Episodes

Tuesday Aug 13, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 13 out 2024
Tuesday Aug 13, 2024
Tuesday Aug 13, 2024
Rapò ak son manif KOMOKODA devan biwo Komite Kanaval Eastern Parkway a; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ranmase ak son manifestasyon KOMOKODA devan biwo Kanaval la
Liy ouvè ak oditè yo
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Dragon 9 tèt la anonse yo pa prale nan inogirasyon Abinader
-Ti detay sou akò "Open Skies" Etazini siyen ak Repiblik Dominikèn
-Alatèt fòs Kenya nan peyi a demanti pawòl k ap pale nan lari ki di se PNH la ki te vin sove Kenya yo anba grif Lanmò san jou
-Urbain Richard ak Venus Int'l anonse yo yo anile festival anyèl "Labor day yo a ane sa a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Aug 12, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 12 out 2024
Monday Aug 12, 2024
Monday Aug 12, 2024
Mobilizasyon 10am demen maten devan komite kanaval la pou kominote a bloke Martelly nan NY la; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Ti koze ak Granbwa sou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman an; Liy ouvè ak oditè yo ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Mobilizasyon pou kominote a kanpe pou bloke Martelly ki vle vin jwe sou Eastern Parkway a pou Labor Day: Manif 10am demen maten devan komite kanaval la: 1561 Bedford Avenue nan Brooklyn nan
Liy ouvè ak oditè yo
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak frè nou Deenps "Granbwa" Bazile sou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman 2024 nan Prospect Park ki te fèt samdi a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Aug 08, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 8 out 2024
Thursday Aug 08, 2024
Thursday Aug 08, 2024
Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Mobilizasyon pou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park la k ap fèt samdi nan Brooklyn nan; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park la k ap fèt samdi nan Brooklyn nan
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen Pou Refijye Ayisyen: Detay sou kanpo Meriken mete "Pwogram Biden" nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Nouvèl:
-Dènye nan 7 atlèt ki te patisipe nan jwèt olenpik 2024 yo anba drapo Ayiti yo elimine jodi a
-Pati Demokrat Meriken an chwazi Gouvènè Minnesota a Tim Waltz kòm kandida Vis Prezidan yo akote Kamala Harris
-Bankye Grameen Bank Mohammed Yunus prete sèman kòm nouvo dirijan peyi Bangladesh
-Mercedes Narcisse: 718-241-9330

Wednesday Aug 07, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 7 out 2024
Wednesday Aug 07, 2024
Wednesday Aug 07, 2024
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba: Rapò sou 14yèm Festival Kiba-Kreyòl la; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Sispansyon "Program Biden" nan; "Lòbi Israel la fese do Depite Meriken Nwa Cori Bush atè; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Yon lòt fwa ankò nou remèsye oditè yo ki te pote kole nan konbit pou Festival Kiba-Kreyòl la
Gouvènman Meriken an anonse li mete yon kanpo sou "Pwogram Biden" nan akoz fwod moun k ap fè aplikasyon yo fè nan sistèm nan
Nouvèl:
-Apre Cynthia Mckinney, Jamaal Bowman, lòbi Israel la reyisi mete do Cori Bush, yon lòt depite Meriken Nwa ki pa deside mache nan lojik tout pou Israel la atè; Ki lè kominote nou an ap gen kapasite ak kouraj pou nou egzije politisyen lokal yo respekte enterè kominote nou an
-Mercedes Narcisse: 718-241-9330

Tuesday Aug 06, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 6 out 2024
Tuesday Aug 06, 2024
Tuesday Aug 06, 2024
Ti koze ak Granbwa sou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman k ap fèt nan Prospect Park nan Brooklyn nan Samdi; Etazini ak bizawèl li di Iran ak Hezbollah pa frape Israel twò fò; Ti koze ak Tony Jean Thenor nan Veye Yo sou mobilizasyon yo kont Martelly nan Miami; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ti koze ak frè nou Deenps "Granbwa" Bazile sou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park nan Brooklyn k ap fèt samdi demen an
Etazini ap bizawèl li yo anonse y ap vin pote Israel lamenfòt anfas nenpòt repons Iran, Hezbollah, ak Hamas ta deside fè epi an menm tan yo tou deklare fòk fòs sa yo pa ta frape Israel twò fò
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou kominote a kanpe pou bloke Martelly ki vle vin jwe sou Eastern Parkway a pou Labor Day
Ti koze ak frè nou Tony Jean Thenor nan Veye Yo nan Miami sou mobilizasyon ki te genyen nan zòn sa a wikenn pase a kont aktivite bal Michel Martelly
Ala wont pou tchoul restavèk blan an mete opouvwa lakay nou yo ki menm jan ak Jovenel Moise deside trayi Venezyela yon lòt fwa ankò lè yo rejwenn kan Meriken an k ap destabilize gouvènman Nicolas Maduro a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Aug 05, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 5 out 2024
Monday Aug 05, 2024
Monday Aug 05, 2024
Ranmase sou "UNIA Flag Day" a ki fèt samdi a; Koukouwouj pou kominote a bloke Martelly sou Parkway; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ranmase sou selebrasyon 104yèm anivèsè drapo UNIA a ki te fèt samdi apremidi nan Prospect Parc nan Brooklyn nan
Anons
Mobilizasyon pou kominote a kanpe pou bloke Martelly ki vle vin jwe sou Eastern Parkway a pou Labor Day
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Etazini deklare rezilta ofisyèl eleksyon Venezyela a pa bon epi yo bay pwòp rezilta yo; Majorite peyi nan OEA yo vote sa Meriken vle a
-Boukantay prizonye ant Etazini ak bizawèl li yo ak Larisi
-Meriken ak Israel ap tann repondong Iran, Hezbollah, ak Hamas apre yo sasinen alatèt politik Hamas la nan Tehran semèn pase
Liy ouvè ak oditè yo
Apre plizyè semèn manifestasyon Premye Minis Bengladesh la Sheik Hasina a deside bay demisyon l
Anons

