Episodes

Tuesday May 12, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 12 me 2020
Tuesday May 12, 2020
Tuesday May 12, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Fòs, Kouraj ak Lanmou pou fanmi Hilaire "Bei" Aristide, lantèman li fèt jodi a nan Frantz Daniel Jean Funeral Home nan Brooklyn nan
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Yè lendi a Meriken pimpe 50 Ayisyen tounen lakay; Toto Constant pa t nan avyon an ni 5 Ayisyen yo di k te teste pozitiv pou Kowonaviris la
Ti koze ak sè nou Ninaj Raoul sou dosye imigrasyon
Liy ouvè ak oditè yo
Veye chalatan k ap fè mannigèt, ki di y ap ranmase lajan pou viktim Kowona yo ann Ayiti
Anons

Monday May 11, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 11 me 2020
Monday May 11, 2020
Monday May 11, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou ankouraje fanmi an pou yo pa bese gad yo menm lè nou wè kantite moun k ap teste pozitiv pou kowonaviris lan ak moun k ap mouri yo ap bese nan zòn New York lan
Nou salye frè nou Raymond Dugué ki pèdi granmè li Madam Edovia Bernadel
Nou salye sè nou Manzè Choublak (Darlene Fabienne Lozis) ki pèdi papa li Pastè Nicolas Rogès Lozis
Yon lòt fwa ankò n ap salye Claire, Myrielle, Fedlaire, ak Ilna. Se demen lantèman Msye Hilaire "Bei" Aristide ap fèt nan Brooklyn nan
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 8 me 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Ti diplis sou dekrè Gouvènè New York la Andrew Cuomo ki entèdi mèt kay mete moun deyò nan kay yo jiska 20 out 2020
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
N ap salye memwa konpatriyòt Wilfrid "Tido" Lavaud ki fè travèse li vandredi 8 me ki sot pase a
Devlopman nan atak mèsenè Meriken te mennen kont Gouvènman Prezidan Maduro a nan Venezyela
Anons

