Episodes

Wednesday Nov 09, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 9 novanm 2022
Wednesday Nov 09, 2022
Wednesday Nov 09, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan jounal Haiti Liberté Vandredi 18 novanm 2022, 3pm-6pm pou n al denonse mannèv jounal sila a pou fè chèf gang PHTK asasen kriminèl Jimmy Cherizier alyas Babekyou pase pou revolisyonè k ap batay pou pèp
Mesaj nou pou ti komik san kolonn vètebral ki rele tèt yo lagoch; Nou mande yo rejte konfizyon ak dilatwa Haiti Liberté a epi ranmase kouraj yo pou reponn grenn kesyon ki sou tab la jodi a: Èske Babekyou se yon asasen chèf gang PHTK oswa l se yon revolisyonè?
Jodi a nou li lèt toulouvri militan Reyneld Sanon te ekri 10 out 2021 pou denonse jounal Haiti Liberté k ap fè asasen kriminèl chèf gang PHTK Jimmy Cherizier alyas Babekyou pase pou revolisyonè epi mande goch Ayisyen an pou li pran pozisyon anfas travay sal sila a y ap fè a
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Liy ouvè ak oditè yo
No comments yet. Be the first to say something!