Episodes

Monday Sep 01, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi Premye septanm 2025
Monday Sep 01, 2025
Monday Sep 01, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Anpil moun ap chache Michel "Sweet Micky" Martelly sou Parkway a, yo pa jwenn li; Nouvèl; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Ti koze ak sè nou Micherline Islanda Aduel; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Kòmantè nou sou mesaj k ap sikile nan medya sosyal yo kote gen yon fanmi ki idantifye tèt li kòm yon manm KOMOKODA k ap mande tout moun bat bravo pou KOMOKODA paske Martelly pa sou Parkway a jodi a
Nouvèl:
-Etazini pwopoze yon nouvo plan MINISTA pou "mete lòd" ann Ayiti; Alatèt Nasyonzini Antonio Gutteres di se Kenya ki pou ranfòse; OEA di plan pa l la pi bon
-Yon aksidan machin ak 2 blennde Kenya nan zòn Pelerin 9 lakòz yon Kenya ak yon sitwayen Ayisyen mouri epi 8 lòt blese
-Pawòl ap pale pou leta ta mete yon nouvo taks tankou dola senkant lan sou dyaspora a pou kouvri depans sekirize peyi a
-Gouvènman Kanada ap chache pase nouvo lwa pou bloke imigran ki vle aplike pou azil lakay yo
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak sè nou Micherline Islanda Aduel, responsab nan seksyon jèn Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen sou eta li jwenn gang teworis "Viv nan San" yo kite Dèlma 32, katye lakay li
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Aug 28, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 28 out 2025
Thursday Aug 28, 2025
Thursday Aug 28, 2025
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Ranmase sou emisyon Eritye yo nan semèn nan; Dyalòg ak ti frè nou Ezayi Jules, responsab nan MOLEGHAF sou devlopman lakay kote fanmi nan Solino, Nazon, Kriswa, ak kèk lòt zòn te ale nan katye yo epi gen chans wè sa k rete nan kay yo; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ranmase sou emisyon Eritye yo nan semèn nan
Dyalòg ak ti frè nou Ezayi Jules, responsab nan MOLEGHAF sou devlopman lakay kote fanmi nan Solino, Nazon, Kriswa, ak kèk lòt zòn te ale nan katye yo epi gen chans wè sa k rete nan kay yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Aug 27, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 27 out 2025
Wednesday Aug 27, 2025
Wednesday Aug 27, 2025
Nou salye oditè nou yo epi nou remèsye fanmi yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Dosye Reginald Boulos la te nan tribinal federal nan Miami yè; Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Dosye Reginald Boulos la te nan tribinal federal nan Miami yè madi 26 out la; Avoka dòk la di jij la se an jwèt msye te renmèt sitwayènte Meriken li jou ki te 14 fevriye 2008 la epi pa gen okenn dokiman ofisyèl ki sètifye sa
Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Alix Didier Fils Aimé nan Washington pou konsiltasyon ak Nasyonzini, CARICOM, ak OEA; Pou di opinyon ak siyati Fils-Aimé ta ka angaje pèp Ayisyen an
-Entèvyou nan Youtube ak Erik Prince sou dosye Ayiti a (Salopri a pa konn non chen l):
https://www.youtube.com/watch?v=7wnyvCjkOkI
Anons

