Episodes

Tuesday Oct 08, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 8 oktòb 2019
Tuesday Oct 08, 2019
Tuesday Oct 08, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nouvèl:
-Miami Herald rapòte Marco Rubio ta pale nan sans ke Etazini pa p vin retire Jovenel nan sa l ye la a
-Popilasyon Ekwatè kanpe dan di pou kapote gouvènman Lenin Moreno a
-Gouvènman Hong Kong limenm anonse si l pa ka jere manifestasyon yo k ap fèt laba a l ap sètoblije rele Lachin pou yo vin mete lòd nan dezòd
-Sekretè Jovenel yo mete deklarasyon deyò pou denonse pèp la ki manke manje konseye Jovenel yo samdi a devan Radio Caraibes
-Nasyonzini fè konnen li sanlè fè fayit; 37,000 anplwaye l yo ka pa ka touche apre fen mwa sa a
Nou pase istwa Jean Claude Martineau ki rele Bèfchenn
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Vandredi swa moun yo pa rive idantifye sasinen Joshua Brown ki te temwanye nan jijman Amber Guyger ki te sasinen Botham Jean
-Gouvènman Trump la pou yon dekrè pou egzije apati 3 novanm tout etranje k ap aplike pou viza pou vini Ozetazini blije demontre yo genyen lajan pou peye pou nenpòt swe sante yo ta ka bezwen oswa yo prezante sètifika asirans sante k ap kouvri yo pou tan y ap fè Ozetazini an
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Oct 07, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 7 oktòb 2019
Monday Oct 07, 2019
Monday Oct 07, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou ankouraje oditè ki branche yo pou rele yon fanmi oswa yon zanmi epi ede yo koute Radio Omega
Gouvènman Ti Komik la mande pou lekòl louvri, popilasyon an griyen dan l; Ayibobo pou pèp Ayisyen an ki kanpe pou goumen kont restavèk apatrid yo jodi a
Nou salye Mirlande Paillere, manm KOMOKODA ki fè afè ak konpatriyòt Frantz Jacket
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 4 oktòb 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Ti ranmase sou lavant liv Kreyòl n ap òganize chak dimanch pandan mwa oktòb la "Mwa Kreyòl" la; Konbit pou ankouraje kominote a vin patisipe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki aktyèlman nan peyi Kiba
Son ak rapò mobilizasyon KOMOKODA kont Hillary ak Chelsea Clinton madi swa devan Kings Theater epi devan jedi swa devan Union Square Barnes and Nobles
Nouvèl:
-Jedi 3 oktòb la, Gouvènman peyi Bahamas anonse l ap kòmanse depòte Ayisyen san papye ki te viktim siklòn Dorian yo nan 20 jou
-Nou ri moun ki di yo alatèt mobilizasyon kont Jovenel Moise nan Pòtoprens k al pale franse epi pote lèt bay reprezantan Nasyonziini yo an Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Oct 01, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi Premye oktòb 2019
Tuesday Oct 01, 2019
Tuesday Oct 01, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Mobilizasyon pou kominote a vin bare Hillary Clinton ak Chelsea Clinton 6pm demen devan Kings Theater nan 1027 Flatbush Avenue ant Beverly ak Tilden
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Ti koze ak Alain Zephyr ak Yves Pierre ki se 2 responsab nan òganizasyon Renouvo Demokratik sou woumble yo te fè nan Queens lan samdi k sot pase a sou chimen demen peyi d Ayiti
Mobilizasyon pou kominote a vin bare Hillary Clinton ak Chelsea Clinton 6pm demen devan Kings Theater nan 1027 Flatbush Avenue ant Beverly ak Tilden
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Sep 30, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 30 septanm 2019
Monday Sep 30, 2019
Monday Sep 30, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou jete dlo nan okazyon 28 lannen depi jou madichon 30 septanm 1991; Nou salye viktim yo
Mobilizasyon pou kominote a vin bare Hillary Clinton ak Chelsea Clinton 6pm demen devan Kings Theater nan 1027 Flatbush Avenue ant Beverly ak Tilden
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 27 septanm 2019 la ak sè nou Darnell Benoit
Ti koze ak frè nou Kafenòl ki nan Montreal sou 30 septanm nan epi sou mobilizasyon k ap fèt lakay jodi a pou kapote sistèm anplas la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Sep 24, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 24 septanm 2019
Tuesday Sep 24, 2019
Tuesday Sep 24, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la 10am-6pm jedi 26 septanm pou denonse Edmond Bocchit ki pral pale nan plas Jovenel nan LONI:
815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Ti koze ak Pè Junior Calixte, ki responsab nan leglis St. Thomas More nan Nassau, Bahamas sou sitiyasyon sè ak frè nou yo ki viktim siklòn Dorian
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la 10am-6pm jedi 26 septanm pou denonse Edmond "Boulchit" Bocchit ki pral bay manti nan plas Jovenel nan LONI:
815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Anons

