Episodes

Tuesday May 08, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 8 me 2018
Tuesday May 08, 2018
Tuesday May 08, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti refleksyon sou rezondèt Emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Pwokirè Eta NY la, Eric Schneiderman blije demisyone apre enfòmasyon soti deyò sou maspinay li ta fè sou fanm li te annafè ak yo; Konsa tou Junot Diaz, gran ekriven Dominiken nan cho sou agresyon li ta fè nan menm sans sa a tou
-Se jodi a Donald Trump ta gen pou l anonse l ap retire Etazini nan akò Barak Obama ak plizyè lòt peyi te siyen ak Iran pou Iran ta kanpe sou pwogram nikleyè peyi sila a
-Yè Vladimir Putin inogire pou 4yèm fwa kòm prezidan peyi Larisi
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday May 07, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 7 me 2018
Monday May 07, 2018
Monday May 07, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ayibobo pou Minis Azaka
KOMOKODA ap fè kominote a konnen nou dekrete lapèmanans: Manifestasyon devan konsila Ayiti nan NY la 3pm-6pm, chak Mèkredi jiskaske chodyè a chavire
Bravo pou pitit fi nou Cindy Beaulieu ki gradye nan kolèj Vandredi 4 me a
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 4 me 2018 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Nouvèl:
-Gouvènman Donald Trump la koupe TPS pou moun peyi Onndiras ki te genyen stati sila a depi 1998
-Dènye devlopman nan dosye disparisyon jounalis Vladjimir Legagneur
-Dosye Rigaud Ernest ki ta touye madanm li, manman pitit li Marlene Colin nan Jakmèl
Anons

Tuesday May 01, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi Premye Me 2018
Tuesday May 01, 2018
Tuesday May 01, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti refleksyon sou Premye me, Jounen pou selebre travayè
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Bòn Fèt Flanbwayan!
Nou ankouraje oditè yo pote kole nan "Kanpay Metrocard" Flanbwayan ap fè pou kouvri frè transpò jèn yo ki vini nan aktivite òganizasyon an
Nouvèl:
-Repiblik Dominikèn vire do bay Taywann pou l al jwenn Lachin
-Sa k pase sispansyon 2 mwa Oxfam nan ak envestigasyon gouvènman Ayiti a?
-Karavàn imigran k soti nan Amerik Santral la alarèchèch azil politik debake nan fwontyè Etazini
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Apr 30, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 30 avril 2018
Monday Apr 30, 2018
Monday Apr 30, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye konpatriyòt Fritz Beauté manm KOMOKODA ki pèdi papa l; Nou salye ti sè nou Agathina Nozy, manm Eritye Papa Desalin ki pèdi grann li
Ti ranmase ak son mobilizasyon KOMOKODA te fè madi 24 avril 2018 devan Konsila Ayisyen nan NY pou n egzije bann vòlè ak restavèk ki opouvwa lakay nou yo rache manyòk yo bay tè a blanch
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 27 avril la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Nouvèl
-Manifestasyon KOMOKODA fè madi pase 24 avril la
-Liberasyon prizonye politik Nwa Meriken Herman Bell
-Gouvènman Trump lan anonse li koupe TPS pou moun ki soti nan peyi Nepal epi l ba yo 1 an pou kite Etazini
-Aktivite pou make dat madichon 26 avril an Ayiti, dat pou Ayisyen sonje krim rejim Divalye a
-Yon gwo rankont chèf deta Kore dinò ak Kore Disid la fèt nan Kore Disid vandredi k sot pase a
-Lamatinik mande achte fwi ak legim nan men Ayiti

