Episodes

Tuesday Apr 21, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 21 avril 2020
Tuesday Apr 21, 2020
Tuesday Apr 21, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou retire chapo nou pou salye memwa Reverend Lucius Walker ki fè travèse li
Fòs, Kouraj, ak Lanmou pou tout fanmi nou yo ki nan soufrans nan moman an
Nou salye sè nou Raymonde Amedée ki se kouzin Annette Auguste (Sò Àn)
Nou retire chapo nou pou salye memwa konpatriyòt Louis Jean Baptiste Larose ki fè travèse li. Se te kouzen frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines.
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Donald Trump lage yon twit pou di li pral pran yon dekrè pou bloke imigrasyon Ozetazini akoz kowonaviris la
-N ap di moun ki Ozetazini yo ki panko jwenn ti tchotcho stimilis la pa panike, komisyon an nan wout; Koze ap bwase nan Washington pou ta gen yon nouvo stimilis apre 2.2 trilyon an; Pou ki sa mache prese pou
-Jetblue ap rekoumanse vòl li an Ayiti apati mitan mwa me
-Meriken rive remonte tchoul yo Luis Almagro alatèt OEA pou yon lòt 5 lannen
-FMI deside lage yon lòt 112 milyon dolavèt kowona nan men ti tchoul yo Jovenel Moise
-Alatèt peyi CARICOM yo deside mande Meriken retire sanksyon yo sou Kiba ak Venezyela nan moman kowona a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Apr 20, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 20 avril 2020
Monday Apr 20, 2020
Monday Apr 20, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Refleksyon nou sou mach istorik 20 avril 1990 la 30 lannen apre
Bòn fèt pou fanmi nou yo: Zermatt Scutt, Fabyèn Yasent, ak Jean Duval
Nou jete dlo pou militan Sò Àn ki fè travèse li
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 17 avril 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Liy ouvè ak oditè yo sou 20 avril la
Anons

Saturday Apr 18, 2020
Entèvyou emisyon Lakou NY ak Pè Pierre Desrameaux 22 out 2007
Saturday Apr 18, 2020
Saturday Apr 18, 2020
Nou salye travèse konpatriyòt Pierre Desrameaux
Emisyon Lakou New York Manno Louizaire ak Dahoud Andre te anime pandan 10 lannen nan Radyo Pa Nou te gen privilèj ak lonè fè ti koze ak grandèt la 22 out 2007.

Tuesday Apr 14, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 14 avril 2020
Tuesday Apr 14, 2020
Tuesday Apr 14, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou retire chapo nou pou salye memwa Pastè Joseph Germain
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Soti 13 rive 28 avril lavil New York anile regleman ki egzije mèt machin chanje machin yo bò
Refleksyon nou sou dife asasen ki detwi legliz Wa Henri Christophe te bati nan Milo akote Palè Sansousi a
Refleksyon nou sou atik Lionel Trouillot sou komisyon Ti komik Jovenel enstale pou jere kowonaviris la an Ayiti
Gwo bès nan transfè dyaspora toupatou ap voye lakay yo
Blag - Dam k ap lapriyè, mande lavi pou gason dyaspora yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Apr 13, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 13 avril 2020
Monday Apr 13, 2020
Monday Apr 13, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Fòs, Kouraj, ak Lanmou pou tout moun k ap travèse rivyè Kowonaviris la toupatou nan mond lan ansanm ak nou:
-Nou salye memwa konpatriyòt Larousse Magnant, manm KOMOKODA ki fè travèse li
-Nou salye memwa konpatriyòt Wawa (Jacques Fortere), yon kokenn chantè, konpozitè, mizisyen Ayisyen ki fè travèse li
-Nou salye memwa konpatriyòt Nicolas Jules ki fè travèse li. Se te papa sè nou Joujou (Yolette Jules)
Nouvèl nan dosye Covid-19 la
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 10 avril 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Gwo tèt chaje pou fanmi nou yo nan New York la ki gen yon kadav nan men yo jounen jodi a; Tout ponp finèb plen epi lavil la redui a 14 jou tan yo deside kenbe kadav anvan yo voye yo nan fòs komin
Enfòmasyon sou nouvo regleman lavil New York ki di jiska 20 jen 2020 okenn mèt kay pa gen dwa mete yon lokatè deyò
Ti koze ak sè nou Ninaj Raoul, responsab Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen sou nouvèl sou dosye imigrasyon
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Apr 07, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 7 avril 2020
Tuesday Apr 07, 2020
Tuesday Apr 07, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Jij LaShann DeArcy Hall tranche anfavè konpayi transfè yo ak konpayi telefòn yo nan dosye dola senkant ak senk santim chak minit la; Balon an nan pye kominote a
Ti koze ak sè nou Darnell Benoit sou resous lavil New York mete disponib pandan sezon Covid-19 yo pou fanmi ki gen timoun lekòl
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Ministè Finans Etazini mete plis enfòmasyon deyò sou distribisyon sipò pou 175 milyon moun k ap viv Ozetazini
Nou jete dlo nan memwa jounalis Jean Dominique ak gadyen Radio Haiti asasen te koupe souf yo 3 avril 2000
Ti bemòl pou moun k ap òganize seyans lapriyè pou wè si y a chape anba Kowonaviris la
Anons