Tuesday May 05, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 5 me 2020
Tuesday May 05, 2020
Tuesday May 05, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Jodi a se jou Meksiken yo, sitou sa yo k ap viv andeyò peyi yo selebre "Cinco de Mayo"; ki sa li ye? ki jan Ayiti rantre nan dosye a?
Diplis sou atak mèsenè Meriken t al chache fè kont gouvènman Meriken an dimanch ki sot pase a
Yonn nan pi gwo inivèsite Ozetazini yo ki rele Harvard nan cho apre yon rapò soti pou fè konnen pedofil kadejakè Jeffrey Epstein yo di ki touye tèt li etan l te nan prizon ane pase te gen yon biwo pèsonèl anndan lekòl la pou yon bon bout tan malgre tribinal te gen tan kondane l
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl
-Se pa tout moun ki ko jwenn ti kòb stimilis la; gen apeprè 70 milyon moun ki panko jwenn li
-Kowona viris la lakòz gwo tèt chaje nan biznis vyann nan Ozetazini
-Bri k ap kouri nan lari a sè ke se ta Councilman Alan Maisel ki ta ap kore bannann responsab ponp finèb Andrew Cleckley ki fè lapolis panko arete l
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday May 04, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 4 me 2020
Monday May 04, 2020
Monday May 04, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Refleksyon nou sou malfezans responsab Andrew Cleckley Funeral Home yo ki lage kadav fanmi nou yo ap gate anndan kamyon UHaul sou Utica Avenue nan Brooklyn nan
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl Premye me 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Salitasyon espesyal pou sè nou Marie Dimanche, responsab nan Solidarite Quebec Haiti; Marie pèdi manman li nan Montreal nan vag lanmò Kowonaviris la Mèkredi ki sot pase a
Nouvèl:
-Akizasyon abi seksyèl ak kadejak kont alatèt Federasyon Foutbòl Ayisyen an Jean Yves "Dadou" Jean-Bart
-Jounen Mondyal Libète Laprès ap pale nan mitan gwo maspinay lapolis Ayisyen ap fè sou jounalis
-Eskandal pou yon lantèman fèt nan Tèryewouj paske popilasyon an di moun ki mouri kowona pa gen dwa antere lakay yo
-Diferan reyaksyon lapolis NY parapò ak jan yo aji nan yon kominote nwa nan Manhattan epi nan yon rasanbleman kominote Juif nan Brooklyn ki t ap fè yon lòt lantèman
-Dirijan Koredinò a Kim Jong Un bèlebyen vivan ap jere zafè peyi li; Tout pawòl kòmkwa l ta mouri yo se te bri sapat
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Apr 28, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 28 avril 2020
Tuesday Apr 28, 2020
Tuesday Apr 28, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou retounen sou krim rejim Duvalier yo epi nou pase yon ti bout nan entèvyou Francois Duvalier nan dokimantè Alan Whicker kote tout moun ka wè klè se yon ti tchoul li ye
Nou salye memwa Pè Desrameaux, lantèman li fèt jodi a
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl
-Malatchong kontinye ap tonbe sou do dirijan Koredinò a Kim Jong Un
-Ak pil moun ki pèdi travay yo Ozetazini valè moun ki pèdi asirans sante yo riske mete sistèm nan nan gwo difikilte
-Legliz Meriken "Church of the Bible Understanding" ki te responsab òfilina ki te pran dife nan Kenskòf 13 fevriye a ofri paran timoun yo ant $50 rive $100 pou chak timoun ki te mouri nan dide a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Apr 27, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 27 avril 2020
Monday Apr 27, 2020
Monday Apr 27, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye memwa frè nou Pastè Fremont ki fè travèse li
Salitasyon espesyal pou fanmi konpatriyòt Wawa (Jacques Fortère), nou te gen chans patisipe nan lantèman li Vandredi a
Li ta parèt kòmkwa kowonaviris la ap fè chimen li
Meriken ap sèvi ak kowonaviris la kòm kouvèti pou l jere ti tchoul li Jovenel Moise pou fè represyon an mache nan peyi a
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 24 avril 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Malfektè yo bat tanbou yo, yo danse l: yo deside Kim Jong Un ki se lidè Koredinò a malad, yo deside li gravman grav, yo menm deside li mouri!
Ti koze ak frè nou Mèt Bano (Ernest Banatte) pou ankouraje fanmi an pa bliye dat madichon 26 avril 1963 epi 26 avril 1986
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Apr 21, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 21 avril 2020
Tuesday Apr 21, 2020
Tuesday Apr 21, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou retire chapo nou pou salye memwa Reverend Lucius Walker ki fè travèse li
Fòs, Kouraj, ak Lanmou pou tout fanmi nou yo ki nan soufrans nan moman an
Nou salye sè nou Raymonde Amedée ki se kouzin Annette Auguste (Sò Àn)
Nou retire chapo nou pou salye memwa konpatriyòt Louis Jean Baptiste Larose ki fè travèse li. Se te kouzen frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines.
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Donald Trump lage yon twit pou di li pral pran yon dekrè pou bloke imigrasyon Ozetazini akoz kowonaviris la
-N ap di moun ki Ozetazini yo ki panko jwenn ti tchotcho stimilis la pa panike, komisyon an nan wout; Koze ap bwase nan Washington pou ta gen yon nouvo stimilis apre 2.2 trilyon an; Pou ki sa mache prese pou
-Jetblue ap rekoumanse vòl li an Ayiti apati mitan mwa me
-Meriken rive remonte tchoul yo Luis Almagro alatèt OEA pou yon lòt 5 lannen
-FMI deside lage yon lòt 112 milyon dolavèt kowona nan men ti tchoul yo Jovenel Moise
-Alatèt peyi CARICOM yo deside mande Meriken retire sanksyon yo sou Kiba ak Venezyela nan moman kowona a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Apr 20, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 20 avril 2020
Monday Apr 20, 2020
Monday Apr 20, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Refleksyon nou sou mach istorik 20 avril 1990 la 30 lannen apre
Bòn fèt pou fanmi nou yo: Zermatt Scutt, Fabyèn Yasent, ak Jean Duval
Nou jete dlo pou militan Sò Àn ki fè travèse li
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 17 avril 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Liy ouvè ak oditè yo sou 20 avril la
Anons

Saturday Apr 18, 2020
Entèvyou emisyon Lakou NY ak Pè Pierre Desrameaux 22 out 2007
Saturday Apr 18, 2020
Saturday Apr 18, 2020
Nou salye travèse konpatriyòt Pierre Desrameaux
Emisyon Lakou New York Manno Louizaire ak Dahoud Andre te anime pandan 10 lannen nan Radyo Pa Nou te gen privilèj ak lonè fè ti koze ak grandèt la 22 out 2007.

Tuesday Apr 14, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 14 avril 2020
Tuesday Apr 14, 2020
Tuesday Apr 14, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou retire chapo nou pou salye memwa Pastè Joseph Germain
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Soti 13 rive 28 avril lavil New York anile regleman ki egzije mèt machin chanje machin yo bò
Refleksyon nou sou dife asasen ki detwi legliz Wa Henri Christophe te bati nan Milo akote Palè Sansousi a
Refleksyon nou sou atik Lionel Trouillot sou komisyon Ti komik Jovenel enstale pou jere kowonaviris la an Ayiti
Gwo bès nan transfè dyaspora toupatou ap voye lakay yo
Blag - Dam k ap lapriyè, mande lavi pou gason dyaspora yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

