Episodes

Tuesday Apr 16, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 16 avril 2019
Tuesday Apr 16, 2019
Tuesday Apr 16, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ayisyen anndan vant Prezidan Rene Preval Wikileaks te revele ki t ap bay anbasad Meriken tout kalte enfòmasyon sou msye se Gabriel Verret; Trèt, apatrid, ak kolaboratè yo vini tout jan
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl
-Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou fanmi ak zanmi Clivens Valcin, yon jèn Ayisyen 21 an yo sasinen nan Brooklyn nan (Foster ak Brooklyn Ave)
-Bank mondyal mete rapò deyò pou di se anviwon 3 milya dola vèt dyaspora Ayisyen an voye bay fanmi ak zanmi nou nan peyi a epi chif sa a reprezante 31% kòb k ap bwase nan peyi a
-Ti diplis sou arestasyon alatèt Wikileaks lan Julian Assange
Liy ouvè ak oditè yo
Ti diplis sou devlopman nan dosye TPS la
Anons

Monday Apr 15, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 15 avril 2019
Monday Apr 15, 2019
Monday Apr 15, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pou leve kanpe devan Beacon Theater jedi swa apati 6pm pou n manifeste kont Bill ak Hilary Clinton k ap pale nan espas sila a nan Manhattan
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 12 avril 2019 la ak ti deplase fanmi Anba Tonnèl la te fè pou n t al wè ekspozisyon travay grafik frè nou Frantz Louis
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nouvèl:
-Ti rapò sou prezantasyon dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la ki te nan tribinal mèkredi pase
-Ti rapò sou manifestasyon KOMOKODA devan prezantasyon Bill ak Hillary Clinton nan Beacon Theater jedi pase
-Nou salye frè nou Raymond Dugué
-Jij William Kuntz nan Brooklyn nan deside suiv chimen Jij Chen nan California epi l mete yon kanpo sou dezisyon Trump pou fèmen TPS pou Ayisyen Ozetazini
-Koudeta nan peyi Soudan: apre 30 lannen Omar el-Bachir pèdi pouvwa l
-Prezidan Ekwatè a retire azil Julian Assange epi li envite peyi Angletè vin arete msye anndan anbasad Ekwatè nan vil Lond; Mannèv ap fèt pou pimpe Assange vin manje prizon oswa menm pèn lanmò Ozetazini
Anons

Tuesday Apr 09, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 9 avril 2019
Tuesday Apr 09, 2019
Tuesday Apr 09, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pou kominote a vin pote kole Mekredi a midi nan Eastern District Court nan Cadman Plaza nan Brooklyn kote premye seyans dosye Dola Senkant lan pral plede
Konbit pou leve kanpe devan Beacon Theater jedi swa apati 6pm pou n manifeste kont Bill ak Hilary Clinton k ap pale nan espas sila a nan Manhattan
Konbit nou pou mete "Diri Peyi M" sou tab Ayisyen nan dyaspora a; Remèsiman pou fanmi k deja rele epi k jwenn diri yo
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Si w vle sipòte atelye pwodiksyon poupe nwa pou a:
https://www.gofundme.com/f/munecas-negras-identidad-y-resistencia
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Apr 08, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 8 avril 2019
Monday Apr 08, 2019
Monday Apr 08, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pou leve kanpe devan Beacon Theater jedi swa apati 6pm pou n manifeste kont Bill ak Hilary Clinton k ap pale nan espas sila a nan Manhattan
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 5 avril 2019 la
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Ti koze ak avoka Marcel Denis sou dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la ki devan tribinal nan NY jodi a
Konbit pou kominote a vin pote kole Mekredi a midi nan Eastern District Court nan Cadman Plaza nan Brooklyn kote premye seyans dosye sila a pral plede
Nou salye 2 oditè Msye ak Madam Israel ki tou 2 ap fete anivèsè nesans yo jodi a