Monday Apr 06, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 6 avril 2020
Monday Apr 06, 2020
Monday Apr 06, 2020
Emisyon espesyal 2zèd tan
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Lanmò konsekans Covid-19 la koumanse frape kominote nou an fò!
Nou ankouraje fanmi an kenbe tèt yo frèt epi pran tout prekosyon; Nou jete dlo pou Pè Joseph Belamour ki fè travèse li; Konpatriyòt Hilaire "Bei" Aristide ki fè travèse l; Konpatriyòt Nicholas Renaud ki fè travèse li ak tout lòt fanmi nou ki janbe nan sezon madichon sila a
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 3 avril 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent; Nou raposib dyalòg la ak Fabyèn kòm yon pwofesyonèl sante mantal pou l bay kominote a ti konsèy pou ede yo jere move pas dlo n ap travèse a
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Liy ouvè ak oditè yo
Ti koze ak frè nou Frantz Daniel Jean ki se responsab Frantz Daniel Jean Funeral Services sou nouvo reyalite sèvis lantèman nou blije adapte nou ak li jodi a
Liy ouvè pou pèmèt oditè yo rann omaj ak fanmi ak zanmi yo ki janbe
Refleksyon nou sou atik Arundhati Roy ekri ki rele "Is the Pandemic a portal?" (èske pandemi n ap viv la ta ka yon fenèt pou n ponn yon lòt mond?
Nou kontinye liy ouvè a ak oditè yo

Tuesday Mar 31, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 31 mas 2020
Tuesday Mar 31, 2020
Tuesday Mar 31, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Anons
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl jounen an:
-Mannigèt Etazini pou pwofite regle lòt ajannda nan moman pandemi Kovid-19 la
-Mannigèt zanmi Izrayèl yo pou yo chache efase Palestine nan map Kovid-19 la
-Ti komik yo lakay nou k ap vòlè kòb sou tèt menas ak viktim Kovid-19 la
-Si w ta pèdi travay ou isit Ozetazini akoz Kovid-19 nou ankouraje w pa mize nan ranpli "unemployment"
Pa bliye prekosyon ki rekòmande yo pou diminye chans pou w atrap viris kowona a epi veye ak sante mantal la, sitou fanmi yo ki ret fèmen anndan kay yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Mar 30, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 30 mas 2020
Monday Mar 30, 2020
Monday Mar 30, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nouvèl nan dosye Covid-19 la: FDA apwouve Chloroquine kòm medikaman doktè gen dwa preskri pou kontre maladi a; Konsèy Dr. David Price ki nan Cornell Medical Center sou prekosyon pou moun pran nan lari a
Ti koze sou fason rankont Anba Tonnèl yo pral vanse pandan Covid-19 la lòk peyi a ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorlean Dessalines
Ti koze ak frè nou Jean Robert Bernagene ki responsab IGSSS Tax sou ti moso nan 2.2 trilyon an Gouvènman Meriken an ap voye bay moun k ap viv Ozetazini kòmkwa pou ede yo travèse sezon Covid-19 la
Nouvèl:
-Gouvènman tchoul lakay la anonse yo re-entegre polisye Yanick Joseph ak 4 lòt yo te revoke yo nan fonksyon yo
-Kòm mannigèt pou enstale Guaido prezidan Venezyela a pa pran, Etazini anonse li mete manda arestasyon kont Prezidan Nicolas Maduro
-Mannigèt anbasad Meriken ansanm ak konpayi charter Eastern Airlines pou pete fyèl moun ki Ayiti ki sitwayen Meriken ki bezwen rantre lakay yo Ozetazini
Anons

Tuesday Mar 24, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 24 mas 2020
Tuesday Mar 24, 2020
Tuesday Mar 24, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Blag jounen an se ekip vòlè ki opouvwa an Ayiti yo ki anonse ane skolè a pral kontinye "a distans" sou konpitè
Pa bliye prekosyon ki rekòmande yo pou diminye chans pou w atrap viris kowona a
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Dènye chif Covid-19 yo epi ki sa chif yo vle di
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

