Episodes

Wednesday Mar 05, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 5 mas 2025
Wednesday Mar 05, 2025
Wednesday Mar 05, 2025
Nou remèsye sipòtè nou yo; Gouvènman Dominiken an idantifye 26 gang Ayiti kòm òganizasyon teworis; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Gouvènman Dominiken an idantifye 26 gang Ayisyen yo ofisyèlman kalifye òganizasyon teworis; Nou mande tèt nou pou ki sa gouvènman Ayisyen an ki premye konsène panko janm fè yon aksyon konsa
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista: Ansyen depite Kiben Meriken ki te toujou kont Revolisyon Kiben an fè vwèl pou peyi san chapo; Aksyon ekip Gwo Moso a pou panike peyi ki akeyi Brigad Medikal Kiba yo; Mwa Fanm nan peyi Kiba
Nouvèl:
-Apre entèvansyon nan tribinal ekip Gwo Moso a blije debloke apeprè 2 milya dola lajan USAID imedyatman
-Repiblik Dominikèn devwale gwo kagezon zam ki ateri lakay li ki te gen pou rive al jwenn gang teworis Ayiti
-Ansyen Premye Minis Ayisyen Robert Malval ekri nan jounal Nouvellist pou denonse "Task Force" KPT-Primati a kòm yon "Task Farce", kòmkwa se yon blòf
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.