Episodes

Tuesday Dec 17, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 17 desanm 2019
Tuesday Dec 17, 2019
Tuesday Dec 17, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI 3pm-6pm Jedi 19 desanm 2019:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Peyi lòk la rive nan peyi Lafrans: Tout bagay bloke pou voye Macron ak gouvènman l nan ale
-Gouvènman Meriken an anonse enkilpasyon ak tout mande arestasyon yon ansyen anplwaye Anbasad Meriken Roudy Pierre-Louis yo akize k ta vòlè plizyè santèn milye dola vèt nan Anbasad la
Son nan manifestasyon anfavè Ti Komik Jovenel Moise pandan l t ap pase Gonaives samdi swa
Refleksyon sou sa k pase Gonaives samdi swa a; sou lapolis ki akonpanye patizan Jovenel yo ki genyen tout kalte zam nan men yo pou y al atake Raboto yè maten; Ti tchoul, gwo tchoul tout se tchoul
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI 3pm-6pm Jedi 19 desanm 2019:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan

Monday Dec 16, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 16 desanm 2019
Monday Dec 16, 2019
Monday Dec 16, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Remèsiman pou tout fanmi nou yo k ap koute emisyon Eritye Papa Desalin anndan kou deyò peyi nou
Refleksyon nou sou gwo dat 16 desanm 1990 la 29 lannen apre
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 13 desanm 2019 la
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ayibobo pou fanmi ki te manifeste ansanm ak KOMOKODA jedi 12 desanm nan devan Misyon Etazini nan LONI epi nou kase randevou pou 3pm-6pm Jedi 19 desanm 2019:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Nouvèl:
-Apre yon vwayaj pou sante nan Kiba Evo ale Ajantin jedi pase a pou l rete la kòm yon refijye annatandan l retounen lakay li nan Bolivi; Ajantin gen fwontyè ak Bolivi; 10 desanm "Lagoch" repran pouvwa laba a; Pandanstan gouvènman koudeta nan Bolivi di l ap prepare eleksyon epi Evo pa gen dwa kandida; y ap prepare yon manda pou arete l
-Manifestasyon Bahamyen rasis devan Anbasad Ayiti nan Bahamas
-Apati jodi a imigran ki pa gen estati legal Ozetazini ap kapab aplike pou lisans pou yo kondi machin nan NYS
-Pandan Etazini ak Core Group la ap bay pèp Ayisyen an lokipasyon kouri dèyè yon ti restavèk, y ap ede Repiblib dominikèn ansèkle peyi nou ak baz militè, yo sou sizyèm baz yo mete kanpe sou fwontyè a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Dec 10, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 10 desanm 2019
Tuesday Dec 10, 2019
Tuesday Dec 10, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti fikilte ak koze "Dwa Moun" nan
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI 3pm-6pm Jedi 12 desanm 2019:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Jwèt ti komik ak lènmi nou yo pa p retire Ayiti nan kondisyon "twou latrin" menm lènmi sa yo mete l la
Ti koze ak responsab òganizasyon MUDHA Sirana Dolis nan okazyon 10 desanm kote Nasyonzini selebre Jounen Entènasyonal Dwa Moun
Plis detay sou chirepit ki genyen nan mitan kominote Juif la nan zòn Midwood nan Brooklyn nou te adrese yè a
Yon rapò National Institute of Environmental Health Sciences fè konnen pwodui chimik fanm mete nan chive yo se yonn nan bagay ki ta bay kansè
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Dec 09, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 9 desanm 2019
Monday Dec 09, 2019
Monday Dec 09, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki nan stidyo a ak nou
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI 3pm-6pm Jedi 12 desanm 2019:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 6 desanm 2019 la
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Refleksyon nou sou chirepit ki genyen nan mitan kominote Juif la nan zòn Midwood nan Brooklyn nan epi fason 2 ti restavèk yo Rodneyse Bichotte ak Farah Louis pa jennen pran pozisyon avèk Juif rasis yo kont yon lekòl pou timoun nwa nan zòn nan
Refleksyon nou sou monte desann k ap fèt nan mitan opozisyon kont Jovenel Moise la pou yo eplike blan an, chache konvenk blan an pou l lage Jovenel
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Dec 03, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 3 desanm 2019
Tuesday Dec 03, 2019
Tuesday Dec 03, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Mobilizasyon KOMOKODA te anonse pou jedi 5 desanm devan Misyon Etazini nan LONI a ranvwaye
Ti komik Jovenel ap ouvè kò l kòmkwa l ta redrese batiman k ap koule a
Ti mesaj pou oditè k te rele m apre emisyon yè a pou di m li pa dakò mwen pran pozisyon anfavè Arnel Belizaire
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Kòmkwa lekòl ta relouvri nan peyi a
-Ti komik Jovenel anonse l revoke alatèt ULCC (Inite k ap lite kont koripsyon) a David Bazile epi l ranplase l ak Claudy Gassant
-Ti komik Jovenel ap voye manda arestasyon adwat agoch epi l ap arete Ti Jan ak Ti Jak
-Ti komik Jovenel ak "Bullshit Bocchit" envite OEA vin ankete sou sitiyasyon peyi a
-Ayibobo pou militan nan Gonayiv yo ki kanpe dan di pou pwoteje barikad
-Devlopman nan dosye Jacques Yves Sebastien Duroseau a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Dec 02, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 2 desanm 2019
Monday Dec 02, 2019
Monday Dec 02, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki nan stidyo a ak nou
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 29 novanm 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Nou salye memwa Jean Robert Cius, Mackenson Michel, ak Daniel Israel, 3 jèn yo ki te tonbe Gonayiv 28 novanm 1985 epi tout fanmi nou ki te viktim nan masak Riyèl Vayan an 29 novanm 1987
Remèsiman pou fanmi ki t ale nan pelerinaj Plymouth lan ak nou pou Jounen Nasyonal Dèy la epi remèsiman pou tout fanmi ki te bay sipò yo pou pèmèt pelerinaj la te yon siksè
Refleksyon Fritzner sou pelerinaj Plymouth lan
Nouvèl:
-19 Ayisyen pou piti ta peri sou lanmè arebò Caicos pandan wikenn nan
-Edmund Mulet ki te alatèt MINUSTHA jiska 2011 pwopoze yon lòt misyon LONI ki ta pou dire 30 lannen an Ayiti epi pou US Southern Command lan ta tabli katye jeneral li an Ayiti
Refleksyon nou sou arestasyon ansyen depite Arnel Belizaire
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Nov 26, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 26 novanm 2019
Tuesday Nov 26, 2019
Tuesday Nov 26, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pelerinaj pou kominote a monte Plymouth, Massachussetts jedi 28 novanm, jou "Thanksgiving" nan pou n al pote solidarite n ak endijèn yo ki make li kòm "Jounen Nasyonal Dèy"
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Nan Bolivi pèp la kanpe pou konbat koudeta Meriken an
-Mobilizasyon kont koripsyon ak gouvènman restavèk toupatou
-Sòlda Gouvènman Mali ak sòlda Franse ki vin kore yo ap pran gwo frap nan Mali
-Nan eleksyon pou prezidan Etazini an batiman Joe Biden nan ap bwè dlo epi ansyen majistra NY la deside rantre nan won an
-2 blan franse jwenn ak zo grann yo nan peyi d Ayiti
Nou salye kouraj konpatriyòt Charlot Jeudi, responsab òganizasyon KOURAJ ki fè travèse li nan kondisyon ki panko fin klè
Anons

