Episodes

Thursday Dec 12, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 12 desanm 2024
Thursday Dec 12, 2024
Thursday Dec 12, 2024
Konbit pou ankouraje oditè yo sipòte emisyon Eritye Papa Desalin; Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Konbit pou ankouraje oditè yo sipòte emisyon Eritye Papa Desalin
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl
-Teworis Viv nan San (Viv Ansanm) yo revandi masak yo fè nan Waf Jeremi a nan Haiti Liberté ki se jounal yo
-Donald Trump envite Prezidan Lachin nan Xi Jin Pin nan inogirasyon li 20 janvye k ap vini an
-Kapitèn Traore di nenpòt blan franse ki pa gen yon viza pou yo nan Burkina Faso ap blije kite peyi sila a
-Ayewopò Tousen Louvèti louvri depi yè men ajans Meriken FAA di avyon komèsyal Meriken pa ka ateri nan ayewopò sa a anvan 12 mas 2025
-Mèt Samuel Madistin pale ak emisyon Panel Magik pou di fòk 3 vòlè yo kenbe yo parèt devan Jij epi li di pinga pèsonn pran bwat koripsyon ki rele ULCC pou yon bagay serye
-Gouvènman Dominiken an di yo depase 76 mil Ayisyen yo mete deyò lakay yo depi desizyon Abinader 2 oktòb 2024 la
Anons

Wednesday Dec 11, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 11 desanm 2024
Wednesday Dec 11, 2024
Wednesday Dec 11, 2024
Konbit pou ankouraje oditè yo sipòte emisyon Eritye Papa Desalin; Anons; Dosye Luigi Mangione, jèn gason 26 lannen lapolis arete pou sasinay CEO UnitedHealthCare Brian Thompson nan; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Konbit pou ankouraje oditè yo sipòte emisyon Eritye Papa Desalin
Nou fè emisyon jodi a sou dosye Luigi Mangione, jèn gason 26 lannen lapolis arete pou sasinay CEO UnitedHealthCare Brian Thompson nan Manhattan mèkredi pase
Konbit pou ankouraje oditè yo sipòte emisyon Eritye Papa Desalin
Anons

Tuesday Dec 10, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 10 desanm 2024
Tuesday Dec 10, 2024
Tuesday Dec 10, 2024
Teworis Viv nan San (Viv Ansanm) yo fè yon lòt masak ankò, fwa sa a sou Ti granmoun nan Waf Jeremi nan Site Solèy; Liy ouvè ak oditè yo; Altagracia Jean Joseph jete dlo pou sè nou Sonia Pierre; Liy ouvè; Anons...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Teworis Viv nan San (Viv Ansanm) yo fè yon lòt masak ankò, fwa sa a sou Ti granmoun nan Waf Jeremi nan Site Solèy
Jis ki kote Ayiti ap rive ak teworis sila yo? Jis ki kote noumenm nan dyaspora a n ap rive ak bwat fatra Haiti Liberté ki se jounal teworis yo ki la nan Brooklyn nan?
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Nou pale ak sè nou Sirana Dolis, responsab òganizasyon MUDHA (Mouvman Fanm Dominiken Ayisyen)
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Dec 09, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 9 desanm 2024
Monday Dec 09, 2024
Monday Dec 09, 2024
Konbit pou oditè yo kore emisyon Eritye Papa Desalin; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl
-Gouvènman Bashar al Assad nan Siri a tonbe tèlman vit tout moun sezi; Msye ak fanmi li jwenn azil Larisi
-Demokrat nan tou 2 chanm lejislati Meriken an ap prezante pwojè lwa pou yo redui manda jij nan Lakou Siprèm yo a 18 lannen
-Medya Meriken an ak medya nan peyi Meksik anonse anpil Migran san papye ki Ozetazini oswa k te nan wout pou Etazini deside pran wout tounen lakay yo
-Konsèy Minisipal Los Angeles vote pou fè vil sila a vin yon vil "Sanctuary"
-Federal Meriken enkilpe plisyè gwo bwa nan lapolis Bahamas pou koze dwòg; Chèf lapolis la bay demisyon l
-Tribinal nan NY la anonse Daniel Penny inosan nan lanmò Jordan Neely, msye te touye ak yon kle kou nan yon tren nan Brooklyn nan nan mwa me 2023
-Bri kouri kòmkwa ta gen 20 nan 400 polis Kenya ki ann Ayiti yo ki demisyone; chèf yo di se pa vre
-FAD'H pibliye yon nòt pou demanti yo ta renmèt Anbasad Meriken 2 manm gang teworis Viv Ansanm-Kraze Baryè yo te arete vandredi a
-American Airlines anonse li pa p tounen Ayiti menm si ayewopò Tousen Louvèti a relouvri an fevriye
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Dec 05, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 5 desanm 2024
Thursday Dec 05, 2024
Thursday Dec 05, 2024
Ranmase ak son manif KOMOKODA fè yè apremidi devan Konsila Dominiken an; Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Ranmase ak son manif KOMOKODA fè yè apremidi devan Konsila Dominiken nan Manhattan
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl
-Majistra vil New York la Eric Adams deklare pwoteksyon Konstitisyon Meriken an pa pou imigran san papye
-Gouvènman Biden nan kontinye ap depòte Ayisyen ann Ayiti
Anons