Tuesday Aug 26, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 26 out 2025
Tuesday Aug 26, 2025
Tuesday Aug 26, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou remèsye fanmi k te rele nou pou fè refleksyon yo sou kòmantè nou te fè nan koumansman emisyon an yè
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Anplis Gouvènman Trump la mete yon biten 50 milyon dola sou tèt Nicolas Maduro, yo menase epi sèke Venezyela, Brezil, Meksik ak sanksyon, tarif, sòlda ak batiman lagè
-Trump voye gwo eskwad militè pou jere sekirite nan Washington DC epi li di l ap rive Chicago, New York ak plizyè vil Demokrat Ozetazini
-Prezidan Ikrèn nan Zelensky mande peyi Ewòp yo 1 milya dola chak mwa pou yo balanse lajan ak zam Trump di l pa p kontinye bay; Nan selebrasyon endepandans peyi a dimanch lan Zelensky di li pa p negosye yon ti bout nan teritwa peyi li
-Tèt chaje ak nouvo inisyativ ekip Trump lan pou rive nan chif 3000 imigran yo deside ranmase chak jou pou fèmen nan prizon epi depòte
-Mèsenè Kenya k ann Ayiti yo ap bat bravo dèske yo di yo dewoute Viv Ansanm nan antèn Teleco nan Kenskòf la; Yo di anpil gang tonbe
-Nouvo gid pou ajan imigrasyon Meriken mande pou yo pran pozisyon politik moun ki vle rantre Ozetazini nan tout desizyon yo
-3 lannen prizon pou ansyen polisye Florid Michael Adrian Nieto dèske l t ap achte zam pou vann ak moun ki t ap voye yo Ayiti; 11 lannen nan prizon pou Ernesto Vasquez ki t ap fè zam sa yo rive ann Repiblik Dominikèn, Puerto Rico, epi Ayiti
-Donald Trump di anpil Meriken ta prefere yon diktati olye sa yo rele demokrasi a; Epi li di l san lè chanje non ministè defans lan pou l rele l ministè lagè
-Tout enstitisyon tèt anba nan yon peyi tèt anba
Liy ouvè ak oditè
Anons

Monday Aug 25, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 25 out 2025
Monday Aug 25, 2025
Monday Aug 25, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Yon lòt fwa ankò Dr. Jean Fils Aimé trennen kominote Ayisyen nan Kanada a nan yon lòt malatchong: "The Rod Joseph Show"; Rapò ak son manifestasyon KOMOKODA Vandredi 22 out; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Yon lòt fwa ankò Dr. Jean Fils Aimé trennen kominote Ayisyen nan Kanada a nan yon lòt malatchong: "The Rod Joseph Show"
Rapò ak son manifestasyon KOMOKODA fè kont Etazini ak Nasyonzini nan Manhattan
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl
-Yon bato ki t ap pote chay ak 16 moun soti Okap pou rive Miragwàn koule; Nou di Ginen yo Mèsi dèske pèsonn pa mouri
-Revokasyon majistra Okap la paske popilasyon an di li pa ranmase fatra epi ranplasman li ak Angie Bell, yon Meriken dorijin Ayisyen ki se li k pwopriyetè "Pou Bèl Ayiti" ki te gen kontra ranmase fatra Okap
-Ekip Trump lan ap ofri timoun 18 an jiska grandèt 70 an lò ak dyaman pou yo vin travay pou ICE
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Aug 21, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 21 out 2025
Thursday Aug 21, 2025
Thursday Aug 21, 2025
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Rapò ki soti Kiba sou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman ki fèt nan Holguin semèn sa a; Jodi a se jou zansèt nou yo te tanmen boule tout plantasyon epi koupe tèt blan pou yo te kase chenn lesklavaj - Nou jete dlo pou yo; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Rapò fanmi nou yo nan Kiba sou komemorasyon Seremoni Bwa Kayiman ki fèt semèn sa a nan Holguin nan Kiba
Se lannuit 21 pou louvri 22 out 1791 zansèt nou yo te leve kanpe nan Sen Domeng pou yo te mennen dènye batay ki te pral vin bout nan Revolisyon Ayisyen an; Nou jete dlo pou zansèt nou yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA demen Vandredi 22 out, 3pm-6pm, 45th Street ak 1st Avenue nan Manhattan, anfans Misyon Etazini nan LONI epi anfas Nasyonzini
Refleksyon nou sou
Nouvèl:
-Nan rankont OEA yè reprezantan Etazini an anonse Kenya pa rive rezoud dosye Ayiti a ki fè y ap renmèt Nasyonzini dosye a pou yon lòt peyi pran responsabilite a epi y ap ogmante bidjè ak chif sòlda yo
-Konvansyon nan Brooklyn College sou kontribisyon dyaspora Ayisyen an pou leve Ayiti atè a
-Ekip Trump lan anonse si ap viv Etazini epi w aplike pou benefis leta, fò w ba gouvènman an aksè ak Facebook ou, TikTok ou, ak Instagram ou pou yo sètifye ou pa yon moun ki konn kritike politik Gouvènman Meriken an anvan yo ba ou kichòy
Anons

