Episodes

Thursday Jan 30, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 30 janvye 2025
Thursday Jan 30, 2025
Thursday Jan 30, 2025
Mèsi pou oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Emisyon espesyal sou Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Remèsiman espesyal pou tout oditè ki bay sipò yo pou emisyon Eritye Papa Desalin pandan mwa janvye sa a
Emisyon espesyal Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Jan 29, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 29 janvye 2025
Wednesday Jan 29, 2025
Wednesday Jan 29, 2025
Nou remèsye sipòtè nou yo; Rapò ak son manif KOMOKODA fè yè kont Hillary Clinton; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Liy ouvè; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Rapò ak son manif KOMOKODA kont Hillary Clinton ki t ap pale nan Manhattan yè
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Selebrasyon plizyè kote nan mond lan pou make 172 lannen depi nesans revolisyonè Kiben Jose Marti
Donald Trump bat lestomak li kòmkwa se li ki te fòse Prezidan Kolonbi a Gustavo Petro fè bak sou desizyon li
Ti restavèk Leslie Voltaire pote kwi li devan Macron ki fèk sot rele tout 9 vòlè KPT yo "Cons" paske li t ap sipòte Garry Conille epi yo te revoke
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Jan 28, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 28 janvye 2025
Tuesday Jan 28, 2025
Tuesday Jan 28, 2025
Mobilizasyon pou manif KOMOKODA kont Hillary Clinton k ap fèt nan Manhattan apremidi a; Nouvèl; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia Jean Joseph; Liy ouvè; Ala yon wont pou nou t ap tande Roland Sainristil k ap bese tèt li ak pati li a devan Kim Ives, ki se yon blan rasis, manm gwoup gang teworis "Viv nan San"; Anons...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nouvèl:
-Chirepit ant Kolonbi, Meksik ak Etazini sou depòtasyon
-Bri desantdelye "ICE" k ap kouri ki rive panike anpil imigran Ozetazini
-Imigrasyon Meriken fè desantdelye nan kominote imigran Dominiken nan Pòtoriko
-Gwo chikin kò politisyen ak kominote nan Newark, NJ apre desantdelye san manda Homeland Security sou yon depo manje nan zòn sa a
-Konpayi Google fè konnen se nan teritwa Etazini sèlman li ka chanje non Gulf Meksik pou l rele "Gulf America"
-Etazini deside kanpe sou "èd" etranjè USAID men anpil peyi di yo te renmen wè ki jan sa pral kenbe paske lè chif yo byen kalkile se Etazini limenm ki plis benefisye sou kategori "èd" sila a
-Ti komik yo k nan Gouvènman Ayiti a mande tout konsila yo Ozetazini pou kreye yon selil pou voye je sou depòtasyon Etazini ap fè yo
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Liy ouvè ak oditè yo
Ala yon wont pou nou t ap tande Roland Sainristil, animatè emisyon Fanmi Lavalas nan Radio Soleil nan New York dimanch la k ap bese tèt li ak pati li a devan Kim Ives, yon blan rasis, manm gwoup gang teworis "Viv nan San"
Anons

Monday Jan 27, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 27 janvye 2025
Monday Jan 27, 2025
Monday Jan 27, 2025
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Jodi a se fèt Dahoud; Levanjil Liberasyon ak Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Mobilizasyon pou manif KOMOKODA kont Hillary Clinton demen 28 janvye 2025; Moun ki te envesti nan EminiFX resi pral jwenn moso nan lajan yo; Donald Trump pare pou Zepina, Zepina pare pou Donald Trump; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi a se fèt Dahoud; Mèsi anpil pou tout fanmi ki pataje lanmou ak nou; Nou salye plizyè lòt fanmi ki fèt menm jou 27 janvye a ak nou
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Mobilizasyon pou manif KOMOKODA 5PM demen madi 28 janvye devan Kaufman Concert Hall kote Hillary Clinton gen pou l pale
Viktim Eddy Alexcandre, EminiFX yo, resi pral jwenn ti kal nan lajan yo te envesti yo
Donald Trump pare pou Zepina, Zepina pare pou Donald Trump
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Jan 23, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 23 janvye 2025
Thursday Jan 23, 2025
Thursday Jan 23, 2025
Mèsi pou oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Rapò ak son manifestasyon KOMOKODA fè yè 22 janvye 2025 lan pou pouse bòykòt Repiblik Dominikèn nan; Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Konsèy Sekirite Nasyonzini rankontre pou kontinye monte konplo pou detwi Ayiti; Gustavo Petro pase 3 zèd tan Jakmèl yè; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Rapò ak son manifestasyon KOMOKODA fè yè 22 janvye 2025 lan pou denonse apartheid nan Repiblik Dominikèn nan
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Konsèy Sekirite Nasyonzini rankontre pou kontinye monte konplo pou detwi Ayiti
Gustavo Petro pase 3 zèd tan Jakmèl yè
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Jan 22, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 22 janvye 2025
Wednesday Jan 22, 2025
Wednesday Jan 22, 2025
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manif KOMOKODA devan Konsila Dominiken nan Manhattan jodi Mèkredi 22 janvye 2025 la
Pastè Mariann Edgar Budde avili Trump ak Vance nan yon sèvis relijye ki fèt nan Katedral Nasyonal peyi a yè madi a
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Prezidan Kolonbyen an Gustavo Petro nan Jakmèl jodi a
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manif KOMOKODA devan Konsila Dominiken nan Manhattan jodi Mèkredi 22 janvye 2025 la
Anons

