Episodes

Tuesday Dec 23, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 23 desanm 2025
Tuesday Dec 23, 2025
Tuesday Dec 23, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Koze pou imigran tounen lakay yo pou kont yo a tèlman raz nan men Trump msye triple $1,000 ak tikè avyon l te ofri moun ki dakò ale yo; Emisyon espesyal jodi a sou sasinay Jean Wilson Brutus la; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Malgre yo di gen prèske 2 milyon migran ki pa t genyen yon estati pèmanan ki aksepte tounen lakay yo sou pwòp volonte yo Gouvènman Trump anonse si w ale anvan Premye janvye l ap triple $1000 yo te ofri moun ki dakò tounen yo
Lwa HOPE/HELP la nan wout pou renouvle; Ou kwè se pou byennèt travayè faktori yo tout bon?
Emisyon espesyal sou sasinay Jean Wilson Brutus
-Ki sa k nouvo nan dosye a?
-Anvan Brutus kominote Ayisyen an genyen Marie Ange Blaise ki te mouri nan men ICE nan mwa avril 2025
-Nou ankouraje kominote kanpe ansanm ak òganizasyon yo nan New Jersey k ap mande jistis pou Jean Wilson Brutus epi k ap ekzije leta fèmen prizon prive Delaney Hall la ak tout lòt prizon prive yo nan peyi a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Dimanch 28 desanm, 3pm: Aktivite nan Sista's Place, 456 Nostrand Ave pou make 100 lannen Patrice Lumumba, Malcolm X, ak Frantz Fanon
-Jedi Premye janvye, 2026 3pm: Selebrasyon 222 lannen Endepandans Ayiti nan Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd
-Lendi 12 janvye 2026, 2pm: Manif devan Fondasyon Clinton pou make 16 lannen depi Goudougoudou a

Monday Dec 22, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 22 desanm 2025
Monday Dec 22, 2025
Monday Dec 22, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Rapò ak son manifestasyon KOMOKODA fè vandredi a anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI; Nouvèl; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Rapò ak son manifestasyon KOMOKODA vandredi 19 desanm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Nouvèl:
-Konpatriyòt nou Jean Wilson Brutus pèdi lavi l nan men ICE nan Delaney Detention Center nan Newark, NJ depi 12 desanm; Se jis yon semèn apre 18 desanm ICE anonse lanmò a
-Etazini gen yon nouvo lwa ki rele Haiti Criminal Collusion Transparency Act (NDAA) kote yo bay tèt yo dwa jere lajistis ann Ayiti
-Gwo dife pete nan lekòl National Kolonbi (Kan Kolonbi) kote
-Trump mande USCIS pou ba l ant 100 a 200 denatiralizasyon chak mwa pou 2026 la
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Dimanch 28 desanm, 3pm: Aktivite nan Sista's Place, 456 Nostrand Ave pou make 100 lannen Patrice Lumumba, Malcolm X, ak Frantz Fanon
-Jedi Premye janvye, 2026 3pm: Selebrasyon 222 lannen Endepandans Ayiti nan Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd
-Lendi 12 janvye 2026, 2pm: Manif devan Fondasyon Clinton pou make 16 lannen depi Goudougoudou a

Thursday Dec 18, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 18 desanm 2025
Thursday Dec 18, 2025
Thursday Dec 18, 2025
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA demen vandredi 19 desanm 2025, 2pm-5pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA demen vandredi 19 desanm 2025, 2pm-5pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Repòtaj kay vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Lekòl ouvè men pa gen lekòl pou tout bon nan peyi a
-Gouvènman Federal Tazini an arete 2 Ayisyen ki te mele nen zafè fwod nan pwogram SNAP ki se yon pwogram manje leta bay pou moun ki nan bwen
-Anbasadè Kanada ann Ayiti fwote kichòy nan figi "otorite" nou yo; Restavèk yo boude men tout moun wè klè ou di se pa menm yomenm ki lakòz sa pase konsa
Anons

