Episodes

Thursday Jun 06, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 6 jen 2024
Thursday Jun 06, 2024
Thursday Jun 06, 2024
Segman Imigrasyon ak Taina Exant, Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Bravo pou Sant N a Rive ki ponn Enstiti kreyòl ak patrimwàn kiltirèl ayisyen (ENKPKA); Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman Imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Dekrè administrasyon Biden nan pran semèn sa a pou bloke refijye ki rantre Ozetazini san otorizasyon
Nouvèl
-Pou di gen "danje" pou Donald Trump ak Valdimir Putin
-Bravo pou Sant N a Rive nan Montreal ki vini ak yon gwo zouti pou lang Kreyòl la: Enstiti kreyòl ak patrimwàn kiltirèl ayisyen (ENKPKA)
Aba tchoul restavèk Meriken Garry Conille ki pa plis pase yon dezyèm vèsyon Gwo Gerard Malpouwont Latortue!
Anons

Wednesday Jun 05, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 5 jen 2024
Wednesday Jun 05, 2024
Wednesday Jun 05, 2024
Ruto anboche pastè pwotestan lakay li nan konba kont gang djab vodou ann Ayiti; Lantèman 2 misyonè Mekriken yo fèt lakay yo yè madi a; Repòtaj Kay Vwazen Kiba; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ruto anrole pastè pwotestan lakay li pou ede l konbat fòs dyabolik vodou yo nan peyi nou
Nesesite pou yon gwo konbit patriyòt Ayisyen pou n kontre plan lènmi Ayiti yo; Lantèman 2 misyonè blan yo fèt lakay yo yè madi a
Blag CantaveK - Konvèsasyon ak yon okipan
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Jun 04, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 4 jen 2024
Tuesday Jun 04, 2024
Tuesday Jun 04, 2024
Konbit pou oditè Eritye Papa Desalin; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Blag Tom Malè; Dejwe - Istwa Koralen; Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph; yo Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nouvèl ak Analiz:
-Pyès teyat Meriken ak Garry Conille ki se dezyèn vèsyon Gwo Gerard Latòrtue
-Jounal "Guardian" nan Angletè pibilye yon rapò sou espyonaj ak menas peyi Israel ap fè depi plizyè dizèn lannen sou manm Tribinal Penal Entènasyonal yo (ICC)
Blag Tom Malè sou jistis Sen Pyè
Dejwe - Istwa Koralen
Ti koze Jean Claude Martineau (Koralen) sou konjonkti peyi a - Nou pèdi premye tranch lan
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl

Monday Jun 03, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 3 jen 2024
Monday Jun 03, 2024
Monday Jun 03, 2024
Anons; Levanjil Liberasyon ak Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Ti koze ak Castro Desroches sou dezyèm edisyon "Salon Liv Ayisyen nan New York" k ap fèt wikenn k ap vini an; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak konpatriyòt Castro Desroches sou dezyèm edisyon "Salon Liv Ayisyen nan New York" k ap fèt wikenn k ap vini an
Nouvèl:
-Rezilta eleksyon ki te fèt Afrik Disid semèn pase yo deyò
-Eleksyon fèt nan peyi Meksik yè; Pati AMLO a MORENA ap kontinye opouvwa ak Claudia Sheinbaum ki se premye fanm ki eli prezidan peyi a
-Pwosesis elektoral pou ranplase prezidan Iran an Ebrahim Raisi derape
-Dezyèm vèsyon malpouwon Gerard Latortue a Garry Conille ateri nan peyi a samdi epi l al virewon nan zòn anba lavil la yo anndan yon cha blende
Liy ouvè ak oditè yo
Parad "Mwa Eritaj Ayisyen" ti komik yo fèt nan Manhattan samdi a; Wa "kanaval" la se te Pè Gigit! Grand Marshal se te Wyclef Jean epi Fanm "Vwayan" yo se te Rodneyse Bichotte ak ti restavèk li Farah Louis

Thursday May 30, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 30 me 2024
Thursday May 30, 2024
Thursday May 30, 2024
Segman Imigrasyon ak Taina Exant, Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Ti koze ak frè nou Frantz Andre sou nouvo desizyon Minis Imigrasyon Kanada; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman Imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Ti koze ak frè nou Frantz Andre sou desizyon Minis Imigrasyon Kanada ki bay yon refij tanporè pou Ayisyen ki gen fanmi yo Kanada ki nan peyi a san papye
Nouvèl
-Ti komik tchoul Ameriken Garry Conille remèsye dragon 9 tèt la, sosyete sivil, pati politik yo, dyaspora a; Anpil moun remake je l chèch anpil li pa remèsye Meriken ki se li k ba l djòb la
-American Airlines ak Amerijet Cargo fè premye vwayaj yo nan ayewopò Tousen Louvèti nan Pòtoprens
-Peyi LOTAN yo di yo pa gen pwoblèm pou Ikrèn ta sèvi ak zam yo ba li pou l atak fon anndan peyi Larisi
Anons