Wednesday Dec 04, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 4 desanm 2024
Wednesday Dec 04, 2024
Wednesday Dec 04, 2024
Konbit pou ankouraje oditè yo sipòte emisyon Eritye Papa Desalin; Anons; Mobilizasyon pou manif KOMOKODA apremidi a devan Konsila Dominiken nan Manhattan; Jodi a fè 13 lannen depi sè nou Sonia Pierre fè travèse li, nou pase entèvyou emisyon Lakou NY te fè ak Sonia 12 oktòb 2011; Mesaj konpatriyòt Itou sikile pou ankouraje Ayisyen koute epi sipòte emisyon Eritye Papa Desalin; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manif KOMOKODA apremidi a devan Konsila Dominiken nan Manhattan
Jodi a fè 13 lannen depi sè nou Sonia Pierre fè travèse li, nou pase entèvyou emisyon Lakou NY te fè ak Sonia 12 oktòb 2011
Mesaj konpatriyòt Itou sikile pou ankouraje Ayisyen koute epi sipòte emisyon Eritye Papa Desalin
US Border Patrol kenbe yon gwoup 39 moun ki t ap soti Repiblik Dominikèn pou rantre Pòtoriko anba fil nan yon ti batiman kanntè; Gwoup la te gen 36 Dominiken, 2 Ayisyen, ak yon Venezyelyen
Liy ouvè ak oditè yoAnons