Wednesday Dec 17, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 17 desanm 2025
Wednesday Dec 17, 2025
Wednesday Dec 17, 2025
Nou salye oditè nou yo epi nou remèsye fanmi yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Sè nou, Taina Exant sou "webinar" sou TPS Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen ap fè nan Zoom, 12:30pm demen; Nouvèl; Repòtaj Ayibopost sou fo kat didantite; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen rejwenn nou pou n ankouraje fanmi an patisipe nan "webinar" Zoom y ap fè midi edmi demen
Nouvèl:
-Ekip Trump lan ajoute 20 nouvo peyi nan lis peyi "fatra" l pa vle sitwayen yo rantre Etazini
-MSS ak FSG egal menm komedi a; Jamayik ki te genyen 24 sòlda nan MSS la, jodi a l gen 26 nan FSG a
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA vandredi 19 desanm 2025, 2pm-5pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Nou pase repòtaj Ayibopost sou fo kat idantite k ap sikile nan lari a ki se yon menas nan nivo tranzaksyon labank ak transfè epitou nan koze eleksyon
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-

Tuesday Dec 16, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 16 desanm 2025
Tuesday Dec 16, 2025
Tuesday Dec 16, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Emisyon espesyal jodi a nan okazyon 35 lannen depi 16 desanm 1990; Liy ouvè ak oditè yo; Kòmantè frè nou Jean Paul Spence; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Emisyon espesyal nan okazyon gwo jounen istorik 16 desanm 1990
Mesaj 3 fevriye 1990 Prezidan eli Jean Bertrand Aristide apre asasen teworis te mete yon dife nan lokal Lafanmi Selavi ki touye 4 jèn gason
Son inogirasyon Jean Bertrand Aristide 7 fevriye 1991
Liy ouvè ak oditè yo
Kòmantè frè nou Jean Paul Spence
Nouvèl:
-Anbasadè Lafrans ann Ayiti anonse depi kèk lannen Lafrans ap antrene polisye ak sòlda pou Ayiti nan Matinik ak Gwadloup epi Lafrans pare pou l koumanse vann Ayiti zam ak minisyon pou konbat gang teworis yo
-Inyon Ewopeyèn anonse sanksyon kont Martelly, Youri Latortue, Rony Celestin, ak Johnson Andre (Izo 5 segond)
-Yè lendi a Sunrise anonse li te fè premye vòl li soti Fort Lauderdale pou rantre Okap
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA vandredi 19 desanm 2025, 2pm-5pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Dec 15, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 15 desanm 2025
Monday Dec 15, 2025
Monday Dec 15, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Rapò lantèman Frantz Alfred, Frantzia, ak Poojanee Fleury nan East Orange, NJ; Rapò fèt fen ane KOMOKODA; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Lantèman Mr. Frantz Alfred, Frantzia, ak Pojanee Fleury nan East Orange, NJ
Konbit pou manifestasyon KOMOKODA vandredi 19 desanm 2025, 2pm-5pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Dènye nouvèl sou sòlda ak lajan Meriken sanble pou Fòs Represyon Gang yo a
-Ekip Trump lan elimine "Family reunification" nan pou Colombia, Cuba, Ecuador, El Salvador, Guatemala, Haiti ak Honduras
-Supreme Court dakò pou dosye Trump pou kanpe "Birthright Citizenship" la vanse
-Ladwat reyaksyonè pote boure nan eleksyon nan Chili ak eleksyon Jose Antonio Kast
-Yon avyon Jet Blue chaje ak touris Meriken ki t ap soti Kiraso pou vini NY JFK manke fè kolizyon ak yon avyon lagè Trump mete nan zòn nan pou bay Venezuela presyon
-Kongrè Meriken an ap fè gwo presyon pou fòse Bill ak Hillary Clinton vin temwanye sou dosye Epstein nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Konbit pou manifestasyon KOMOKODA vandredi 19 desanm 2025, 2pm-5pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI

Thursday Dec 11, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 11 desanm 2025
Thursday Dec 11, 2025
Thursday Dec 11, 2025
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen: Trump repete koze peyi two latrin nan nan yon rankont nan Pennsylvania; Lavant "gold card" yo koumanse yè; Mobilizasyon jeneral pou bloke fen TPS pou Ayiti 3 fevriye a
Nouvèl:
-Etazini sezi yon oil tanker venezuela ki t ap pote luil Kiba
-Boukantay 230 polisye Kenya lendi a: 230 rantre Ayiti epi 230 tounen lakay yo; Moun Kenya remake yo t ap danse epi bat lestomak yo lè yo t aprale epi anpil tounen chifonnen epi sou bekiy
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Konbit pou sipò fen ane a
-Lantèman Frantzia ak Pojanee Fleury epi papa yo Alfred Frantz Fleury ap fèt 10am samdi 13 desanm k ap vini an
-6pm, samdi swa 13 desanm se fèt fen ane KOMOKODA nan Flanbwayan: N ap tann ou

