Episodes

Monday Mar 04, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 4 mas 2024
Monday Mar 04, 2024
Monday Mar 04, 2024
Mèt Bano (Ernest Banatte) pèdi pitit fi li Carline Banatte; Sè nou Nanoune Obas, manm KOMOKODA fè travèse li; Mesaj Prens Tiecoura Dorleans Desalin; Dosye Ayiti a cho; Liy ouvè ak oditè yo
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Dosye Ayiti a Cho kou vè lanp:
-Rankont CARICOM lan nan Georgetown, Guyana
-Ariel Henry ak ekip li debake nan Kenya pou yo siyen papye
-Gang Meriken yo mete Pòtoprens tèt anba
Liy ouvè ak oditè yo
Ti koze ansanm ak frè nou Jafrikayiti:
-Gradyasyon nan UNIFA
-Refleksyon nou sou dènye atik nan blòg Patricia Camilien "la loi de ma bouche" kote li di dyaspora a pou n fèmen dyòl nou (Shut the fuck up) nan koze peyi a
Anons

Friday Mar 01, 2024
3-1-24 Black Agenda Radio Program interview with Dahoud Andre
Friday Mar 01, 2024
Friday Mar 01, 2024
Dahoud Andre on the Jovenel Moise assassination investigations; The 2004 Coup against President Aristide; And the shenanigans for a "Black Face" occupation of Haiti
********
Dahoud Andre from KOMOKODA, the Committee to Mobilize Against Dictatorship in Haiti joins Black Agenda Radio. He’s also the host of Eritye Papa Desalin, a daily Haitian community radio program (Mondays to Thursdays, 1pm) and co-host of Haiti Our Revolution Continues on WBAI (Saturdays, 4pm).
We will discuss the latest indictments in the investigation of the 2021 assassination of president Jovenel Moise, the 2004 coup against Aristide, and the latest US plan for the occupation of Haiti. He joins us from Brooklyn.

Thursday Feb 29, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 29 Fevriye 2024
Thursday Feb 29, 2024
Thursday Feb 29, 2024
Emisyon espesyal pou make 20 lannen depi koudeta kidnaping Meriken sou Prezidan peyi nou Jean Bertrand Aristide; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
***********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Emisyon espesyal sou 29 fevriye 2004; Jodi a, 29 fevriye 2024 fè 20 lannen depi koudeta kidnaping Gouvènman Meriken an sou Prezidan peyi nou, Jean Bertrand Aristide
CARICOM anonse nouvo wonn dyalòg ant Ariel ak "opozisyon" an nan Jamayik ak eleksyon ann Ayiti mwa out 2025
Meriken mennen Ariel Henry nan Kenya pou l al siyen okipasyon peyi a
Liy ouvè ak oditè yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons

Wednesday Feb 28, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 28 fevriye 2024
Wednesday Feb 28, 2024
Wednesday Feb 28, 2024
Manif nan Giyàn kont Ariel Henry, kont CARICOM, epi kont Meriken; Entèvyou ak Jafrikayiti sou 20 lannen depi koudeta kidnaping 29 fevriye 2004 la; Nouvèl ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ayisyen ak zanmi Ayiti nan Georgetown, Giyàn manifeste kont Ariel Henry, kont CARICOM, epi kont Meriken
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou 20 lannen depi koudeta/kidnaping 29 fevriye 2004 la ak aktivite k ap fèt nan Toronto demen pou make 20 lannen depi pèp Ayisyen an pran gwo kou sila a
Nouvèl:
-Atak teworis nan yon legliz katolik ak yon moske mizilman
-Donald Trump ranpòte "Primary" Repibliken an nan Michigan; Joe Biden genyen "Primary" Demokrat la men genyen yon mouvman pwotestasyon nan pati sila a ki jwenn plis pase 100,000 vòt "Uncommitted"
-Senatè Repibliken Mitch McConnel anonse l ap demisyone nan mwa novanm k ap vini an
Anons

