Episodes

Tuesday Sep 03, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 3 septanm 2024
Tuesday Sep 03, 2024
Tuesday Sep 03, 2024
Ranmase sou kanaval Labor Day a; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Liy ouvè; Anons
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou Kanaval ki fèt nan Brooklyn nan yè
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Gwo manifestasyon kont Netanyahu nan Israel apre sòlda juif jwenn kadav 6 prizonye politik Hamas te pran 7 oktòb la; Manifestan yo di se Netanyahu ki responsab; Netanyahu di l apral krabinen Palestinyen yo pi rèd; Biden di negosyasyon yo ap vanse; Koze k ap pale nan lari a kòmkwa Tribinal Penal Entènasyonal la deklare Israel yon peyi ilegal
-Vladimir Putin ap vizite peyi Mongolia; Zelinsky te mande pou gouvènman peyi sila a arete Putin mennen l bay Tribinal Penal Entènasyonal; Popilasyon an akeyi Putin kou yon wa
-Diplis sou Etazini ki sezi avyon gouvènman Venezuela a ki te nan Repiblik Dominikèn pou reparasyon
-Tout zangi ap soti anba twou wòch pou y al resevwa Anthony Blinken k ap rantre Ayiti jedi 5 septanm nan
-Etidyan inivèsite Dominiken yo bati nan Wanament la ap rele anmwe tèlman espas sa a te mal bati epi apre 12 lannen sèlman li fin kraze
-PNH la ak Kenya mande gang yo depoze zam yo pou malè pa rive yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Sep 02, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 2 septanm 2024
Monday Sep 02, 2024
Monday Sep 02, 2024
Ayibobo pou Ayisyen anndan kou deyò peyi a ki bloke Martelly nan Labor Day Weekend nan yon lòt fwa ankò; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ansyen kolaboratè Kim Ives nan WBAI, Roger Leduc, manm KAKOLA ki te kòm yon òganizasyon marasa ak Haiti Liberté te nan emisyon Haiti: Our Revolution Continues ak nou samdi a
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Gouvènman Meriken an anonse li sezi yon avyon yo di ki se byen gouvènman Veneyela a
-Homeland Security anonse apre ye te jwenn fwod epi bouche plizyè fenèt, program Biden nan relanse
-Se pa 3 vòlè k genyen anndan dragon 9 tèt la, Yo tout se vòlè
Liy ouvè ak oditè yo
Rasis neo-nazi ap pèsekite imigran Ayisyen ki fèk debake nan vil Springfield nan Ohio
Anons

Thursday Aug 29, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 29 out 2024
Thursday Aug 29, 2024
Thursday Aug 29, 2024
Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Mobilizasyon bloke Martelly nan zòn NY la; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen Pou Refijye Ayisyen: Demen 30 out la se delè pou moun ki te gen TPS deja renouvle aplikasyon yo
Mobilizasyon bloke Martelly nan zòn NY la
Nouvèl:
-Prezidan Meksiken an AMLO anonse li mete relasyon diplomatik peyi li ak Etazini ak Kanada sou friz paske peyi sa yo pa montre okenn respè pou peyi li
-Joe Biden fèk sot an vakans San Francisco epi l pral fè 9 jou vakans nan Delaware; Moun k ap suiv ap mande tèt yo se ki ès k ap dirije peyi a
-NY Times pibliye yon rapò ki di se prèske mwatye moun nan NY la ki pa peye lè yo monte otobis
-Laprès nan Kenya ap pousuiv ak manti Edgar Leblanc te bay CARICOM yo kòmkwa gen gwo pwogrè nan kondisyon sekirite peyi a depi ti ponyen polis Kenya yo ateri
-Robert Kennedy, Jr anonse l ap sipòte Donald Trump men plizyè eta refize wete non msye sou bilten vòt yo
Anons

Wednesday Aug 28, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 28 out 2024
Wednesday Aug 28, 2024
Wednesday Aug 28, 2024
Ayibobo pou tout tan pou Vanyan Janmari Vensan; Dosye Martelly nan wikenn Labor Day nan zòn NY la ofisyèlman fèmen; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba; Anbasadè Meriken nan Kenya a demanti Joe Biden ki te admèt se li k voye Kenya ann Ayiti; Liy ouvè; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou jete dlo pou Vanyan Pè Janmari Vensan; Jodi a fè 30 lannen depi asasen lach te koupe souf li
Jodi a nou kontan anonse kominote a dosye Martelly nan wikenn Labor Day nan zòn NY la ofisyèlman fèmen: Pwomotè dènye bal ki te rete a anonse yo retire Martelly nan pwogram nan
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Anbasadè Meriken nan Kenya a Meg Whitman di se pa Etazini ki chèf polis Kenya yo ann Ayiti; Li tou anonse ti pwoblèm yo te genyen pou touche chèk yo a regle epi sa pa p rive ankò
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Aug 27, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 27 out 2024
Tuesday Aug 27, 2024
Tuesday Aug 27, 2024
Ti koze ak sè nou avoka Èzili Dantò pou analiz legal li sou sanksyon Dept Trezò Meriken mete sou Martelly a; Dènye enfòmasyon nou genyen sou virewon Martelly nan NY la pou wikenn Labor Day a; Nouvèl; Liy ouvè; Anons
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ti koze ak sè nou avoka Èzili Dantò pou analiz legal li sou sanksyon Dept Trezò Meriken mete sou Martelly a
Nouvèl:
-Dènye nouvèl sou lagè Meriken ak bizawèl li yo ap fè kont Larisi atravè Ikrèn
-Dènye nouvèl sou jenosid Israel ak Meriken ap fè kont pèp Palestinyen an
-CARICOM mande pou dosye konferans nasyonal, konstitisyon, eleksyon Meriken vle ann Ayiti a mache pi vit epi yo mande ranplase 3 preyidan vòlè yo
-Militè Kenya a plenyen yo pa touche depi 2 mwa; gouvènman lakay yo fè koutay sou sa yo te di yo te pral peye yo a epi zam ak minisyon Meriken te pwomèt la pa ateri
Liy ouvè ak oditè yo
Dega maladi Mpox "Monkey Pox" la ap fè ann Afrik ak plizyè lòt peyi nan mond lan; Finalman Meriken charite yo 10,000 vaksen pou adrese yon pwoblèm ki konsène plizyè milyon moun
Anons

