Episodes

Wednesday Sep 25, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 25 septanm 2024
Wednesday Sep 25, 2024
Wednesday Sep 25, 2024
Ranmase ak son manif KOMOKODA fè yè kont Garry Conille; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba; Pati Democrat la ak Hillary Clinton ap chache pran woulib sou dosye chen ak chat Trump lan; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ranmase sou manifestasyon KOMOKODA fè kont Garry Conille yè devan makrèl Nicholas a
(https://www.youtube.com/watch?v=6l-UFQg5O9E&t=3s)
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista

Tuesday Sep 24, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 24 septanm 2024
Tuesday Sep 24, 2024
Tuesday Sep 24, 2024
Emisyon mobilizasyon pou n al bat chalbari dèyè Garry Conille ak ekip li a epi Edgar Leblanc ak ekip li a; Pèp Ayisyen an pa mete ni yonn ni lòt epi ni yonn ni lòt la pa lejitim pou yo pale nan non pèp Ayisyen an
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Maten an nou aprann Garry Conille ap nan legliz Pastè Nicolas a a 6PM - Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA pou n al di moun sa yo pa reprezante pèp Ayisyen an
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Depatman deta di se te yon ti pwoblèm kominikasyon ki fè yo te voye di Edgar Leblanc yo pa t ap resevwa l NY pou rankont nan LONI a
-Gwatemala di l pare pou l voye 150 polis militè Ayiti
-Prezidan Kenya a William Ruto bat bravo pou travay sòlda l yo ann Ayiti epi l mande peyi k te pwomèt yo tanpri voye ti kòb la vini
-Reyinyon Abinader ak Ruto nan NY la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Sep 23, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 23 septanm 2024
Monday Sep 23, 2024
Monday Sep 23, 2024
Jodi a fè 11 lannen depi gouvènman Dominiken an denasyonalize plizyè jenerasyon Dominiken ki se pitit Ayisyen; Fòs, Kouraj, ak Lanmou pou frè nou Vilcere Romelus ak fanmi li-Lantèman manman Vanyan an fèt samdi a; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi a fè 11 lannen depi gouvènman Dominiken an denasyonalize plizyè jenerasyon Dominiken ki se pitit Ayisyen
Fòs, Kouraj, ak Lanmou pou frè nou Vilcere Romelus ak fanmi li-Lantèman manman Vanyan an fèt samdi a
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Anons: Mobilizasyon pandan semèn kote pil ak pakèt chèf deta nan bouk la
Segman espesyal sè nou Altagracia Jean Joseph sou 11 lannen depi desizyon 168-13 la; Ti koze ak Elena Lorac, responsab nan Reconoci.do, sou jounen an ak reyalite fanmi nou yo jodi a
Anons

Friday Sep 20, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou vandredi 20 septanm 2024
Friday Sep 20, 2024
Friday Sep 20, 2024
Emisyon espesyal nan jou 20 Septanm nou te konn selebre anivèsè nesans Papa Desalin anvan nou te fè konesans ak Gazette Politique et Commerciale d'Haiti, 31 out 1805
Entwo
Pou ki sa Ayisyen rekonèt Janjak Desalin kòm papa peyi nou
Nou li Deklarasyon Endepandans peyi nou Janjak Desalin te prezante nan Gonayiv Premye janvye 1804
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Sep 19, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 19 septanm 2024
Thursday Sep 19, 2024
Thursday Sep 19, 2024
Segman imigrasyon an ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Anons; Nouvèl; Anyen pa p chanje toutotan se restavèk lènmi nou k ap dirije peyi nou ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen Pou Refijye Ayisyen: Enfòmasyon enpòtan nan renouvle kat rezidans pèmanan nouAnons
Nouvèl:
-Yè mèkredi a Asanble Jeneral Nasyonzini vote yon rezolisyon pou mande Israel kite teritwa Palestinyen li okipe yo anvan yon lannen
-lis delegasyon gouvènman Ayiti k ap rantre NY la 20-28 pou rankont Nasyonzini yo
-Avoka Kofi Amankwaa nan Bronx aksepte plede koupab pou fwod imigrasyon ak dosye VAWA a l ap fè depi ane 2016 jiska mwa novanm 2023 a lè yo te arete l
-Gouvènman restavèk lakay nou an anonse fòmasyon yon Konsèy Elektoral Pwovizwa pou y al fè eleksyon patwon yo ba yo lòd pou yo fè
Anyen pa p chanje lakay nou toutotan se pa Ayisyen patriyòt, Ayisyen konsekan ki chwazi Ayisyen patriyòt ak Ayisyen konsekan pou dirije peyi nou nan enterè Ayiti ak enterè Ayisyen
Anons

