Episodes

Thursday Aug 22, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 22 out 2024
Thursday Aug 22, 2024
Thursday Aug 22, 2024
Nou jete dlo pou zansèt nou yo nan okazyon 233yèm anivèsè gwo leve kanpe ki vin ba nou endepandans nou; Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Mobilizasyon pou bloke Martelly nan zòn NY la; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou jete dlo pou zansèt nou yo nan okazyon 233yèm anivèsè gwo leve kanpe ki vin ba nou endepandans nou
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen Pou Refijye Ayisyen
Dènye devlopman nan batay KOMOKODA pou bloke Martelly nan zòn NY la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Aug 21, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 21 out 2024
Wednesday Aug 21, 2024
Wednesday Aug 21, 2024
Ranmase sou mobilizasyon maten an pou bloke Martelly ki vle vin anvayi zòn NY la pou Labor Day; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba; Yon jou Ayiti va gen yon gouvènman tout bon; Liy ouvè; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ranmase sou mobilizasyon maten an pou bloke Martelly ki vle vin anvayi zòn NY la pou Labor Day; Son manifestasyon an
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Rapò frè nou Rafael Joseph sou Bwa Kayiman nan Kiba
Dènye nouvèl nan dosye sanksyon Etazini mete sou tchoul restavèk yo Michel Martelly
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Aug 20, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 20 out 2024
Tuesday Aug 20, 2024
Tuesday Aug 20, 2024
Meriken reziye l mete sanksyon sou tchoul restavèk li Michel Martelly; Liy ouvè; Mobilizasyon pou manif KOMOKODA 10am demen devan biwo Komite Kanaval Labor Day a; Ti koze ak responsab Flanbwayan Haitian Literacy Project Darnell Benoit; Ti koze ak frè nou Raymond Dugué, responsab nan UNIA sou konvansyon 2024 òganizasyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Liy ouvè; Anons
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Meriken reziye l mete sanksyon sou tchoul restavèk li Michel Martelly; Depi ki lè Meriken konnen Martelly t ap vann dwòg?
Liy ouvè ak oditè yo
Ti koze ak responsab Flanbwayan Haitian Literacy Project Darnell Benoit
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué, responsab nan UNIA sou konvansyon 2024 òganizasyon an ki fèk fini yè
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Okenn Ayisyen pa ta dwe wont paske Meriken finalman mete sanksyon sou tchoul li; Sèl wont lan se lefèt pèp Ayisyen te kwaze bwa nou kite Meriken mete yon chawony kou Martelly prezidan peyi nou
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Aug 19, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 19 out 2024
Monday Aug 19, 2024
Monday Aug 19, 2024
Mobilizasyon 10am mèkredi maten devan komite kanaval la pou kominote a bloke Martelly nan NY la; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Trajedi lanmò yon jèn gason 31 lannen ak 2 zanmi k te akonpanye l nan Mibalè etan l t apral pran tretman pou maladi ren nan lopital vil sila a; Liy ouvè ak oditè yo ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Mobilizasyon pou kominote a kanpe pou bloke Martelly ki vle vin jwe sou Eastern Parkway a pou Labor Day: Manif 10am mèkredi maten devan komite kanaval la: 1561 Bedford Avenue nan Brooklyn nan
Liy ouvè ak oditè yo
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak sè nou Valerie Bazelais, manman li ak kouzin li Naomie ki pèdi pitit gason li nan zòn Mibalè li ta parèt anba men "Sosyete Sivil" pandan jennòm nan t apral fè tretman pou maladi ren nan lopital Mibalè a; 2 nan 3 zanmi k te akonpanye l ta pèdi lavi yo tou
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Aug 15, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 15 out 2024
Thursday Aug 15, 2024
Thursday Aug 15, 2024
Nou salye fanmi UNIA yo k ap òganize 66yèm konvansyon yo semèn sa a; Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Mobilizasyon pou bloke Martelly nan NY la; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou salye fanmi UNIA yo k ap fè 66yèm konvansyon òganizasyon an semèn sa a
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen Pou Refijye Ayisyen
Dènye devlopman nan batay KOMOKODA pou bloke Martelly nan NY la
Nouvèl
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Aug 14, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 14 out 2024
Wednesday Aug 14, 2024
Wednesday Aug 14, 2024
Nou jete dlo pou zansèt nou yo ki te fè Bwa Kayiman; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba; Meriken fè Maduro yon afè alamafya; Yon jou Ayiti va gen yon gouvènman tout bon; Liy ouvè; Anons ...
