Episodes

Wednesday Jan 15, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 15 janvye 2025
Wednesday Jan 15, 2025
Wednesday Jan 15, 2025
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Lendi a nou te fè entèvyou ak yon fanmi nou k ap viv nan Istannboul nan peyi Tiki sou yon konpatriyòt nou ki te malad epi mouri prèske menm kote a; Envestigasyon otorite peyi sila a jwenn se yon tafya ki fèt nan move kondisyon ki t ap vann anba tab ki ta responsab plizyè moun mouri plop plop
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Yon semèn anvan l kite pouvwa a, Joe Biden retire Kiba nan lis li kreye ak peyi li di k ap sipòte aktivite teworis atravè lemond
Nouvèl
-Diplis sou koze "lis peyi k ap sipòte teworis" Ameriken yo kreye a
-Mario Andresol enstale kòm nouvo Sekretè Deta pou Sekirite Piblik peyi a
-Dife gaye epi fè gwo dega nan Los Angeles nan Kalifòni
-PNH la arete Jameson Felix asosye Kempes chèf gang Viv nan San yè swa
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.