Jan 29, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 29 janvye 2024
Monday Jan 29, 2024
Monday Jan 29, 2024
Wo Tribinal nan Kenya bloke pwojè Meriken pou voye polisye Kenya yo Ayiti; Mesaj Prens Tiecoura Dorleans Desalin; Ti koze ak sè nou Ninaj Raoul sou bous detid Kiba ap bay pou etidyan ak paspò Meriken al etidye medsin gratis Kiba; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak sè nou Ninaj Raoul, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen, sou bous detid Kiba ap bay pou etidyan ak paspò Meriken al etidye medsin gratis nan peyi Kiba
Nouvèl:
-Desizyon Wo Tribinal peyi Kenya sou dosye Ayiti a
-Mali, Niger ak Burkina Faso wete kò yo nan CEDAO/ECOWAS
-Meriken di atak sou baz militè yo nan Jòdani touye 3 sòlda epi blese 34
Liy ouvè
Anons

Thursday Jan 25, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 25 janvye 2024
Thursday Jan 25, 2024
Thursday Jan 25, 2024
Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Son manif 24 janvye devan Konsila Kenya; Nouvèl; Liy ouvè ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Son nan manifestasyon KOMOKODA te fè yè devan Konsila peyi Kenya nan NY la
Nouvèl:
-Konsèy Sekirite Nasyonzini an fè yon rankont jodi a sou Ayiti
-Trump genyen NH ak plis vòt yon kandida Repibliken janm genyen
-Ikrèn tire misil ki kraze yon avyon ris ki te gen 65 prizonye lagè Ikrenyen ladan l
-Senatè Konlonbyen Piedad Córdoba fè travèse li
-Blan Meriken Michael Geilenfeld anba kòd pou kadejak li ta fè sou ti gason ki te nan yon òfelina li t ap dirije nan peyi nou
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Jan 24, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 24 janvye 2024
Wednesday Jan 24, 2024
Wednesday Jan 24, 2024
Manifestasyon devan Konsila Kenya nan NY; Repòtaj Kay Vwazen Kiba; Repòtaj andirèk nan manifestasyon an ...
*****
Nou andirèk nan manif KOMOKODA devan Konsila peyi Kenya nan NY
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Repòtaj andirèk nan manifestasyon KOMOKODA devan Konsila peyi Kenya nan NY pou nou voye yon mesaj klè bay tribinal Kenya ki gen pou l deside sou dosye mèsenè Prezidan peyi sila a William Ruto vle voye Ayiti pou Etazini yo epi pou n voye yon mesaj bay pèp Kenya a
Anons

Tuesday Jan 23, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 23 janvye 2024
Tuesday Jan 23, 2024
Tuesday Jan 23, 2024
Nouvèl; Manif KOMOKODA devan Konsila Kenya NYC Mèkredi 24 janvye 2024; Ti koze ak Brother Sobukwe ki nan Kenya; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia; Nouvèl...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila peyi Kenya nan NY la demen mèkredi 24 janvye a
Nouvèl:
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Dènye nouvèl sou jenosid Izrayèl ap fè sou pèp Palestinyen an nan Gaza
Ti koze ak frè nou Sobukwe nan Nairobi Kenya, manm Pan African Socialist Alliance sou aktivite solidarite ak Ayiti y ap òganize demen nan Kenya
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph depi Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Sasinay Vis Konsil Ayisyen nan Dajabòn nan Claude Joazard
-Arestasyon ansyen depite Ènri a Cholzer Chancy; Lapolis transfere l nan Penitansye Nasyonal
-Profesè Bernard Etheart fè travèse li
Liy ouvè
Anons