Monday Sep 23, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 23 septanm 2019
Monday Sep 23, 2019
Monday Sep 23, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou selebrasyon 261yèm anivèsè nesans Papa Desalin 20 septanm 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Ayibobo pou pèp Ayisyen an ki kanpe pou goumen kont restavèk apatrid yo jodi a; Dife nan 4 pwen kadino
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Ti koze sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn nan okazyon 6yèm anivèsè desizyon Tribinal Konstitisyonèl Dominiken ki te denasyonalize pitit Ayisyen ki fèt nan peyi sila a apre 1929
Nou ankouraje oditè yo al salye Martine "Dermalog" Moise ki nan otèl Lotte New York Palace nan Madison ant 50th ak 51st nan Manhattan ap tann mari li
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Sep 17, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 17 septanm 2019
Tuesday Sep 17, 2019
Tuesday Sep 17, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou envite fanmi an vin fete 261yèm anivèsè nesans Vanyan Janjak Desalin ak nou 7pm, Vandredi 20 septanm nan lokal Flanbwayan an, 208 Parkside Avenue
Nouvèl sou sitiyasyon sè ak frè nou yo ki viktim nan siklòn Dorian nan Bahamas; Divès legliz ak òganizasyon Ayisyen ak pitit Ayisyen nan Bahamas kole tèt ansanm pou fòme "United Haitian Community Front" nan lide pou yo ta pote yon konkou ki pi djanm bay fanmi nou yo
Ti koze ak gran sè nou Gad Flanbo a Bayyinah Bello sou selebrasyon Fondasyon Felisite ap fè lakay pou 261yèm anivèsè nesans Papa Desalin
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Sep 16, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 16 septanm 2019
Monday Sep 16, 2019
Monday Sep 16, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou envite fanmi an vin fete 261yèm anivèsè nesans Vanyan Janjak Desalin ak nou 7pm, Vandredi 20 septanm nan lokal Flanbwayan an, 208 Parkside Avenue
Divès òganizasyon nan zòn nan rankontre epi lanse "Operasyon Bare Jovenel nan NY" sizoka Jovenel ta vini nan NY la semèn pwochèn
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 13 septanm 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nou jete dlo, rele Ayibobo pou Vanyan Robert Mugabe, ansyen prezidan peyi Zimbabwe, lantèman li fèt samdi k sot pase a
Taiwan ofri Jovenel cha blende pou fè represyon sou pèp la ki nan lari pandan Lachin limenm ofri Jovenel plizyè milya dola "devlopman" pou kalme lari a akondisyon Jovenel ta vire do bay Taiwan
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Sep 10, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 10 septanm 2019
Tuesday Sep 10, 2019
Tuesday Sep 10, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki nan stidyo ak nou
Fritzner salye oditè yo
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Donald Trump di l revoke John Bolton men Bolton di se li k vire do l
-Lajistis peyi Onndiras kondane ansyen premyè dam peyi a Rosa Bonilla de Lobo pou l pase 58 lannen nan prizon pou koripsyon
-Pandan siklòn Dorian t ap menase Etazini Gouv. Trump lan retire $155 milyon nan bidjè FEMA ki pou ta adrese dezas natirèl epi voye l nan bidjè ICE pou pèsekite imigran
-Atik Dave Lindorff nan Counterpunch.org sou gran près Meriken an k ap pale kòmkwa Iran ap vyole menm akò nikleyè yo byen konnen Trump dechire a
-Nou ankouraje oditè yo, òganizasyon yo nan kominote a, legliz yo pou ranmase responsabilite yo fas ak sè ak frè nou yo ki viktim siklòn Dorian nan Bahamas; Nou ankouraje pèp Ayisyen an leve kanpe pou n genyen yon gouvènman nan liy zansèt nou yo ki mete kanpe yon Ayiti tout pitit li ka viv ladan l
Nou ankouraje oditè yo kanpe pou bloke Jovenel si l met pye nan NY la
Liy ouvè ak oditè yo
Nou pase yon ti moso nan yon repòtaj Sky News ki fèt sou zile Abaco nan Bahamas:
https://www.youtube.com/watch?v=OYpsfZkLbok
Anons

Monday Sep 09, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 9 septanm 2019
Monday Sep 09, 2019
Monday Sep 09, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 6 septanm 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Nou swete demwazèl kay la Agathina Nozy "Bòn Fèt"
Nou salye frè nou Raymond Dugué ak fanmi li, nan wikenn nan li te genyen sèvis pou make 2yèm anivèsè travèse ti frè li Jean Claude Dugué
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nou jete dlo, rele Ayibobo pou Vanyan Robert Mugabe, ansyen prezidan peyi Zimbabwe ki fè travèse li nan laj 95 lannen
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki nan stidyo a ak nou
Ti refleksyon nou sou sè ak frè nou yo ki viktim nan siklòn Dorian nan Bahamas ak reyalite peyi nou k ap ankouraje Ayisyen kite peyi a al chache lavi lòt kote