Wednesday Aug 20, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 20 out 2025
Wednesday Aug 20, 2025
Wednesday Aug 20, 2025
Nou salye oditè nou yo epi nou remèsye fanmi yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista; Raymond Dugué sou 67yèm konvansyon entènasyonal UNIA a; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
--2 ajan SWAT mouri epi 5 lòt blese nan yon ensidan kote Task Force la lage dwòn sou yo
-Pakè Pòtoprens libere ansyen senatè Nenel Cassy yè
-67.5 Milyon dola vèt pou konstitisyon malatchong nan epi eleksyon pike kole a
-Ti mari pa monte li pa desann nan rankont negosyasyon Trump ak Putin yo nan wikenn nan
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué, responsab nan òganizasyon UNIA sou 67yèm konvansyon entènasyonal òganizasyon an k ap fèt nan Brooklyn nan ane sa a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Aug 19, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 19 out 2025
Tuesday Aug 19, 2025
Tuesday Aug 19, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Kòmantè frè nou Jean Paul Spence; moso nan entèvyou Radio Haiti Inter te fè 23 out 1997 ak Pastè Joel Jeune epi ak Pastè Eddy St Ange Volcy; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Kòmantè frè nou Jean Paul Spence sou Seremoni Bwa Kayiman 2025 nan Prospect Park la; Sou koze Erik Prince lan; epi sou pastè yo ki kontinye lit yo pou yo konvèti Boukman
Nou pase moso nan entèvyou Radio Haiti Inter te fè 23 out 1997 ak Pastè Joel Jeune epi ak Pastè Eddy St Ange Volcy k ap defann dwa yo pou yo mache sou fyèl Boukman
Nouvèl:
-"Sektè Prive" a mete tout grif li ak gwo fòs lajan deyò pou l pran kontwòl peyi nou nèt alkole
-Pil ak pakèt Ayisyen k t ap viv nan Springfield, OH vire do yo al bouske lavi lòt kote
Liy ouvè ak oditè
Anons

Monday Aug 18, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 18 out 2025
Monday Aug 18, 2025
Monday Aug 18, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Ranmase sou Seremoni Bwa Kayiman ki fèt nan Prospect Park nan Brooklyn, NY yè dimanch lan; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Liy ouvè ak oditè yo; Atik Reuters sou Erik Prince ak gwoup mèsenè "Vectus Global" ann Ayiti; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ranmase sou Seremoni Bwa Kayiman ki fèt nan Prospect Park nan Brooklyn, NY yè dimanch lan
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Son mizik Vodou nan Seremoni Bwa Kayiman ki fèt nan Prospect Park nan Brooklyn, NY yè dimanch lan
Ti koze ak ti frè nou Ezayi, manm MOLEGHAF ki te nan aktivite a ak nou yè apremidi
Liy ouvè ak oditè yo
Nan menm jou 14 out, 234 lannen apre Seremoni Bwa Kayiman an ajans nouvèl Reuters pibliye yon entèvyou ak Erik Prince, ansyen alatèt Blackwater a sou kontra 10 lannen li di li siyen ak gouvènman Ayisyen an
Anons

Thursday Aug 14, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 14 out 2025
Thursday Aug 14, 2025
Thursday Aug 14, 2025
Jodi a se 14 out 2025, 234 lannen depi zansèt nou yo te fè Seremoni Bwa Kayiman an kote zansèt nou yo te fè desizyon pou kase chenn lesklavaj - Nou jete dlo pou yo; Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Segman ak frè nou Deenps "Granbwa" Bazile sou Seremoni Bwa Kayiman k ap fèt dimanch a 3è nan Prospect Park nan Brooklyn; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Segman ak frè nou Deenps "Granbwa" Bazile sou Seremoni Bwa Kayiman k ap fèt dimanch a 3è nan Prospect Park nan Brooklyn
-Sè nou Igèt Dejan salye konviksyon ak travay ak Kouraj Granbwa ki kenbe tradisyon sila a depi 1992
Anons