Monday Nov 25, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 25 novanm 2019
Monday Nov 25, 2019
Monday Nov 25, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Jodi a se 25 novanm, Jounen Entènasyonal pou Konbat Vyolans k ap fèt sou Fanm, nou salye tout fanm kouraj yo k ap goumen pou yo viv anndan yon sosyete miwo miba
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 22 novanm 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak sè nou Ninaj Raoul ki se responsab Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen sou divès kalte vyolans fanm yo ap andire
Anons

Tuesday Nov 19, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 19 novanm 2019
Tuesday Nov 19, 2019
Tuesday Nov 19, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pelerinaj pou kominote a monte Plymouth, Massachussetts jedi 28 novanm, jou "Thanksgiving" nan pou n al pote solidarite n ak endijèn yo ki make li kòm "Jounen Nasyonal Dèy"
Mesaj frè nou Antoine Adan sou pelerinaj Plymouth la
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan zòn New York la jodi a
Son nan manifestasyon ki te fèt nan New York epi nan Kanada pou n kanpe ak pèp la ann Ayiti ki nan goumen
Ti koze ak fanmi Espas Kreyòl yo (Menès Dejoie ak Jean Refuse) sou pyès teyat Mèt Zabèlbòk y ap prezante Vandredi swa nan Brooklyn nan
Nouvèl:
-Etazini ap mande lapè ak dyalòg yon bò epi yon lòt bò l ap rele vide gaz
-Koudeta pou Jezi nan Bolivi!
-Masak Izrayèl fè sou Palestinyen yo nan Gaza semèn pase a
Refleksyon nou sou konpatriyòt Jacques Yves Sebastien Duroseau lapolis Ayisyen ta arete nan ayewopò Pòtoprens ak gwo zam fann fwa nan malèt li
Anons

Monday Nov 18, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 18 novanm 2019
Monday Nov 18, 2019
Monday Nov 18, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou jete dlo pou zansèt yo nan okazyon gwo jounen 18 novanm nan, 216 lannen apre Batay Vètyè a
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 15 novanm 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak frè nou Fritzner Pierre sou Batay Vètyè a
Liy ouvè ak oditè yo
Konbit pelerinaj pou kominote a monte Plymouth, Massachussetts jedi 28 novanm, jou "Thanksgiving" nan pou n al pote solidarite n ak endijèn yo ki make li kòm "Jounen Nasyonal Dèy"

