Episodes

Tuesday Jun 21, 2016
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 21 jen 2016
Tuesday Jun 21, 2016
Tuesday Jun 21, 2016
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nouvèl
-Kriz ekonomik soti pou mete Venezyela tèt anba
Ti koze ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki fèk gradye kòm avoka nan Repiblik Dominikèn
Liy ouvè ak oditè yo k ap salye Altagracia
Anons:
-24 jen: aktivite Verite Sou Tanbou pou onore Yves "Chico" Boyer
-25 jen: selebrasyon anyèl tanbou Troupe Makandal pou onore lavi Frisner Augustin

Monday Jun 20, 2016
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 20 jen 2016
Monday Jun 20, 2016
Monday Jun 20, 2016
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne HyacinthePrezantasyon Mèt Bano (Ernest Banatte) sou sitiyasyon yon kantite fanmi nou yo ki al chwe nan fwontyè Etazini ak Meksik nan San Diego, California
Ti koze ak Sè Dona Belizaire nan okazyon anivèsè 4 lannen depi arestasyon li an
Nouvèl:
-Senatè Repibliken Charles Grassley mete rapò envestigasyon li sou koripsyon Lakwa Wouj Merikèn sou lajan yo ranmase pou goudougoudou Ayiti a deyò
-Kakachat ansyen wograde Nasyonzini Anders Kompass mete deyò
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Jun 14, 2016
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 14 jen 2016
Tuesday Jun 14, 2016
Tuesday Jun 14, 2016
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou louvri emisyon an ansanm ak frè nou Fritzner Pierre ki nan stidyo a ak nou
Ti koze ak gran frè nou Doktè Westner Polycarpe, senatè pou depatman Nò peyi a
Konbit pou travay KOMOKODA a ansanm ak Fritzner Pierre

Monday Jun 13, 2016
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 13 jen 2016
Monday Jun 13, 2016
Monday Jun 13, 2016
Nou louvri emisyon an ansanm ak frè nou Fritzner Pierre sou travay KOMOKODA
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Remèsiman pou fanmi yo ki sipòte travay Eritye Papa Desalin ak KOMOKODA
Nouvèl:
-Trajedi nan Orlando nan Florid kote yon moun ak gwo zam fann fwa rive sasinen 49 moun epi blese 53
-Gouvènè New York la Mario Cuomo pran yon dekrè pou idantifye epi penalize tout biznis ak òganizasyon k ap sipòte mouvman "Boycott, Divestment, & Sanction" (BDS) kont Israel la
-Gouvènman Meriken an bay lese pase pou 6 konpayi avyon fè 155 vòl aleretou Kiba chak semèn
-Ekip foutbòl Ayiti a al fè yo griyen dan sou li nan Copa America; Podjab Ayisyen ki vle byen san swe
Bwase koze ak Fritzner Pierre sou KOMOKODA; Mobilizasyon pou manifestasyon nan konvansyon Pati Demokrat la nan Philadelphia

Tuesday Jun 07, 2016
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 7 jen 2016
Tuesday Jun 07, 2016
Tuesday Jun 07, 2016
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pou oditè yo sipòte emisyon Eritye Papa Desalin epi mete gaz nan machin mobilizasyon KOMOKODA a
Entèvyou Muhammad Ali sou faktè ki vin louvri je l ki pèmèt li pran chimen liberasyon l kòm moun
Ti koze ak ti sè nou Nathalie Pierre ki nan kongrè Caribbean Studies Association k ap fèt 5 pou 11 jen nan peyi dAyiti
Klip videyo sè nou Miriam Neptune pataje nan youtube kote Sophia Cantave ap mande divès patisipan nan kongrè a konbyen Ayisyen ak desandan Ayisyen Repiblik Dominikèn mete deyò ane pase a
Ti koze sou Primary pati demokrat la k ap fèt jodi a

Monday Jun 06, 2016
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 6 jen 2016
Monday Jun 06, 2016
Monday Jun 06, 2016
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pou oditè yo sipòte emisyon Eritye Papa Desalin epi mete gaz nan machin mobilizasyon KOMOKODA a
Rapò sou Vandredi anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Refleksyon sou Muhammad Ali ki fè travèse l; Liy ouvè ak oditè yo
Dènye devlopman sou eleksyon k ap dewoule isit Ozetazini an; Frè Bill Clinton, Roger Clinton, nan prizon paske l te sou dèyè volan machin li
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday May 31, 2016
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 31 me 2016
Tuesday May 31, 2016
Tuesday May 31, 2016
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Refleksyon sou rapò komisyon verifikasyon sou eleksyon Martelly yo
Ki pèspèktiv pou n ranje kabann nou anvan dòmi nan je nou
Liy ouvè ak oditè yo
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki pale ak pitit gason li Joel ki gen 14 an sou plent li te pote kont yon pwofesè ki t ap fè diskriminasyon kont li pou tèt li se pitit Ayisyen
Ayibobo pou ansyen prezidan Afrik di Sid Thabo Mbeki ki ankouraje Afriken yo pou yo pran fòs sou gwo bagay nwa fè toupatou pou byenèt nou

Tuesday May 31, 2016
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 30 me 2016
Tuesday May 31, 2016
Tuesday May 31, 2016
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Ti koze ak sè nou Viergela Pierre ansanm ak pitit li Harmony Divine sou prezantasyon li pral fè nan Vandredi Anba Tonnèl la vandredi 3 jen an epi sou aktivite "Dance Africa" nan Brooklyn nan k ap fini jodi a
Refleksyon nou sou jounen "Memorial Day" Etazini ap fete jounen jodi a
2 ti mo sou rankont World Afrikan Diaspora Union dimanch la
Refleksyon sou Barack Obama ki ale nan Hiroshima kòm premye prezidan Meriken ki ale la depi Etazini lage bonb atomik sou vil sila a
Dènye devlopman nan eleksyon Etazini an; Mobilizasyon pou manif k ap fèt nan Philadelphia pandan konvansyon pati Demokrat la
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday May 24, 2016
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 24 me 2016
Tuesday May 24, 2016
Tuesday May 24, 2016
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Si l te la toujou Emisyon Lakou NY t ap gen 12 rekòt kafe jodi a; Nou salye Manno Louizaire ak tout lòt fanmi ki te pèmèt inisyativ sila a te rive gen 10 lannen
Anons
Emisyon espesyal pou make 2 lannen depi Gouvènman Dominiken an vini ak lwa 169-14 la:
-Altagracia Jean Joseph pale ak Rubens Delly ki se yon militan k ap travay sou dosye a
-Ti koze ak avoka Manuel Dejesus Dandre sou jan limenm li evalye 2 lannen depi lwa sila a egziste

Monday May 23, 2016
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 23 me 2016
Monday May 23, 2016
Monday May 23, 2016
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Ranmase sou rankont UNIA-Divizyon 432 nan Queens la fè yè Vandredi a
Nouvèl:
-Inyon Afrikèn anonse nouvèl ki te di Ayiti ap vin yon manm òganizasyon sila a nan mwa Jen an se te yon malatchong
-Jij Barry Williams nan Baltimore, MD deside polisye Edward Nero ki te akize kòm prensipal responsab nan sasinay Freddy Gray inosan
Ti koze ak sè nou Bayyinah Bello sou fèt drapo a
Ti koze ak frè nou Jacob Pierre-Louis k ap òganize tounen li lakay