Wednesday Dec 10, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 10 desanm 2025
Wednesday Dec 10, 2025
Wednesday Dec 10, 2025
Nou salye oditè nou yo epi nou remèsye fanmi yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Nouvèl; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Istwa Jean Claude Martineau (Koralen) - Tèlson
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Ki sa dwa moun vle di nan peyi Kiba
Refleksyon nou sou 10 desanm ki se Jounen Entènasyonal Dwa Moun
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Konbit pou sipò fen ane a
-Lantèman Frantzia ak Pojanee Fleury epi papa yo Alfred Frantz Fleury ap fèt 10am samdi 13 desanm k ap vini an
-6pm, samdi swa 13 desanm se fèt fen ane KOMOKODA nan Flanbwayan: N ap tann ou

Tuesday Dec 09, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 9 desanm 2025
Tuesday Dec 09, 2025
Tuesday Dec 09, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Ti pye zoranj; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Bòn fèt Adan Antoine
Anons
Anplis Majistra NY la Eric Adams siyen dekrè pou anpeche otorite lavil NY la pran sanksyon, bloke envestisman kont Israel, msye siyen pou manifestasyon pa fèt devan sinagòg, legliz, ak moske
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; 2 sè Altagracia Michaela ak Macula k ap viv San Pedro de Macoris vin vizite li epi tou pote refleksyon yo nan dosye lanmò Ti Stephora Anne-Mircie Joseph
Nouvèl:
-Anbasadè Ayiti nan Washington nan Lionel Delatour te fete kèk manm ekip foutbòl Ayiti ki pral nan Koup dimond lan epi anonse gouvènman li te pase l lòd pou l pale ak Trump pou mande l gras pou Ayisyen ki pa p viv Ozetazini nan ka vin isit pou asiste match
-Prezidan Ikrèn nan Volodimyr Zelensky di vyèj timenn li li pa p siyen iltimatòm Gwo Moso Donald Trump prezante l pou lapè ak Larisi; Lafrans, Angletè, Almay di Zelensky kenbe djanm y ap kore bannann li; Trump di msye atansyon paske peyi sa yo pa gen dan nan djòl yo
-Nan okazyon Jounen Entènasyonal Kont Koripsyon ULCC pibliye yon rapò ki mande jije Michel Martelly, yon ansyen direktè FNE, Minis Spò aktyèl la, epi 2 anplwaye ISPAN
Kont frè nou Wilner Altidor te anrejistre: Ti Pye Zoranj
Ti komik Alix Didier Fils Aimé nan Misyon Kanada nan Nasyonzini pou mande sipò pou lajan ak sòlda pou fòs represyon gang nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Konbit pou sipò fen ane a
-Lantèman Frantzia ak Pojanee Fleury epi papa yo Alfred Frantz Fleury ap fèt 10am samdi 13 desanm k ap vini an
-6pm, samdi swa 13 desanm se fèt fen ane KOMOKODA nan Flanbwayan: N ap tann ou

Monday Dec 08, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 8 desanm 2025
Monday Dec 08, 2025
Monday Dec 08, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Rapò lantèman matant mwen Marie Françoise Jean-Baptiste; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Bòn fèt Roselyn!
Lantèman Marie Francoise Jean Baptiste
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Propriyetè App ICEBlock yo ap asiyen gouvènman Trump la nan tribinal pou presyon yo te fè sou konpayi Apple pou l te fèmen app la
-Gouvènman Jamayik la ap negosye ak Bill Clinton pou Fondasyon Clinton ta ede yo ranmase yon trilyon dola epi vin ede yo rebati Jamayik apre dega siklòn Melissa
-Menm komedi "Ayiti" nan koup dimond 2026 la sot fèt nan Miss Universe 2025 lan Thailand: Madmwazèl Melissa Queenie Sapini ki se yon pitit Ayisyen ki fèt nan Boston, k al patisipe nan yon simagri konpetisyon ki fèt Miami epi l al nan konpetisyon an nan non Ayiti nan Thailand
-Eric Adams, ti vòlò restavèk ki majistra lavil New York la fè yon dènye vwayaj kòm majistra ale Israel epi lè l tounen li siyen yon dekrè ki di moun ki vini apre l yo pa ka retire envestisman lavil la nan biznis Israyelyen
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Konbit pou sipò fen ane a
-Fèt fen ane KOMOKODA 6pm, samdi 13 desanm nan Flanbwayan
-Lantèman Frantzia ak Pojanee Fleury ap fèt samdi k ap vini an