Tuesday Dec 03, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 3 desanm 2024
Tuesday Dec 03, 2024
Tuesday Dec 03, 2024
Dahoud sonje papa li, Mr. Andre; Altagracia Jean Joseph jete dlo pou sè nou Sonia Pierre; Mobilizasyon pou manif KOMOKODA k ap fèt devan Konsila Dominiken 3pm pou 6pm demen mèkredi a; Nouvèl; Liy ouvè; "Giving Tuesday"; Anons...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Dahoud sonje papa li, Mr. Joseph Wilfrid Andre; Si l te la toujou, jodi a t ap fè li 89 rekòt kafe
Mobilizasyon pou manif KOMOKODA k ap fèt devan Konsila Dominiken 3pm pou 6pm demen mèkredi a
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki jete dlo pou sè nou Sonia Pierre; Demen 4 desanm 2024 la ap fè 13 lannen depi Sonia kite nou
Nouvèl
-Pandan tout moun ap pale koze gang ak koripsyon nan KPT a, pwojè konstitisyon ak eleksyon Meriken an ap vale teren
-Nouvo minis afè etranjè Ayiti a Jean-Victor Harvel Jean-Baptiste, pran baton peleren li pou l al lòbi pou pwojè HELP ak pwojè HOPE nan Washington
-Sou inisyativ Chi Ossé, manm Konsèy Minisipal lavil NY la, 14 novanm ki sot pase a Konsèy la vote yon nouvo lwa kote moun k ap lwe kay pa p gen pou peye ajan koutye yo yon mwa lwaye anplis pou yo jwenn kay la
-Cargill, ki se pi gwo konpayi prive Ozetazini anonse l ap revoke anviwon 8,000 nan 160,000 anplwaye li yo paske pwofi yo ki abitye 6-7 milya dola bese rive 2.5 milya pou ane 2024 la
-Canada ak Meksik koube yo devan Donald Trump apre li menase ajoute jiska 25% enpo anplis sou pwodui y ap voye Ozetazini
-"Special Counsel" David Weiss ki t ap pousuiv dosye Hunter Biden nan voye pye pou desizyon Joe Biden nan; Msye mande tribinal rejte dokiman Joe Biden nan
-Apre msye fin siyen "gras" pou pitit li Hunter Biden, Joe Biden pran wout pou Angola pou l ap pouse pwojè "Lobito Corridor Investment Promotion Authority" pou wè si Etazini ak G7 la ta kontre inisyativ "Belt and Road" (Silk Road) Lachin nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Dec 02, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 2 desanm 2024
Monday Dec 02, 2024
Monday Dec 02, 2024
Repòtaj ak son Jounen Nasyonal Dèy la ki te fèt jedi "Thanksgiving" nan nan Plymouth, MA; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj ak son Jounen Nasyonal Dèy la ki te fèt jedi 28 novanm, jou "Thanksgiving" nan nan Plymouth, MA
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl
-Ti komik Zelensky pwopoze Larisi aksepte Ikrèn vin manm LOTAN pou l sispann goumen; menm moun fou sezi!
-Nouvo minis afè etranjè Ayiti a di jounal Nouvelliste tout bagay regle nan dosye Ayiti ak pawòl Macron an; Dosye a fèmen
-Tchad ak Senegal anonse y ap kanpe sou relasyon militè yo ak Lafrans
-Biden anonse li chanje lide l epi l deside bay yon "pardon" pou Hunter; Preyidan Joe siyen yon papye pou di tout krim pitit gason li Hunter te fè oswa ta fè ant Premye janvye 2014 rive 31 desanm 2024 efase!
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manif KOMOKODA devan Konsila Dominiken nan Times Square nan Manhattan mèkredi 4 desanm 2024
Anons
-Anons lantèman Madam Eugenie Antoine
-Anons lantèman Madam Clenie Manuel

Wednesday Nov 27, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 27 novanm 2024
Wednesday Nov 27, 2024
Wednesday Nov 27, 2024
Emisyon espesyal pou n sonje Vanyan Fidel Castro; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba; Fason Fidel te konprann revolisyon; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou pa p gen emisyon demen: Se pelerinaj nan Plymouth, MA jedi "Thanksgiving" nan pou Jounen Nasyonal Dèy la
25 novanm 2024 fè 8 lannen depi Fidel Castro fè travèse li
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Omaj pou Vanyan Fidel Castro-Fason Fidel te konprann revolisyon
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Nov 26, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 26 novanm 2024
Tuesday Nov 26, 2024
Tuesday Nov 26, 2024
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Konbit pou sipò pou pelerinaj Plymouth la; Nouvèl; Liy ouvè; Anons...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nan mitan gwo van panik ki gen nan lari a, se moman pou n ranje goumen nou, se pa moman pou pèsonn al sere anba kabann
Nou pase dènye editoryal frè nou Manno Louizaire (Pawòl Bosal, 23 novanm 2024)
Nouvèl
-Òganizasyon Haitian Diaspora Political Action Committee ansanm ak kèk patikilye nan Florid asiyen Lakwa Wouj Meriken pou yon milya dola pou vòl lajan Goudougoudou a
-Lavil NY deside fèmen yon bann "migrant shelter" espas yo te abrite moun ki te vin viv nan vil la anvan ane 2024 la bout
-Menm lè tout dosye legal Donald Trump yo al nan poubèl apre eleksyon li an gen moun ki kontinye ap repete Etazini se yon peyi kote se lalwa ki kòmande
-Nasyonzini di yo fè yon ti deplase kite zòn Pòtoprens lan men yo pa kite Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Anons