Episodes

Wednesday Oct 12, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 12 oktòb 2022
Wednesday Oct 12, 2022
Wednesday Oct 12, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon Fanmi Lavalas NY ansanm ak KOMOKODA ap fè lendi 17 oktòb nan Brooklyn nan pou n pote sipò Ayisyen nan zòn NY la ak pèp Ayisyen an k ap goumen anndan peyi nou
Mobilizasyon pou aktivite Kanpay Entènasyon Jistis pou Thomas Sankara ap fè nan Harlem samdi 15 oktòb pou make 35 lannen depi sasinay Vanyan an
Nou ankouraje oditè yo sipòte emisyon an
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Prezidan peyi Taiwan nan Tsai Ing-wen di pa gen ka pou pawòl lagè ant Lachin ak Taiwan ap pale; Li di y ap antann yo
-Washington Post pibliye yon nouvo editoryal sou Ayiti yè; Yo di fòk militè etranje debake epi fòk gen yon antant pou militè sa yo renmèt pouvwa a ba Ayisyen
-Op-Ed nan NY Times mande ki ès ki pou deside ki moun k ap gen pouvwa ann Ayiti? epi li konkli pou di bay Montana pouvwa a
Liy ouvè ak oditè yo
No comments yet. Be the first to say something!