Episodes

2 days ago
2 days ago
Nou salye epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista; Zhoran Mamdani ranpòte laviktwa sou Andrew Cuomo nan "Primary" Pati Demokrat nan vil NY la; Ata espesyalis nan ekip Trump la di bonbadman Meriken fè a nan regle anyen serye; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt devan Konsila Ayiti nan Manhattan 1PM-4PM, Vandredi 27 jen la
Gwo viktwa pou Zhoran Mamdani sou Andrew Cuomo nan eleksyon "primary" pou majistra NYC ki fèt yè madi a; Sa pa vle di lènmi chanjman yo aksepte desizyon pèp la
"Gwo Moso" Donald Trump di bonbadman li yo elimine tout menas pou Iran ta genyen zam nikleyè men ata espesyalis akay li yo di anyen pa chanje apre bonbadman an
Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
No comments yet. Be the first to say something!