Wednesday May 29, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 29 me 2024
Wednesday May 29, 2024
Wednesday May 29, 2024
Nou pase vwa Pòtpawòl lari a Guerline Morisette; Nou tradui lèt toulouvri ekriven Ngugi Wa Thiongo ekri pou denonse Ruto; Repòtaj Kay Vwazen Kiba; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou pase vwa sè nou Guerline Morisette, Pòtpawòl lari a k ap anonse li la, byen vivan, ap kontinye travay li
Nou fè tradiksyon lèt toulouvri ekriven Kenyen Ngugi Wa Thiongo ekri pou denonse "esklav" William Ruto ki t al chita sou chèz patwon li nan Washington jedi pase
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Eleksyon ap fèt jodi a nan Afrik Disid; Pou premye fwa depi viktwa Mandela an 1994, ANC riske pa ranpòte eleksyon an ak plis pase 50% vòt yo
-Komisyon Tranzisyon nan Burkina Faso k te rankontre nan wikenn nan anonse Kapitèn Ibrahim Traore ta gen pou l kenbe pouvwa a pou 5 lannen anvan eleksyon; Pèp la te pran lari pou mande 10 lannen pouvwa pou Vanyan an
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday May 28, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 28 me 2024
Tuesday May 28, 2024
Tuesday May 28, 2024
Konbit pou oditè Eritye Papa Desalin yo ta ede Radyo Chandèl nan Latibonit rezoud yon pwoblèm batri pou "inverter" yo; Nou kontan anonse nouvèl lanmò sè nou Guerline Morisette ki te gaye nan web la yè se te yon malatchong; Nouvèl; Blag CantaveK sou reta Kenya a epi sou Papa Desalin ki ta pran kout pitit ak tout kout nasyon; yo Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Konbit pou oditè Eritye Papa Desalin yo ta ede Radyo Chandèl nan Latibonit rezoud yon pwoblèm batri pou "inverter" yo
Nou kontan anonse nouvèl lanmò sè nou Guerline Morisette ki te gaye nan web la yè se te yon malatchong
Blag CantaveK sou reta Kenya a epi sou Papa Desalin ki ta pran kout pitit ak tout kout nasyon
Deklarasyon 26 mas KOMOKODA a
Nouvèl:
-Dosye kriminèl Donald Trump nan NY la al nan "jury" a; Kòm Gwo Moso pa gen dwa kite NY li fè yon gwo reyinyon nan Bronx lan ak patizan li yo
-Malgre estati lavil NY kòm yon "sanctuary city", yo vil ki asire pwoteksyon imigran san papye, li parèt Eric Adams ap chanje politik sila a
-Pale anpil kontinye nan dosye 2 blan misyonè sipòtè gang, gang ta touye epi boule ann Ayiti yo; Ata Ayisyen k ap gade jan Ayisyen ap mouri tankou mouch anba men gang fin awoyo
-Nan mitan menas manda tribinal entènasyonal Israel bonbade yon kan refijye nan Rafah; Kòm dabitid Etazini fè konnen Israel nan dwa l pou l defann tèt li

Monday May 27, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 27 me 2024
Monday May 27, 2024
Monday May 27, 2024
Ranmase ak remèsiman sou manifestasyon KOMOKODA te fè jedi pase nan Washington kont William Ruto; Levanjil Liberasyon ak Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Liy ouvè ak oditè yo; Nouvèl ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ranmase sou manifestasyon Washington jedi 23 me pou n te denonseJoe Biden, Prezidan Kenya a William Ruto ki te nan mezon blanch, ak restavèk Ayisyen yo nan Anbasad Ayiti a; Remèsiman pou tout fanmi yo k te pote kole pou sikè manifestasyon an
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Moriso Lewa - Bondye bon
Nouvèl:
-Komedi blan an anvan l deside ki Ayisyen? oswa Ayisyen ak paspò Meriken? k apral premye minis li
-Ruto anonse ti reta nan debakman an; li mande ekip 50 Kenyen k te gen tan rantre Ayiti yo retounen lakay yo; epi kounyè a li di se 2,000 lapolis Ayisyen ki pral vwayaje al fè 2 semèn Kenya pou antrennman
-2 misyonè blan ak yon lòt ki te djobè Ayisyen yo ki t ap soutni yon "gang" mouri anba men yon lòt "gang"
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday May 23, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 23 me 2024
Thursday May 23, 2024
Thursday May 23, 2024
Repòtaj nan manif KOMOKODA Washington jodi a; Istwa Tèlson Jean Claude Martineau (Koralen) rakonte ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj andirèk nan manifestasyon KOMOKODA Washington kont prezans prezidan Kenya a William Ruto ak madanm nan k nan bouk la: Nou pale ak plizyè manifestan devan Anbasad Kenya a
Istwa Tèlson Jean Claude Martineau (Koralen) rakonte
Anons

Wednesday May 22, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 22 me 2024
Wednesday May 22, 2024
Wednesday May 22, 2024
Mobilizasyon pou manif kont Biden ak Ruto nan Washington; Repòtaj Kay Vwazen Kiba; Ti koze ak frè nou David Oxygene nan MOLEGHAF sou manifestasyon demen an; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA nan Washington jedi 23 me 2024 pou n al denonse tchoul restavèk William Ruto ak madanm li k ap vini Washington ak mèt ke li
Ti koze ak frè nou David Oxygene, responsab nan òganizasyon MOLEGHAF, sou manifestasyon demen nan Washington kont Joe Biden, William Ruto, ak responsab Ayisyen yo
Tònad frape zòn Basen Ble nan Nòdwès peyi a
Anons