Tuesday Feb 27, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 27 fevriye 2024
Tuesday Feb 27, 2024
Tuesday Feb 27, 2024
Nouvèl; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia; Nouvèl rankont CARICOM nan; Meriken di peyi Benin ap voye 2000 sòlda nan komedi a; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou retounen sou dosye Aaron Bushnell, sòlda meriken ki mouri apre l te fin limen dife sou tèt li devan Anbasad Israel pou l te pwoteste kont jenosid Israel ak Etazini ap fè sou pèp Palestinyen an; Nou gade lòt moun ki fè menm zak la tankou chofè taksi Ayisyen Antoine Thurel nan Boston (1987) epi Karl-Udson Azor devan moniman Vètyè (2023)
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph depi Repiblik Dominikèn; Jodi a se jou peyi sila a ap fete 180 lannen endepandans li
Nouvèl
-Dewoulman 46yèm rankont peyi CARICOM yo nan Georgetown nan Giyàn:
--Ti presyon sou Ariel pou l negosye
--Anbasadè Meriken nan LONI an di Etazini kanpe djanm ak Ariel, ak okipasyon Kenya a epi li anonse peyi Benin dakò voye 2000 sòlda
--Yon palmantè opozisyon nan Giyàn denonse ipokrizi rasis prezidan peyi sa a ki se Irfaan Ali sou dosye Ayiti a
-Refleksyon nou vyolans san parèy lènmi a vle fè konprann ki djayi nan peyi a
-Vwyaj Ariel Henry nan Kenya se ta pou siyen dokiman okipasyon an
-Alatèt LOTAN an di wè pa wè Ikrèn ap rantre nan òganizasyon sila a kanmenm; Vladimir Putin reponn pou l di si se sa yo vle tout bon se pou yo sispann pale epi mete pye yo atè a
-Gwo manifestasyon nan Tel Aviv epi plizyè lòt kote nan Israel pou mete do Benjamin Netanyahu atè
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Feb 26, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 26 fevriye 2024
Monday Feb 26, 2024
Monday Feb 26, 2024
Mesaj Prens Tiecoura Dorleans Desalin; Aksyon Aaron Bushnell devan Anbasad Israel; Baz militè sekrè Meriken nan Ikrèn; Diri pwazon Meriken; Liy ouvè ak oditè yo
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Aaron Bushnell, sòlda meriken 25 an met dife sou tèt li devan Anbasad Israel nan Washington
-Nan yon atik NY Times, Gouvènman Meriken an admèt depi 2014 Ikrèn anvayi ak baz militè Meriken sekrè epi se yo k ap dirije batay la
-Meriken deklare siksè nan Brezil sou dosye Ayiti a malgre ni lajan ni sòlda pa rantre
-Kenya anile yon reyinyon bilateral ak Ayiti samdi a epi Primati anonse Ariel prale Kenya lè l soti nan rankont CARICOM nan
-Rapò Inivèsite Michigan sou diri kontamine Meriken ap vann Ayiti
-Trump kale Nikki Haley lakay li nan South Carolina nan Primary samdi a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Feb 22, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 22 Fevriye 2024
Thursday Feb 22, 2024
Thursday Feb 22, 2024
Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak Hilario Batista; Segman Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen sou Vyolans anndan Kay ak Taina Exant; Rankont G20 k ap fèt Brezil; Anons
***********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Segman sou Vyolans nan relasyon pèsonèl ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Sa k deja soti nan reyinyon G20 k ap fèt nan Rio de Janeiro nan Brezil ak mannigèt Meriken pou yo ranmase lajan pou peye Kenya pou okipasyon yo vle fè ann Ayiti a
Anons

Wednesday Feb 21, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 21 fevriye 2024
Wednesday Feb 21, 2024
Wednesday Feb 21, 2024
Òdonans Jij Walther Wesser Voltaire nan sasinay vòlè mantè Jovenel Moise; Liy ouvè; Jodi a fè 59 lannen depi move je sasinen Vanyan Malcolm X ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou òdonans jij Walther Wesser Voltaire mete deyò sou sasinay vòlè mantè Jovenel Moise: Gwo koze a se Martine Moise li enplike nan sasinay la
Liy ouvè ak oditè yo
Jodi a fè 59 lannen depi move je sasinen Vanyan Malcolm XAnons

Monday Feb 19, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 19 fevriye 2024
Monday Feb 19, 2024
Monday Feb 19, 2024
Nouvèl ki soti sou lanmò komisè lapolis Kenya Walter Nyamato; Mesaj Prens Tiecoura Dorleans Desalin; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nouvèl ki soti nan dosye lanmò komisè lapolis Kenya Walter Nyamato
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Minis "Teritwa Pèdi" a Emilie Prophete-Milce siyen akò "Haiti Transnational Criminal Investigative Unit (TCIU)" ak reprezantan Homeland Security etan l te Washington madi pase a
-Gadkòt Meriken rapatriye 33 Ayisyen k te ateri Fort Pierce nan Florid semèn pase a
-Mobilizasyon nan Kenya kont pwojè Prezidan peyi a William Ruto pou l voye polisye Ayiti pandan ensekirite ap taye banda nan Kenya
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Joe Biden rekonèt opozan Ris ki mouri a Alexei Navalny t ap travay nan enterè Etazini
-Mezon Blanch anonse Joe Biden pral fè yon ekzamen sante li men doktè a pa p tcheke si msye pa fin entatad nèt
-Pale anpil yo ap ogmante sou ranplasan Joe Biden nan eleksyon novanm 2024 yo
-Tribinal EntèAmerikèn Dwa Moun fè yon desizyon anfavè 6 Ayisyen Etazini te depòte nan move kondisyon
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Feb 15, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 15 Fevriye 2024
Thursday Feb 15, 2024
Thursday Feb 15, 2024
Komisè Lapolis Kenya Walter Nyamato ki te rantre Washington pou siyen "akò resipwòk" ak Frantz Elbe dòmi madi swa li pa leve mèkredi maten; Dosye lou vin tonbe sou Pastè Sanon; Sarkozy pral nan prizon; Liy ouvè ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Gwo nouvèl jounen an se Komisè Lapolis Kenya Walter Nyamato ki te rantre Washington pou siyen "akò resipwòk" ak Frantz Elbe dòmi madi swa li pa leve mèkredi maten
Nouvèl:
-Diplis ki soti sou rankont Kenya-Ayiti nan Washington nan
-Federal Meriken chanje plent li te genyen kont Pastè Sanon nan dosye Jovenel Moise la
-Tribinal dapèl nan vil Pari kodane ansyen Prezidan Franse a Nicolas Sarkozy ak plizyè akolit li pou yo fèmen nan prizon
-Izrayèl deside li pa p pousuiv negosyasyon ki t ap fèt nan Ejip ak Hamas
Liy ouvè ak oditè yo
Anons