Wednesday Sep 18, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 18 septanm 2024
Wednesday Sep 18, 2024
Wednesday Sep 18, 2024
Israel eklate aparèy kominikasyon moun ki kanpe anfas li; Refleksyon nou sou teknoloji ak konfò; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba; Anons; Ki sa nou di nan koze eleksyon Meriken, Trump anfas Kamala ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Israel sèvi ak teknoloji pou eklate aparèy kominikasyon "pager" ak "walkie talkie" militan ak konbatan nan Liban; Minis Defans yo Yoav Gallant konplimante lame li ak sèvis entelijans li epi l di batay la rantre nan yon lòt nivo
Refleksyon nou sou teknoloji ak konfò epi jan lènmi moun sèvi ak teknoloji a kou siwo pou rale nou vini anba vant li epi atrap nou pou l fè sa l vle ak nou
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Lekòl ouvè nan tout kwen nan peyi Kiba epi gratis pou tout Kiben

Tuesday Sep 17, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 17 septanm 2024
Tuesday Sep 17, 2024
Tuesday Sep 17, 2024
Pou di yon pansman oswa yon kole pyese ka rezoud pwoblèm nou kòm pèp?; Liy ouvè ak oditè yo; Fòs, kouraj, ak lanmou pou frè nou Vilcere Romelus ki pèdi manman li epi sè nou Katia Mathieu ki pèdi manman l tou; Nouvèl; Liy ouvè; Anons
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Pou di yon pansman oswa yon kole pyese ka rezoud pwoblèm nou kòm pèp?
Liy ouvè ak oditè yo
Nou salye frè nou Vilcere Romelus ak fanmi li nan okazyon travèse manman li Madam Elise Romelus lendi 9 septanm; Sèvis yo ap fèt wikenn sila a
Nou salye sè nou Katia Mathieu ki pèdi manman li Madam Ghislaine Toussaint; Fòs, kouraj, ak lanmou pou tout fanmi an
Nouvèl:
-Trajedi frape nan Miragwàn ak yon kamyon gaz menm jan ak sa k te pase nan vil Okap an 2021; Fwa sa a 26 Ayisyen mouri boule epi 40 lòt lopital
-Peyi Benin di se militè l te pral voye Ayiti men kòm Meriken ensiste se polis ki pou chèf okipasyon an li tou retire kò l
-Se avoka federal Markenzy Lapointe, yon Ayisyen dorijin ki responsab envestige dezyèm tantativ sasinay sou Donald Trump lan
-Dènye nouvèl sitiyasyon konplike Ayisyen k al viv nan vil Springfield nan eta Ohio ap travèse
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Sep 16, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 16 septanm 2024
Monday Sep 16, 2024
Monday Sep 16, 2024
Remèsiman ak ranmase nou sou aktivite n fè ak Keb yè apremidi; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Konbit pou ankouraje oditè yo achte usb 5 cd Keb la ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Remèsiman ak ranmase sou aktivite nou Eritye Papa Desalin ak KOMOKODA fè yè ansanm ak Sanba Kebert Bastien pou soutni travay 2 òganizasyon sa yo
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Dènye nouvèl nan dosye Springfield, Ohio a
-Desizyon tribinal federal nan Tampa a nan dosye Uhuru 3 yo tonbe jedi pase
Konbit pou n rive vann kèk usb Keb anplis pou soutni travay fanmi an
Minis dyaspora ak Zafè Etranje nan Gouvènman Kwoupyon Garry Conille la deside kanpe pou defann Ayisyen nan Springfield, Ohio; Tanpri ede m ri!
Anons

