Episodes

Wednesday Jul 16, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 16 jiyè 2025
Wednesday Jul 16, 2025
Wednesday Jul 16, 2025
Nou salye oditè nou yo epi nou remèsye fanmi yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Netanyahu anonse li nomine Trump pou pwochen pri obèl lapè a; Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Dominiken nan Manhattan, 1501 Broadway (7th Ave ak 43rd St) apremidi a 3pm-6pm
Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Depatman Deta Meriken mete Ayiti sou lis nivo danje 4 ki vle di peyi pou Meriken pa ale pou okenn rezon epi sa k deja la pou yo kouri kite l
-Depite Repibliken Mike Lawler ki reprezante zòn Spring Valley nan NY la mande ekip Trump lan pwolonje TPS pou Ayisyen
-Gen yon avyon depòtasyon ICE ki ateri Okap ak plis pase yon santèn moun jodi a
-Konpayi avyon Meriken IBC Airways denonse gouvènman Ayiti a li di ki te fin antann yo ak li pou l te ka fè wout Miami-Okay, fè l depanse plis pase $100,000 epi kounyè a y ap kabwe l
-Avoka Meriken Adam Boyd ki t ap travay pou ICE demisyone nan djòb la akoz fason ICE ap pèsekite imigran
-Lejislatè Repibliken ak Demokrat koumanse ap evalye chanjman ki ta dwe fèt nan lwa imigrasyon peyi Tazini pou pèmèt yon kantite nan imigran ak estati frajil yo ta peye yon amand epi jwenn rezidans pèmanan nan peyi a; KOMOKODA di yon sèl batay: "General Amnesty" ki vle di yon kat rezidans pèmanan pou tout imigran san papye ak tout imigran ki gen yon estati frajil nan peyi a
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Dominiken nan Manhattan, 1501 Broadway (7th Ave ak 43rd St) demen 3pm-6pm
Anons
No comments yet. Be the first to say something!