*****
Entwo
Jodi a se jou Ayisyen make Seremoni Bwa Kayiman
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Gouvènman Ameriken fè Prezidan Venezyela a Nicolas Maduro yon pwopozisyon: Si l renonse ak nouvo manda pèp la sot ba l la, y ap wete tout chaj kriminèl yo gen kont li ak prim 15 milyon dola yo mete sou tèt li a
Ayisyen san karaktè ki konprann yo ka fè restavèk blan mete kòm dirijan lakay nou yo pase pou otorite granmoun
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Aug 13, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 13 out 2024
Tuesday Aug 13, 2024
Tuesday Aug 13, 2024
Rapò ak son manif KOMOKODA devan biwo Komite Kanaval Eastern Parkway a; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ranmase ak son manifestasyon KOMOKODA devan biwo Kanaval la
Liy ouvè ak oditè yo
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Dragon 9 tèt la anonse yo pa prale nan inogirasyon Abinader
-Ti detay sou akò "Open Skies" Etazini siyen ak Repiblik Dominikèn
-Alatèt fòs Kenya nan peyi a demanti pawòl k ap pale nan lari ki di se PNH la ki te vin sove Kenya yo anba grif Lanmò san jou
-Urbain Richard ak Venus Int'l anonse yo yo anile festival anyèl "Labor day yo a ane sa a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Aug 12, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 12 out 2024
Monday Aug 12, 2024
Monday Aug 12, 2024
Mobilizasyon 10am demen maten devan komite kanaval la pou kominote a bloke Martelly nan NY la; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Ti koze ak Granbwa sou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman an; Liy ouvè ak oditè yo ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Mobilizasyon pou kominote a kanpe pou bloke Martelly ki vle vin jwe sou Eastern Parkway a pou Labor Day: Manif 10am demen maten devan komite kanaval la: 1561 Bedford Avenue nan Brooklyn nan
Liy ouvè ak oditè yo
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak frè nou Deenps "Granbwa" Bazile sou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman 2024 nan Prospect Park ki te fèt samdi a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Aug 08, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 8 out 2024
Thursday Aug 08, 2024
Thursday Aug 08, 2024
Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Mobilizasyon pou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park la k ap fèt samdi nan Brooklyn nan; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park la k ap fèt samdi nan Brooklyn nan
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen Pou Refijye Ayisyen: Detay sou kanpo Meriken mete "Pwogram Biden" nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Nouvèl:
-Dènye nan 7 atlèt ki te patisipe nan jwèt olenpik 2024 yo anba drapo Ayiti yo elimine jodi a
-Pati Demokrat Meriken an chwazi Gouvènè Minnesota a Tim Waltz kòm kandida Vis Prezidan yo akote Kamala Harris
-Bankye Grameen Bank Mohammed Yunus prete sèman kòm nouvo dirijan peyi Bangladesh
-Mercedes Narcisse: 718-241-9330

Wednesday Aug 07, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 7 out 2024
Wednesday Aug 07, 2024
Wednesday Aug 07, 2024
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba: Rapò sou 14yèm Festival Kiba-Kreyòl la; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Sispansyon "Program Biden" nan; "Lòbi Israel la fese do Depite Meriken Nwa Cori Bush atè; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Yon lòt fwa ankò nou remèsye oditè yo ki te pote kole nan konbit pou Festival Kiba-Kreyòl la
Gouvènman Meriken an anonse li mete yon kanpo sou "Pwogram Biden" nan akoz fwod moun k ap fè aplikasyon yo fè nan sistèm nan
Nouvèl:
-Apre Cynthia Mckinney, Jamaal Bowman, lòbi Israel la reyisi mete do Cori Bush, yon lòt depite Meriken Nwa ki pa deside mache nan lojik tout pou Israel la atè; Ki lè kominote nou an ap gen kapasite ak kouraj pou nou egzije politisyen lokal yo respekte enterè kominote nou an
-Mercedes Narcisse: 718-241-9330