Monday Aug 26, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 26 out 2024
Monday Aug 26, 2024
Monday Aug 26, 2024
Refleksyon nou sou segman sou Martelly nan emisyon Tele Image Valerio ak Barbara St Louis fè yè swa; Son manif mèkredi 21 out KOMOKODA te fè devan biwo WIADCA a; Ranmase ak son manif KOMOKODA fè devan jounal Haiti Liberte, jounal Babekyou a ki t ap fete 17yèm anivèsè li samdi pase; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Yon mesaj m jwenn nan telefòn mwen samdi swa k ap joure Dahoud ak KOMOKODA; Liy ouvè ak oditè yo ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou segman sou Martelly ki pase nan emisyon Tele Image Valerio ak Barbara St Louis fè yè swaLevanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou pataje ak oditè yo mesaj yon moun nan kominote a kite sou telefòn mwen pou l joure Dahoud ak KOMOKODA
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Aug 22, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 22 out 2024
Thursday Aug 22, 2024
Thursday Aug 22, 2024
Nou jete dlo pou zansèt nou yo nan okazyon 233yèm anivèsè gwo leve kanpe ki vin ba nou endepandans nou; Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Mobilizasyon pou bloke Martelly nan zòn NY la; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou jete dlo pou zansèt nou yo nan okazyon 233yèm anivèsè gwo leve kanpe ki vin ba nou endepandans nou
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen Pou Refijye Ayisyen
Dènye devlopman nan batay KOMOKODA pou bloke Martelly nan zòn NY la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Aug 21, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 21 out 2024
Wednesday Aug 21, 2024
Wednesday Aug 21, 2024
Ranmase sou mobilizasyon maten an pou bloke Martelly ki vle vin anvayi zòn NY la pou Labor Day; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba; Yon jou Ayiti va gen yon gouvènman tout bon; Liy ouvè; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ranmase sou mobilizasyon maten an pou bloke Martelly ki vle vin anvayi zòn NY la pou Labor Day; Son manifestasyon an
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Rapò frè nou Rafael Joseph sou Bwa Kayiman nan Kiba
Dènye nouvèl nan dosye sanksyon Etazini mete sou tchoul restavèk yo Michel Martelly
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Aug 20, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 20 out 2024
Tuesday Aug 20, 2024
Tuesday Aug 20, 2024
Meriken reziye l mete sanksyon sou tchoul restavèk li Michel Martelly; Liy ouvè; Mobilizasyon pou manif KOMOKODA 10am demen devan biwo Komite Kanaval Labor Day a; Ti koze ak responsab Flanbwayan Haitian Literacy Project Darnell Benoit; Ti koze ak frè nou Raymond Dugué, responsab nan UNIA sou konvansyon 2024 òganizasyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Liy ouvè; Anons
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Meriken reziye l mete sanksyon sou tchoul restavèk li Michel Martelly; Depi ki lè Meriken konnen Martelly t ap vann dwòg?
Liy ouvè ak oditè yo
Ti koze ak responsab Flanbwayan Haitian Literacy Project Darnell Benoit
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué, responsab nan UNIA sou konvansyon 2024 òganizasyon an ki fèk fini yè
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Okenn Ayisyen pa ta dwe wont paske Meriken finalman mete sanksyon sou tchoul li; Sèl wont lan se lefèt pèp Ayisyen te kwaze bwa nou kite Meriken mete yon chawony kou Martelly prezidan peyi nou
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Aug 19, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 19 out 2024
Monday Aug 19, 2024
Monday Aug 19, 2024
Mobilizasyon 10am mèkredi maten devan komite kanaval la pou kominote a bloke Martelly nan NY la; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Trajedi lanmò yon jèn gason 31 lannen ak 2 zanmi k te akonpanye l nan Mibalè etan l t apral pran tretman pou maladi ren nan lopital vil sila a; Liy ouvè ak oditè yo ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Mobilizasyon pou kominote a kanpe pou bloke Martelly ki vle vin jwe sou Eastern Parkway a pou Labor Day: Manif 10am mèkredi maten devan komite kanaval la: 1561 Bedford Avenue nan Brooklyn nan
Liy ouvè ak oditè yo
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak sè nou Valerie Bazelais, manman li ak kouzin li Naomie ki pèdi pitit gason li nan zòn Mibalè li ta parèt anba men "Sosyete Sivil" pandan jennòm nan t apral fè tretman pou maladi ren nan lopital Mibalè a; 2 nan 3 zanmi k te akonpanye l ta pèdi lavi yo tou
Liy ouvè ak oditè yo
Anons