Episodes

Wednesday Oct 02, 2024
Cat Brooks of KPFA's Law & Disorder Interviewing Dahoud Andre
Wednesday Oct 02, 2024
Wednesday Oct 02, 2024
On US mainstream media warnings of famine in Haiti
On gangs overrunning Haiti
Kenya and CARICOM betrayal of Haiti
On US puppet Haiti president Edgar Leblanc & puppet prime minister Garry Conille

Tuesday Oct 01, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi Premye oktòb 2024
Tuesday Oct 01, 2024
Tuesday Oct 01, 2024
Ki diferans ant Konferans Berlin 1884 ak Konsèy Sekirite LONI 2024?; Nouvèl; Se pèp Ayisyen an ki pou pran kontwòl destine li pou reyalite nou chanje; Liy ouvè; Anons...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Antant Etazini ak Larisi ak Lachin sou do Ayiti nan vòt Konsèy Sekirite LONI an pa twò diferan ak fason 14 peyi Lewòp yo ak Etazini te chita nan Berlin ann Almay an 1884 pou yo te koupe kontinan Afriken an tankou yon gwo gato pou yo chak pran kina yo
Anons
Nouvèl:
-Iran ap lage yon lapli misil nan tout kwen nan Israel
-Israel pèdi plis pase 10,000 sòlda ki mouri oswa andikape depi briganday la koumanse; L ap bay Afriken k al mande azil lakay li gwo presyon pou yo rantre nan lame l
-Siklòn Helen fè gwo dega Ozetazini
-5 ekzekisyon nan yon semèn Ozetazini
-Ruto esplike gwo pwogrè 400 polis li yo fè ann Ayiti
-Lekòl ta sipoze louvri ann Ayiti jodi a
Refleksyon nou sou entèvyou Rudy Sanon fè maten an ak ansyen depite Hugues Celestin
Liy ouvè ak oditè yo
Son manifestasyon yè a
Anons

Monday Sep 30, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 30 septanm 2024
Monday Sep 30, 2024
Monday Sep 30, 2024
Nou andirèk anfas Nasyonzini nan Manhattan pou denonse Konsèy Sekirite Nasyonzini ki vote pwolongasyon okipasyon degize Meriken ak Kenya a alinanimite; Entèvyou Dany Toussaint te fè kote l esplike jan l te viv nuit 29 pou 30 septanm 1991 lan; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou andirèk anfas Nasyonzini nan Manhattan pou denonse Konsèy Sekirite Nasyonzini ki vote pwolongasyon okipasyon degize Meriken ak Kenya a alinanimite
Jodi a fè 33 lannen depi koudeta 30 septanm 1991 lan
Entèvyou Dany Toussaint te fè kote l esplike jan l te viv nuit 29 pou 30 septanm 1991 lan
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Israel ak Etazini sasinen alatèt Hezbollah a, Sheik Hassan Nasrallah
-2 òganizasyon Ayisyen lanse yon aksyon sivil nan tribinal federal nan Florid kont Donald Trump ak bizawèl li yo pou 550 milyon dola
-Aktivis nan Kanada bat chalbari dèyè prezidan peyi Lafrans lan Emmanuel Macron ki t ap vizite lakay yo: Yo mande l renmèt Ayiti 21 milya dola "dèt endepandans" lan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Sep 26, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 26 septanm 2024
Thursday Sep 26, 2024
Thursday Sep 26, 2024
Repòtaj manif KOMOKODA fè jodi a anfas Nasyonzini epi devan Konsila Ayiti nan Manhattan; Federal la enkilpe Majistra NY la Eric Adams jodi a; Haitian Bridge Alliance mande tribinal nan Ohio arete Donald Trump ak JD Vance; Anyen pa p chanje toutotan se restavèk lènmi nou k ap dirije peyi nou ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Liy ouvè ak oditè yo
Dosye gouvènman federal Meriken an ki enkilpe majistra New York la Eric Adams pou koripsyon ak lajan l ta pran anba tab nan diferan gouvènman etranje
Liy ouvè ak oditè yo
Òganizasyon Haitian Bridge Alliance pote plent nan tribinal pou mande arestasyon Donald Trump ak JD Vance pou manti yo fè sou Ayisyen yo di k ap manje chen ak chat nan Springfield, OH ki ta pote gwo menas sou Ayisyen nan zòn nan
Anons

Wednesday Sep 25, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 25 septanm 2024
Wednesday Sep 25, 2024
Wednesday Sep 25, 2024
Ranmase ak son manif KOMOKODA fè yè kont Garry Conille; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba; Pati Democrat la ak Hillary Clinton ap chache pran woulib sou dosye chen ak chat Trump lan; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ranmase sou manifestasyon KOMOKODA fè kont Garry Conille yè devan makrèl Nicholas a
(https://www.youtube.com/watch?v=6l-UFQg5O9E&t=3s)
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista

Tuesday Sep 24, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 24 septanm 2024
Tuesday Sep 24, 2024
Tuesday Sep 24, 2024
Emisyon mobilizasyon pou n al bat chalbari dèyè Garry Conille ak ekip li a epi Edgar Leblanc ak ekip li a; Pèp Ayisyen an pa mete ni yonn ni lòt epi ni yonn ni lòt la pa lejitim pou yo pale nan non pèp Ayisyen an
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Maten an nou aprann Garry Conille ap nan legliz Pastè Nicolas a a 6PM - Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA pou n al di moun sa yo pa reprezante pèp Ayisyen an
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Depatman deta di se te yon ti pwoblèm kominikasyon ki fè yo te voye di Edgar Leblanc yo pa t ap resevwa l NY pou rankont nan LONI a
-Gwatemala di l pare pou l voye 150 polis militè Ayiti
-Prezidan Kenya a William Ruto bat bravo pou travay sòlda l yo ann Ayiti epi l mande peyi k te pwomèt yo tanpri voye ti kòb la vini
-Reyinyon Abinader ak Ruto nan NY la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Sep 23, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 23 septanm 2024
Monday Sep 23, 2024
Monday Sep 23, 2024
Jodi a fè 11 lannen depi gouvènman Dominiken an denasyonalize plizyè jenerasyon Dominiken ki se pitit Ayisyen; Fòs, Kouraj, ak Lanmou pou frè nou Vilcere Romelus ak fanmi li-Lantèman manman Vanyan an fèt samdi a; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi a fè 11 lannen depi gouvènman Dominiken an denasyonalize plizyè jenerasyon Dominiken ki se pitit Ayisyen
Fòs, Kouraj, ak Lanmou pou frè nou Vilcere Romelus ak fanmi li-Lantèman manman Vanyan an fèt samdi a
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Anons: Mobilizasyon pandan semèn kote pil ak pakèt chèf deta nan bouk la
Segman espesyal sè nou Altagracia Jean Joseph sou 11 lannen depi desizyon 168-13 la; Ti koze ak Elena Lorac, responsab nan Reconoci.do, sou jounen an ak reyalite fanmi nou yo jodi a
Anons

Friday Sep 20, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou vandredi 20 septanm 2024
Friday Sep 20, 2024
Friday Sep 20, 2024
Emisyon espesyal nan jou 20 Septanm nou te konn selebre anivèsè nesans Papa Desalin anvan nou te fè konesans ak Gazette Politique et Commerciale d'Haiti, 31 out 1805
Entwo
Pou ki sa Ayisyen rekonèt Janjak Desalin kòm papa peyi nou
Nou li Deklarasyon Endepandans peyi nou Janjak Desalin te prezante nan Gonayiv Premye janvye 1804
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Sep 19, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 19 septanm 2024
Thursday Sep 19, 2024
Thursday Sep 19, 2024
Segman imigrasyon an ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Anons; Nouvèl; Anyen pa p chanje toutotan se restavèk lènmi nou k ap dirije peyi nou ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen Pou Refijye Ayisyen: Enfòmasyon enpòtan nan renouvle kat rezidans pèmanan nouAnons
Nouvèl:
-Yè mèkredi a Asanble Jeneral Nasyonzini vote yon rezolisyon pou mande Israel kite teritwa Palestinyen li okipe yo anvan yon lannen
-lis delegasyon gouvènman Ayiti k ap rantre NY la 20-28 pou rankont Nasyonzini yo
-Avoka Kofi Amankwaa nan Bronx aksepte plede koupab pou fwod imigrasyon ak dosye VAWA a l ap fè depi ane 2016 jiska mwa novanm 2023 a lè yo te arete l
-Gouvènman restavèk lakay nou an anonse fòmasyon yon Konsèy Elektoral Pwovizwa pou y al fè eleksyon patwon yo ba yo lòd pou yo fè
Anyen pa p chanje lakay nou toutotan se pa Ayisyen patriyòt, Ayisyen konsekan ki chwazi Ayisyen patriyòt ak Ayisyen konsekan pou dirije peyi nou nan enterè Ayiti ak enterè Ayisyen
Anons

Wednesday Sep 18, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 18 septanm 2024
Wednesday Sep 18, 2024
Wednesday Sep 18, 2024
Israel eklate aparèy kominikasyon moun ki kanpe anfas li; Refleksyon nou sou teknoloji ak konfò; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba; Anons; Ki sa nou di nan koze eleksyon Meriken, Trump anfas Kamala ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Israel sèvi ak teknoloji pou eklate aparèy kominikasyon "pager" ak "walkie talkie" militan ak konbatan nan Liban; Minis Defans yo Yoav Gallant konplimante lame li ak sèvis entelijans li epi l di batay la rantre nan yon lòt nivo
Refleksyon nou sou teknoloji ak konfò epi jan lènmi moun sèvi ak teknoloji a kou siwo pou rale nou vini anba vant li epi atrap nou pou l fè sa l vle ak nou
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Lekòl ouvè nan tout kwen nan peyi Kiba epi gratis pou tout Kiben