Thursday Sep 12, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 12 septanm 2024
Thursday Sep 12, 2024
Thursday Sep 12, 2024
Konbit pou espektak ti frè nou Kebert Bastien ap fè nan Flanbwayan (3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan) pou kore travay KOMOKODA ak emisyon Eritye Papa Desalin; Dosye Springfield, Ohio a; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Konbit pou espektak ti frè nou Kebert Bastien ap fè nan Flanbwayan (3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan) pou kore travay KOMOKODA ak emisyon Eritye Papa Desalin
Yon lòt fwa ankò n ap sonje dat madichon 11 septanm nan: 1973, Koudeta kont Salvador Allende nan Chile; 1988, Masak nan legliz Senjan Bosko; 1993 Sasinay Antoine Izmery; 2001, Deblozay Ozetazini
Dènye nouvèl sou pèsekisyon sou Ayisyen nan Springfield, Ohio:
-Manman ak papa timoun ki te mouri nan aksidan otobis ki t ap mennen timoun lekòl ane pase a di Trump ak Vance ak Repibliken yo wete non pitit yo nan djòl yo
Anyen pa p chanje lakay nou toutotan se pa Ayisyen patriyòt, Ayisyen konsekan ki chwazi Ayisyen patriyòt ak Ayisyen konsekan pou dirije peyi nou nan enterè Ayiti ak enterè Ayisyen
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Konbit pou espektak ti frè nou Kebert Bastien ap fè nan Flanbwayan (3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan) pou kore travay KOMOKODA ak emisyon Eritye Papa Desalin

Wednesday Sep 11, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 11 septanm 2024
Wednesday Sep 11, 2024
Wednesday Sep 11, 2024
Jodi a se 11 septanm: Koudeta kont Allende nan Chile; Masak nan Senjan Bosko; Deblozay Etazini; Koze Ayisyen k ap manje chat ak volay sovaj la soti nan Mezon Blanch li ateri nan deba kandida preyidan; Nouvèl; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba; Nouvèl; Liy ouvè; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi a se 11 septanm: 1973, Koudeta kont Allende nan Chile; 1988, Masak nan Senjan Bosko; 2001, Deblozay Etazini
Koze Ayisyen k ap manje chat ak volay sovaj la soti nan Mezon Blanch li ateri nan deba kandida preyidan
Moun ki te fè foto nèg Nwa ak bèt volay sovaj la pale ak jounalis Columbus Dispatch; Li di l pa t fè foto a pou ede rasis denigre imigran
Nouvèl:
-Peyi Jamayik anonse demen jedi a y ap voye 24 polisye pou ajoute sou 400 Kenya yo k ann Ayiti nan okipasyon degize Meriken an
-Ti komik Frinel Joseph Washington nan yon fowòm dyaspora Ayisyen; Li pwomèt dyaspora a ap vote nan pwochen eleksyon Ayiti yo
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Yon elikoptè Izrayelyen tonbe nan Rafah; 2 sòlda mouri, 8 blese
-Gouvènè Ohio a Mike DeWine ki se yon Repibliken, kondane pèsekisyon k ap fèt sou Ayisyen ak lòt imigran ki fèk vini nan peyi a epi li di l sipòte pwogram imigrasyon k ap mennen plis moun nan peyi isit paske moun sa yo itil eta li a
-Victoria Nuland bay yon entèvyou kote l admèt Etazini te peyi ki te dekouraje Ikrèn fè lapè ak Larisi
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