Monday Jan 22, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 22 janvye 2024
Monday Jan 22, 2024
Monday Jan 22, 2024
Mobilizasyon pou manif 24 janvye devan Konsila Kenya; Mesaj Prens Tiecoura Dorleans Desalin; Nouvèl; Anons sèvis pou Vanyan Viola Plummer, D12 Movement; Liy ouvè ak oditè yo
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila peyi Kenya nan NY la mèkredi 24 janvye k ap vini an
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Dènye nouvèl sou jenosid Izrayèl ap fè sou pèp Palestinyen an nan Gaza
-2 jou anvan Primary Repibliken nan NH a Gouv. Dan Santi kraze yon kite sa epi l andòse gwo moso Donald Trump; Nikki Haley di kounyè a wout la klè devan l pou l fese do gwo moso atè
-Mafya nan peyi Ekwatè sasinen pwosekitè leta ki t ap envestige dosye gang ki te atake estasyon tele a
-Izrayèl ap chache sèvi ak teknikalite pou elemine dosye Afrik Disid la
-Mouvman pou mande kidnapè Douglas Pape yo libere li epi Pap François pran lapawòl nan Vatikan yè pou mande liberasyon 6 mè katolik kidanpè pran jedi a
-Pap Franswa pran lapawòl nan Vatikan pou l mande liberasyon 6 mamè yo kidnape nan Pòtoprens semèn pase yo
-Plis djòl pwès nan komedi Guy Philippe ak Reynold Georges
-Atansyon ak pwopagann k ap fèt pou konvenk pèp Ayisyen an nou tout kwè asasen kriminèl la pral fè revolisyon epi n ap voye li monte
Anons sèvis lantèman Vanyan Viola Plummer, alatèt December 12th Movement
Liy ouvè ak oditè yo
Plis nouvèl:
-2 ansyen manm lame Izrayèl (IDF) ki lekòl nan Columbia University atake etidyan ki t ap manifeste anndan lekòl sa a Vandredi a pou mande pou Izrayèl sispann jenosid li a
-Plizyè milye Izrayelyen pran lari nan Tel-Aviv samdi a pou yo mande demisyon Benjamin Netanyahu epi pou yo mande negosyasyon serye pou liberasyon prizonye politik Juif yo
-Dènye pitit Martin Luther King Jr., Dexter Scott King, fè travèse li jodi a nan laj 62 lannen
Anons

Thursday Jan 18, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 18 janvye 2024
Thursday Jan 18, 2024
Thursday Jan 18, 2024
Mobilizasyon pou manif 24 janvye devan Konsila Kenya; Viv Patrice Lumumba; Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Liy ouvè ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila peyi Kenya nan NY la mèkredi 24 janvye k ap vini an
Anons
Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Yè 17 janvye 2024 la fè 63 zan depi peyi Bèljik, Etazini, ak bizawèl yo sasinen Premye Minis peyi Kongo a Patrice Lumumba
Nouvèl:
-Yo dekouvri 215 kadav dèyè prizon Hinds County Penal Farm nan Jackson, Miss.
-Reynold George ki se avoka Guy Philippe fè konnen anvan vye koze revolisyon msye a li t ap negosye 3 pòs minis ak Ariel Henry
-Nan yon entèvyou ak Tele Metropole Moise Jean Charles fè konnen li pare pou l pote kole ak nenpòt ki moun pou l voye Ariel Henry ale, menm moun k ap pale koze revolisyon yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Jan 17, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 17 janvye 2024
Wednesday Jan 17, 2024
Wednesday Jan 17, 2024
Mobilizasyon pou manif 24 janvye devan Konsila Kenya; Repòtaj Kay Vwazen Kiba; Ninaj sou manif 12 janvye devan Fondasyon Clinton; Mamyrah sou eksperyans li nan peyi a; ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila peyi Kenya nan NY la mèkredi 24 janvye k ap vini an
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Ti koze ak sè nou Ninaj Raoul nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen sou manif KOMOKODA fè Vandredi a devan Fondasyon Clinton
Ti koze ak sè nou Mamyrah Dougé Prosper ki nan Wanament sou vwayaj li nan peyi a epi nan Kannal la
Nouvèl:
-Jijman chèf 400 Mawozo Yonyon koumanse jodi a Ozetazini
Liy ouvè
Anons

