Episodes

Tuesday Apr 08, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 8 avril 2025
Tuesday Apr 08, 2025
Tuesday Apr 08, 2025
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA pral fè Samdi 12 avril 2025 nan Ditmas Park nan zòn lakay Kim Ives k ap sipòte teworis yo k ap fè jenosid sou pèp Ayisyen an; Liy ouvè ak oditè yo; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Liy ouvè; Anons...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA pral fè Samdi 12 avril 2025 nan Ditmas Park nan zòn lakay Kim Ives k ap sipòte teworis yo k ap fè jenosid sou pèp Ayisyen an
-Nou pale ak frè nou Raymond Dugué; Sè nou Minouche Lambert; epi konpatriyòt Lionel Legros
Liy ouvè ak oditè yo
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Plis pase yon milyon moun atravè Etazini pran lari samdi a pou denonse politik rasis, gwo ponyèt ekip Trump lan
-Anpil moun denonse ti komik Fritz Jean ki anonse BSAP pral fè pati fòs ame ki pral konbat konbat gang teworis yo nan peyi a
-Yon Ayisyen nan Indianapolis bloke lari ak machin li, yon zam nan men l epi l ap flote yon drapo ki make "Free Haiti"
-Lakou Siprèm Etazini ap bay Trump espsas pou l ouvè kò l
-Etazini ap bonbade Houthis yo san kanpe epi Houthis yo yomenm tou ap kontinye travay yo; Yo kraze 3 MQ-9 Reaper dwòn Meriken nan 3 jou
-Ekip Trump la fou pou yo konprann yo ka ba Lachin, Larisi ak peyi BRICS yo ki gen 3.6 milya moun lakay yo presyon ak traks ladwàn
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.