Episodes

2 days ago
2 days ago
Nou remèsye sipòtè nou yo; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-FAA te di se te jiska jodi 12 mas la yo te entèvdi vòl avyon Etazini pou Pòtoprens, yè yo voye l pou 8 septanm 2025
-Ministè Enteryè Ayiti mande pou tout otèl ak kay k ap resevwa etranje vin deklare etranje sa a bay leta 24èd tan apre moun sa a vin nan biznis yo oswa lakay yo
-Apati 11 avril 2025, Etazini mande tout Kanadyen k ap pase plis pase 30 jou Ozetazini ap blije anrejistre prezans yo nan peyi a; gwo kou pou Kandyen retrete yo ki gen kay Florid kote y al pase sezon ivè a chak ane
-226 Ayisyen ki soti Latiki ateri nan ayewopò Okap la yè; Bagay nou pa wè lontan, yo bobo tè a (kòmkwa pou di Mèsi Papa Desalin!) lè yo te rive lakay
-Aruba Airlines anonse nan jou k ap vini yo la p koumanse yon vòl Miami-Pòtoprens k ap koute $949 nan chak direksyon
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.