Tuesday Apr 24, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 24 avril 2018
Tuesday Apr 24, 2018
Tuesday Apr 24, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pou mobilizasyon 24 avril 2018 a 3è devan Konsila Ayisyen nan NY pou n egzije bann vòlè ak restavèk ki opouvwa lakay nou yo rache manyòk yo bay tè a blanch
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Bank Mondyal mete yon nouvo rapò deyò pou di ane 2017 la Ayisyen voye plis lajan lakay yo pase tout lòt ane anvan yo
-Nouvo regilasyon imigrasyon peyi Chile yo rive bese kantite Ayisyen k ap pati pou peyi sila a
-Mesaj Miguel Diaz-Canel, nouvo prezidan peyi Kiba a
Konbit pou mobilizasyon 24 avril 2018 a 3è devan Konsila Ayisyen nan NY pou n egzije bann vòlè ak restavèk ki opouvwa lakay nou yo rache manyòk yo bay tè a blanch
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Apr 23, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 23 avril 2018
Monday Apr 23, 2018
Monday Apr 23, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pou mobilizasyon 24 avril 2018 a 3è devan Konsila Ayisyen nan NY pou n egzije bann vòlè ak restavèk ki opouvwa lakay nou yo rache manyòk yo bay tè a blanch
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 20 avril la ak sè nou Agathina Nozy
Ti diplis sou rapò Anba Tonnèl la
Refleksyon nou sou 2 manifestasyon yo ki fèt Vandredi 20 avril 2018 la pou chache refè manifestasyon istorik 20 avril 1990 la
Konbit pou mobilizasyon 24 avril 2018 a 3è devan Konsila Ayisyen nan NY pou n egzije bann vòlè ak restavèk ki opouvwa lakay nou yo rache manyòk yo bay tè a blanch

Tuesday Apr 17, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 17 avril 2018
Tuesday Apr 17, 2018
Tuesday Apr 17, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pou mobilizasyon 24 avril 2018 a 3è devan Konsila Ayisyen nan NY pou n egzije bann vòlè ak restavèk ki opouvwa lakay nou yo rache manyòk yo bay tè a blanch
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl
-Etazini, Angletè, ak Lafrans bonbade Lasiri vandredi swa, sa sa vle di?
-Demen mèkredi 18 avril la peyi Kiba ap genyen yon nouvo prezidan. Se Msye Miguel Diaz-Canel.
Liy ouvè ak oditè yo
Ti moso nan pale Julius Malema, responsab pati Sid-Afriken Economic Freedom Fighters (EFF), nan lantèman Winnie Mandela samdi k sot pase a
Anons

Monday Apr 16, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 16 avril 2018
Monday Apr 16, 2018
Monday Apr 16, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pou mobilizasyon 24 avril 2018 a 3è devan Konsila Ayisyen nan NY pou n egzije bann vòlè ak restavèk ki opouvwa lakay nou yo rache manyòk yo bay tè a blanch
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 13 avril la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Ti moso nan pale Anbasadè Zenani Dlamini-Mandela, pitit Winnie ak Nelson Mandela nan lantèman manman l
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Ti moso nan pale Anbasadè Zenani Dlamini-Mandela, pitit Winnie ak Nelson Mandela nan lantèman manman l
Ti koze ak frè nou Tony Jean Thenor, responsab nan òganizasyon Veye Yo nan Miami sou manifestasyon yo te fè yè devan Miramar Cultural Center kote Jovenel Moise te pral pale
Ti koze ak sè nou Darnell Benoit, responsab nan Flanbwayan Haitian Literacy Project sou 14yèm anivèsè yo y ap fete mwa sila a epi sou kanpay Metrocard y ap fè pou fasilite transpò jèn yo
Anons

Tuesday Apr 10, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 10 avril 2018
Tuesday Apr 10, 2018
Tuesday Apr 10, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nouvèl:
-Ansyen Prezidan Brezil la ki rele Lula nan prizon depi samdi pou kondanasyon koripsyon
-Ansyen Prezidan Kore disid la ki rele Park Geun-hye nan prizon pou kondanasyon koripsyon
-Ansyen Prezidan peyi Lafrans lan ki rele Nicolas Sarkozy pran jije pou koripsyon
-Dosye liberasyon Herman Bell ak politisyen rasis je chèch yo
-Yè lendi a Prezidan peyi Chili a pran yon dekrè sou imigrasyon nan peyi li k ap afekte pil ak pakèt Ayisyen k ap kite lakay yo pou ale nan peyi sila a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Apr 09, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 9 avril 2018
Monday Apr 09, 2018
Monday Apr 09, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pou mobilizasyon 24 avril 2018 a 3è devan Konsila Ayisyen nan NY pou n egzije bann vòlè ak restavèk ki opouvwa lakay nou yo rache manyòk yo bay tè a blanch
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 6 avril la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nouvèl
-Kòm dosye Skripal la bwè luil, jodi a se yon koze zam chimik Gouvènman Siri a ta lage sou Siryen nan vil Douma k ap pale pou pwovoke yon atak Etazini ak bizawèl li yo
-Depatman Homeland Security Etazini anonse l ap koumanse ranmase yon lis tout jounalis, blògè nan entènèt, animatè radyo ak televizyon k ap pale oswa ekri pou enfliyanse popilasyon Meriken an
Anons