Thursday Aug 01, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi Premye out 2024
Thursday Aug 01, 2024
Thursday Aug 01, 2024
Nou jete dlo pou Sanba Bernice Johnson Reagon ki janbe; Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou jete dlo pou alatèt gwoup mizikal "Sweet Honey in the Rock" Bernice Johnson Reagon ki fè travèse li vandredi 16 jiyè 2024 nan laj 81 lannen
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen Pou Refijye Ayisyen: Diplis sou TPS la; Rete 30 jou pou fanmi k ap renouvle TPS yo
Anons
Nouvèl:
-Ti komik Edgar Leblanc al reprezante Ayiti nan reyinyon CARICOM nan
-"Ayiti" ta kòmkwa rantre nan dosye restitisyon/reparasyon CARICOM nan sof pa gen pèsonn pran gouvènman Ayisyen an oserye

Wednesday Jul 31, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 31 jiyè 2024
Wednesday Jul 31, 2024
Wednesday Jul 31, 2024
Tout anmèdan gen ti nat: Etazini ak Israel sasinen alatèt Biwo politik Hamas la Ismael Haniyeh nan Iran; Martelly sèmante l ap nan Labor Day sou Eastern Parkway a ane sa a; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou remèsye oditè yo ki te pote kole nan konbit pou Festival Kiba-Kreyòl la k ap koumanse demen ak konbit pou batri Radyo Chandèl yo
Refleksyon nou sou Etazini ak Israel ki sasinen alatèt Biwo politik Hamas la Ismael Haniyeh etan l te nan inogirasyon nouvo prezidan Iran an nan Tehran; N ap di asasen yo pa enkyete yo, tout anmèdan gen ti nat!
Deklarasyon 26 mas KOMOKODA
Normil Rameau bay yon konferans pou laprès kote l di atak tout moun te wè k fèt sou Garry Conille nan lopital jeneral yè a pa t fèt vrèman, se je nou ki t ap ba nou manti
Pawòl k ap fè bri nan kominote a se lajan Michel Martelly ap gaspiye nan kominote a pou l ka retounen vin ouvè kò l nan Labor Day sou Eastern Parkway; Tanpri rele 3 lidè "Ayisyen" yo nan City Council la epi mande yo pou yo pran mikro yo pou yo di PIBLIKMAN sa yo di nan sa:-Mercedes Narcisse: 718-241-9330
Anons

Tuesday Jul 30, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 30 jiyè 2024
Tuesday Jul 30, 2024
Tuesday Jul 30, 2024
Refleksyon nou sou akizasyon koripsyon kont 3 nan sa yo rele 9 konseye prezidan yo; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou sa lari a rele akizasyon koripsyon kont 3 nan sa yo rele 9 konseye prezidan yo: Lè vòlè akize vòlè, ki lès pou kwè?
Lanbi - Feliks Moriso Lewa
Plis klarifikasyon sou akizasyon prezidan konsèy Bank Nasyonal Kredi a Raoul Pierre Louis kont 3 konseye prezidan yo (Gerald Gilles, Smith Augustin, ak Emmanuel Vertilaire); Atak ki fèt sou kòtèj Garry Conille padan l te rive nan lopital jeneral la pou enspeksyon
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Mannigans Etazini ki di l pa dakò ak rezilta eleksyon Venezyela a pou destabilize peyi sa a pandan Paul Kagame nan Rwanda ki di l genyen eleksyon li a ak plis pase 99% vòt yo pa deranje
-Israel bonbade yon katye popilè nan Beirut nan peyi Liban
-Pwopozisyon "Biden" pou chanjman nan jesyon Lakou Siprèm ak laprezidans Etazini
-Larisi kontinye ap ranmase plis teritwa nan Ikrèn
-Mobilizasyon nan Kenya pou dechouke restavèk Meriken William Ruto a rantre nan 6yèm semèn li; Manifestan yo sèmante pa gen fè bak
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Jul 29, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 29 Jiyè 2024
Monday Jul 29, 2024
Monday Jul 29, 2024
Ranmase sou aktivite semèn pase yo; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ranmase sou 2 selebrasyon nou te fè jedi pase (25 jiyè) pou make nesans Papa peyi nou Janjak Desalin
Ranmase sou manifestasyon KOMOKODA vandredi pase devan Citigroup pou denonse rezèv lò peyi nou yo te vòlò epi mande pou yo renmèt lò a
Ranmase sou aktivite KOMOKODA fè yè ansanm ak Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen pou make 109yèm anivèsè okipasyon Meriken 1915 lan
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Anons
Nouvèl:
-Prezidan Venezyela a Nicolas Maduro ranpòte laviktwa nan eleksyon lakay li yè dimanch lan
-Pandan te gen gwo manifestasyon nan lari Washington DC, zotobre peyi Etazini yo resevwa Benjamin Netanyahu ak madanm li an gran ponp semèn pase
-Atik Seymour Hersh sou sa l rele yon koudeta pati Demokrat la pou fòse Joe Biden renmèt Kamala Harris kandidati pati a pou eleksyon mwa novanm yo
Liy ouvè ak oditè yo
Refleksyon nou sou Ayisyen k pa ka sot Pòtoprens pou al Leyogàn k ap selebre atlèt "Ayisyen" ki nan olenpik nan vil Pari ak "bèl" rad wololoy yo
Anons