Tuesday Jan 21, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 21 janvye 2025
Tuesday Jan 21, 2025
Tuesday Jan 21, 2025
Pou di Gustavo Petro ap tounen lakay li ak 17 Kolonbyen Jovevel yo tout bon; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Liy ouvè; Anons...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Enfòmasyon pran lari se nan mitan lannuit la Majistra NY la Eric Adams jwenn envitasyon pou l al nan inogirasyon Trump epi l bliye te gen pou l al selebre Martin Luther King Day nan Brooklyn Academy of Music
Prezidan Kolonbi a Gustavo Petro ap nan vil Jakmèl demen; Li ta parèt se 17 mèsenè Kolonbyen ki enplike nan dosye sasinay Jovenel Moise la li vin chache san yo pa jije
Liy ouvè pou oditè yo di sa yo panse sou "liberasyon" Kolonbyen yo
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Kèk nan dekrè Donald Trump siyen yè yo; Ki jan pou ajoute yon amandman nan konstitisyon Etazini
-Dragon 9 tèt la inogire yon pò entènasyonal nan Senlwidisid
-217 nouvo Kenya debake ak yon brigad SWAT ki gen fanm senpman ladan l
-Vizyon Martelly ap kontinye: "Minis" Kilti a anonse kanaval nan Fò Libète 2-4 mas k ap vini an
-Repiblik Dominikèn anonse li depòte 14,633 depi ane 2025 lan koumanse
-Nan okazyon selebrasyon endepandans li 15 janvye k sot pase a peyi Lagrès di li sonje se te Ayiti ki te premye peyi ki rekonèt endepandans an 1822 epi pote gwo sipò pou yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Jan 20, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 20 janvye 2025
Monday Jan 20, 2025
Monday Jan 20, 2025
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Jodi a Etazini ap selebre Jounen Martin Luther King, Jr.; Apre 50 lannen Joe Biden siyen liberasyon prizonye politik Leonard Peltier; Rankont KOMOKODA fè yè ak Jafrikayiti; Mobilizasyon pou manif KOMOKODA devan Konsila Dominiken nan Manhattan Mèkredi 22 janvye 2025; Donald Trump prete sèman pou dezyèm manda li kòm prezidan Etazini; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi a Etazini ap selebre Jounen Martin Luther King, Jr.
Mobilizasyon pou manif KOMOKODA devan Konsila Dominiken nan Manhattan Mèkredi 22 janvye 2025
Ranmase sou rankont KOMOKODA fè yè dimanch 19 janvye a ak frè nou Jafrikayiti
Apre 50 lannen nan prizon pou rezon politik, Joe Biden siyen liberasyon militan American Indian Movement Leonard Peltier
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Inogirasyon Donald Trump pou dezyèm manda li; Ki sa l di nan diskou enstalasyon l
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Jan 16, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 16 janvye 2025
Thursday Jan 16, 2025
Thursday Jan 16, 2025
Mèsi pou oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Ti koze ak Dr. Mamyrah Dougé Prosper sou dife k gaye nan zòn Los Angeles la; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nan okazyon dènye emisyon nou anvan Joe Biden renmèt Donald Trump pouvwa lendi k ap vini an nou repase vwa Joe Biden ki t ap esplike jounalis Charlie Rose an 1994 pou ki sa dosye Ayiti a pa yon priyorite pou li: Si lanmè Karayib ta ouvè epi Ayiti ta desann anba oswa si Ayiti ta eklate wotè syèl la, sa pa t ap retire yon plim sou do Etazini
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Ti koze ak sè nou Dr. Mamyrah Dougé Prosper k ap viv nan Los Angeles sou gwo dife ki ravaje yon bon pati nan zòn sila a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Jan 15, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 15 janvye 2025
Wednesday Jan 15, 2025
Wednesday Jan 15, 2025
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Lendi a nou te fè entèvyou ak yon fanmi nou k ap viv nan Istannboul nan peyi Tiki sou yon konpatriyòt nou ki te malad epi mouri prèske menm kote a; Envestigasyon otorite peyi sila a jwenn se yon tafya ki fèt nan move kondisyon ki t ap vann anba tab ki ta responsab plizyè moun mouri plop plop
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Yon semèn anvan l kite pouvwa a, Joe Biden retire Kiba nan lis li kreye ak peyi li di k ap sipòte aktivite teworis atravè lemond
Nouvèl
-Diplis sou koze "lis peyi k ap sipòte teworis" Ameriken yo kreye a
-Mario Andresol enstale kòm nouvo Sekretè Deta pou Sekirite Piblik peyi a
-Dife gaye epi fè gwo dega nan Los Angeles nan Kalifòni
-PNH la arete Jameson Felix asosye Kempes chèf gang Viv nan San yè swa
Anons