Tuesday Jan 16, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 16 janvye 2024
Tuesday Jan 16, 2024
Tuesday Jan 16, 2024
Woukoukou pou Vanyan Viola Plummer, December 12th Movement; Manif KOMOKODA devan Konsila Kenya NYC Mèkredi 24 janvye 2024; Ti koze ak Reyneld Sanon; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia; Nouvèl...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila peyi Kenya nan NY la mèkredi 24 janvye k ap vini an
Nou jete dlo pou dirijan Mouvman 12 Desanm Vanyan Viola Plummer ki fè travèse li
Ti koze ak frè nou Reyneld Sanon nan òganizasyon KAYLA sou 14 lannen depi Goudougoudou a; Bri k ap fè pou voye kriminèl asasen Guy Philippe monte; Epi sou okipasyon Meriken degize y ap peye peyi Kenya pou l jwe wòl di se li k ap fè l
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph depi Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Donald Trump pote boure nan eleksyon Primary Iowa yè lendi a
-Yon delegasyon ansyen ofisyèl Meriken vizite Taiwan apre eleksyon nouvo prezidan yo ki se William Lai Ching-te
-Plizyè palmantè peyi Kenya menase revoke minis finans peyi a akoz dosye Ayiti a
-Minis Defans Meriken an Lloyd Austin lakay li apre 2 semèn lopital pou yon operasyon pwostat
-Premye Minis Izrayèl la Benjamin Netanyahu di Tribinal Jistis Entènasyonal la te mèt sote ponpe la fini travay li koumanse nan Gaza a
-Malgre bonbadman Meriken ak Angletè nan Yemen, lamè wouj la toujou nan gwo difikilte ak rebèl Houthi yo
-Apre anpil chirepit nouvo Prezidan Guatemala a Fernando Arevalo finalman prete sèman yè lendi a
-Attorney General Fulton County Georgia Fanni Willis pratikman admèt akizasyon avoka Trump yo fè kont li a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Jan 15, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 15 janvye 2024
Monday Jan 15, 2024
Monday Jan 15, 2024
Nou jete dlo pou Vanyan Martin Luther King Jr; Nou jete dlo pou Vanyan Sekou Odinga ki janbe Vandredi a; Son ak rapò Manif 12 janvye devan Fondasyon Clinton; Mesaj Prens Tiecoura Dorleans Desalin; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi a se jou konje gouvènman Meriken an bay pou onore Martin Luther King Jr.; Nou salye memwa Vanyan an
Nou jete dlo pou Vanyan Sekou Odinga, yon militan Meriken Nwa ki fè travèse li Vandredi a
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Son ak rapò manifestasyon KOMOKODA devan Fondasyon Clinton Vandredi 12 janvye k sot pase a; Sa kèk medya ak òganizasyon nan peyi a bay sou bilan rekonstriksyon an apre 14 lannen
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Dènye nouvèl sou jenosid Izrayèl ap fè sou pèp Palestinyen an nan Gaza
-Dènye nouvèl nan Primary Repibliken an pou Repibliken yo deside ki kandida k apral twoke kòn ak Biden nan eleksyon Novanm 2024 la
-Malgre gwo frap Meriken ak Angletè, militan Houthi yo di yo pa p sispann bloke batiman k ap chache travèse lamè wouj yo
-Eskandal piblik pete nan dosye Attorney General Georgia a Fanni Willis kont Donald Trump ak bizawèl li yo; Avoka Trump yo ap fè mannèv pou diskalifye manmzèl
-Semèn pase a dyalòg relanse nan Washington ant Gouvènman Repiblik Dominikèn nan ak Gouvènman Ayisyen an sou dosye kannal la
-Gouvènman Biden nan pote yon dosye ki riske afekte plizye milyon imigran ki t ap viv legalman Ozetazini
-Lèt plizyè senatè Meriken voye ba Joe Biden sou dosye Ayiti a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

