Episodes

Tuesday May 21, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 21 me 2019
Tuesday May 21, 2019
Tuesday May 21, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Salitasyon pou kèk fanmi k apral fete nesans yo epi ti mo kouraj pou sè nou Sophia Cantave ki pèdi papa l
Refleksyon Dahoud sou laviktwa Farah Louis nan eleksyon 45yèm nan epi nou tou anonse n ap voye Monique Chandler Waterman monte nan pwochen eleksyon (primary pou kandida Pati Demokrat yo k ap fèt 25 jen k ap vini an
Refleksyon konpatriyòt Fritzner Pierre
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday May 20, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 20 me 2019
Monday May 20, 2019
Monday May 20, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 17 me 2019 la ak sè nou Darnell Benoit
Ti koze ak Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ak frè nou Raymond Dugué sou gwo jou 20 me 2019 la ki make 214yèm anivèsè Konstitisyon 1805 lan

Tuesday May 14, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 14 me 2019
Tuesday May 14, 2019
Tuesday May 14, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti repons pou konpatriyòt St Jean ak ti koreksyon pou konpatriyòt Yves Catabois
Ti koze ak sè nou Mercedes Narcisse ki nan lari a k ap bat tanbou pou kandidati Monique Chandler-Waterman nan eleksyon lokal k ap fèt jodi a
Nouvèl:
-Pati ANC ranpòte laviktwa nan eleksyon ki fèt nan Afrikdisid menm lè te gen bon kou bès nan patisipasyon popilasyon an ak nan pousantaj yo fè
-Gouvènman Trump lan arete ajan espyonaj Meriken Daniel Everett Hale yo akize ki te met kakachat pwogram sasinay "drone" Obama a deyò
-Pras ki te gwoup mizik Fugees pran nan cho ak leta Meriken sou akizasyon li te fofile lajan etranje nan kanpay Barak Obama an 2012 pou favè anba tab
Ti koze ak responsab òganizasyon Flanbwayan Darnell Benoit sou selebrasyon y ap fè samdi 18 me a 1è devan stasyon tren "Q" a nan Parkside Ave. ak Ocean Ave. nan Brooklyn nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday May 13, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 13 me 2019
Monday May 13, 2019
Monday May 13, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 10 me 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Ti koze ak sè nou Mercedes Narcisse sou fason yon seri moun alèz jodi a pou y ap mande pou tout Ayisyen ki Ayisyen kanpe yon sèl bò nan eleksyon pou 45yèm distrik lan k ap fèt demen an pandan yon lòt epòk yo pa t wè l konsa

Tuesday May 07, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 7 me 2019
Tuesday May 07, 2019
Tuesday May 07, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye frè nou Raymond Dugué ak zanmi li Jean Eddy Houanche ak manman Jean Eddy k ap koute emisyon an
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Etazini voye gwo batiman pòt avyon nan lanmè tou pre peyi Iran pou menase l
-Gwo Moso deklare l pare pou l takse jiska 200 milya dola pwodui ki soti Lachin si Lachin pa siye akò komès Etazini vle a
-Ti kouyon Guaido di kòm Trump mete l prezidan Venezyela li nan dwa l pou l siyen papye bay Trump lese pase pou militè Meriken anvayi peyi a
-Anbasad Meriken nan Pòtoprens sanble tout tchoul restavèk li yo pou yo fete Jounen Libète Laprès pandan Etazini ap fèmen jounalis nan prizon
Nou pase ti moso nan yon diskou (Angle) depite Meriken Ilhan Omar kote l di rasis yo sa yo santi a se limenm menm k ap boukannen l
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Nou fini emisyon an ak yon lòt tranch diskou depite Meriken Ilhan Omar

Monday May 06, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 6 me 2019
Monday May 06, 2019
Monday May 06, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 3 me 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Refleksyon nou sou travay ak responsabilite diferan politisyen lokal nan zòn Brooklyn, NY kote n ap viv la
Sa k bay KOMOKODA fòs ak kouraj pou n kontinye manifeste devan konsila Ayisyen an chak jedi depi yon lannen
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Apr 30, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 30 avril 2019
Tuesday Apr 30, 2019
Tuesday Apr 30, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Refleksyon nou sou atik ki parèt nan Haitian Times ak lòt pawòl k ap pale nan kominote a ki ta vle sijere kòm Jumaane Williams sipòte Monique Chandler Waterman olye l sipòte kandidati Farah Louis pou ranplase l sa ta ta vle di li se yon anti Ayisyen
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Lapolis anonse li touye Tije lannuit la epi Arnel pran bal; Gen Ayisyen k ap bat bravo! Lapolis te eskòte 7 teworis blan yo mennen yo ayewopò, anpil Ayisyen pa t di krik!
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Apr 29, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 29 avril 2019
Monday Apr 29, 2019
Monday Apr 29, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye sè nou Vayola Jean ki se yon enfimyè. Sendika 1199 kouwone li pandan wikenn nan kòm yon enfimyè ki distenge tèt li nan travay li pou ane 2019 la
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 26 avril 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nouvèl
-Depatman Deta Meriken anons bal ap chante nan viwon Anbasad Meriken nan Pòtoprens la nan moman n ap pale la. Yo pa bay okenn detay anplis sou sa k ap fèt la
-Samedi 27 avril ki sot pase a peyi Afrik Disid make 25 lannen depi eleksyon Nelson Mandela alatèt peyi a, yon jounen yo batize Jounen Lalibète. Anpil moun nan popilasyon an plenyen se moun rich yo k ap jwi libète sila a
-Finalman gen yon reprezantan Nasyonzini ki reyisi vizite Julian Assange nan prizon nan Angletè
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Apr 23, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 23 avril 2019
Tuesday Apr 23, 2019
Tuesday Apr 23, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou frè nou Mumia Abu Jamal k ap fete 65yèm anivèsè nesans li demen 24 avril la epi nou salye sè nou Mercedes Narcisse k ap fete anivèsè nesans li Vandredi bòn fèt tou
Kòmantè Mumia sou arestasyon Julian Assange nan
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl
-Dosye Venezyela a: Larisi akize Meriken kòm lotè atak viris ki deranje konpitè k ap kontwole elektrisite nan Venezyela; Meriken ap chache sèvi ak destabilizasyon l ap fè nan Venezyela a pou l tou chavire Revolisyon Kibèn an; Rezistans anndan Anbasad Venezyela nan Washington nan
-Rapò envestigasyon Mueller sou konplotay Kanpay Trump lan ak Larisi a nan lari
-Sa yo rele opozisyon nan peyi nou an sanble lage sa nèt epi Ti kouyon an Jovenel Moise ap ouvè kò l
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Apr 22, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 22 avril 2019
Monday Apr 22, 2019
Monday Apr 22, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 19 avril 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Yon lòt fwa ankò nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou sè nou Fabienne ki te pèdi tonton li Msye Alphonse Jean-Bart, lantèman an fèt jedi pase
Ti rapò sou rankont nou te fè ak sè nou Ana Maria Belique ki te nan zòn NY la
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nouvèl
-Jodi a se jou 193 peyi k manm Nasyonzini yo selebre planèt tè a
-Komedi k rele lajistis nan peyi nou blanchi blanchi blanchisè lajan Jovenel Moise kòmkwa 14 kanè bank yo pa ta reprezante anyen dwòl
-Lendi pase 15 avril la se te dat pou moun k ap viv Ozetazin ranpli fòmilè enpo yo bay leta
Ti refleksyon nou sou eleksyon espesyal la k ap fèt nan 45yèm distrik nan Brooklyn nan pou ranplase Jumaane Williams
Anons

