Episodes

3 days ago
3 days ago
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Repiblik Dominikèn al chache ranfò pou ede l bay manti nan jan l trete Ayisyen ak pitit yo; Ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou koze jèn ak lapriyè pou Ayisyen fè Trump chanje lide l; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou aprann peyi Repiblik Dominikèn blije anboche gwo konpayi relasyon piblik pou chache kamoufle kamoufle kanpay "Boycott" parapò ak rasis ak diskriminasyon y ap fè sou Ayisyen ak moun Nwa epi pèsekisyon yo sou fanm Ayisyen ki ansent
Tchoul restavèk Martelly Gandy Thomas ki se aktyèl Anbasadè Ayiti nan Italy al selebrè 165yèm anivèsè Konkòda 1860 la ak legliz katolik nan Vatikan
Pastè Mallory ak Pastè Gregory Toussaint mande 3 jou jèn epi 3 jou lapriyè tout Ayisyen Ozetazini pou nou fè Trump wè larezon
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou koze jèn ak lapriyè sa a
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Ekip Donald Trump la lage enfòmasyon nan lari a sou biwo nan depatman lajistis ki ta genyen kòm premye responsabilite l pou denatiralize kantite yo kapab nan 25 milyon imigran natiralize yo
-USCIS chanje nimewo pou moun ki gen biznis ak imigrasyon jwenn enfòmasyon sou dosye yo: Nouvo nimewo a se 872-466 (USA-IMM)
-Konsèy Sekirite Nasyonzini fè yon reyinyon sou Ayiti suit ak lèt 4 prezidan Dominiken yo te voye ba yo yè san prezans Ayisyen ladan l
-Yon lòt djòl pwès ant Trump ak Elon Musk; Trump menase pou l depòte Musk tounen Afrik Disid
-Maria Isabel Salador, chèf BINUH an anonse li kraze yon kite sa
-Kòm fenèt pou "injunction" ta parèt fèmen nan tribinal federal Meriken, yon gwoup avoka ap eseye mare pye ekip Trump lan nan dosye "Birthright citizenship" la ak "class action lawsuit"
Mobilizasyon, Mobilizasyon, Mobilizasyon pou kontre pwojè anti imigran ekip Trump lan
Liy ouvè ak oditè yo
No comments yet. Be the first to say something!