Tuesday Apr 02, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 2 avril 2019
Tuesday Apr 02, 2019
Tuesday Apr 02, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Yon emisyon espesyal jodi a sou sè ak frè nou yo ki jwenn lanmò nan lanmè Turks & Caicos pandan yo t ap chache lavi
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Refleksyon nou sou trajedi Turks ak Caicos la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Apr 01, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi Premye avril 2019
Monday Apr 01, 2019
Monday Apr 01, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 29 mas 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nou salye gran frè nou Pè Belamour ki pèdi yon pitit fi li
Yon ti repase sou dosye TPS la: Pwolongasyon jiska janvye 2020 pou Ayisyen k gen TPS yo
Nouvèl:
-Yon ti batiman kanntè k t ap transpòte sè ak frè nou pou rive Zil Turcs & Caicos koule, 15 kadav jiskaprezan
-104 lejislatè Meriken ekri Sekretè Deta Meriken Mike Pompeo sou dosye Ayiti a
-Bravo pou UNIFA ki fè dezyèm gradyasyon li ayè dimanch lan
-Larisi pase Meriken nan rizib sou dosye Venezyela a
Anons

Tuesday Mar 26, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 26 mas 2019
Tuesday Mar 26, 2019
Tuesday Mar 26, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Remèsiman pou fanmi k te rele apre emisyon an yè pou sipòte Diri Peyi'M nan
Ti refleksyon nou sou jwèt joujou lakomedi palman kroupyon an ak primati tèt chat la, ak Ti Kouyon Jovenel
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Refleksyon nou sou rapò envestigatè espesyal Robert Mueller sou dwèt yo di Larisi ta foure nan eleksyon 2016 la ki ta lakòz Donald Trump te pote laviktwa
Ti koze ak frè nou Kafenòl sou gwo viktwa kominote Ayisyen nan Montreal ak sipòtè yo te ranpòte sou chawony Michel "Sweet Micky" Martelly
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Mar 25, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 25 mas 2019
Monday Mar 25, 2019
Monday Mar 25, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti refleksyon nou sou Ti Kouyon Jovenel Moise ak 4 lòt restavèk k al Mar-a-Lago pou chache jwenn djòb netwaye lakou Trump
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 22 mas 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Nou salye frè nou Fritzner Pierre, manm KOMOKODA ki nan stidyo a ak nou
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Ti koze sou "Diri Peyi'M" ak sè nou Madam Edeline Petithomme epi ak frè nou Raymond Dugué
Yon kokenn siklòn (Idai) ravaje 3 peyi nan kontinan Afriken an: Malawi, Mozambique, ak Zimbabwe

Tuesday Mar 19, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 19 mas 2019
Tuesday Mar 19, 2019
Tuesday Mar 19, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Kouraj pou sè nou Patricia Okoumou ki te parèt devan jij nan Manhattan maten an pou l resevwa pèn jij la deside ba li paske l te grenpe Estati Lalibète 4 jiyè 2018 pou pwoteste kont politik imigrasyon rasis Donald Trump ap pousuiv yo
Ti refleksyon nou sou jwèt joujou lakomedi palman kroupyon an ak primati tèt chat la, ak Ti Kouyon Jovenel
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Ti koze ak frè nou Asselin Charles sou aktivite k ap fèt apremidi a nan Brooklyn College kote limenm ak Franketienne ap prezante tradiksyon Angle liv Dezafi Asselin fè
Anons

Monday Mar 18, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 18 mas 2019
Monday Mar 18, 2019
Monday Mar 18, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti refleksyon nou sou pyès teyat k ap jwe nan Palman Ayisyen an
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 15 mas 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Chanm depite gason an deside voye Jean Henry Ceant ale; Ceant devan, Jovenel dèye!
Ayibobo pou Gwoup Desandann nan peyi Kiba fete 25 an depi y ap voye kilti Ayiti monte nan Kiba epi atravè lemonn
Ti koze sou pwojè nou pou mete diri peyi sou tab Ayisyen nan dyaspora a; Remèsiman pou fanmi k deja rele epi k jwenn diri yo
Liy ouvè ak oditè yo

