Episodes

Tuesday Jan 07, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 7 janvye 2025
Tuesday Jan 07, 2025
Tuesday Jan 07, 2025
Bank Mondyal di Ayisyen k nan dyaspora a voye 3.8 milya dola Ayiti; Entèvyou ak fanmi kowoperativ Vizyon Munal yo nan Montreal; Nouvèl; Liy ouvè; Anons...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Bank Mondyal di Ayisyen k nan dyaspora a voye 3.8 milya dola vèt Ayiti pou ane fiskal ki fini Septanm 2024; Atik jounal Nouvelliste sou danje k genyen nan transfè enfòmèl k ap fèt nan Zelle
Entèvyou ak fanmi kowoperativ Vizyon Munal yo nan Montreal sou travay yo nan Montreal epi pwojè agrikilti yo ann Ayiti
Nouvèl:
-Joe Biden deside lage 11 Yemeni Etazini te kenbe nan prizon nan Guantanamo Bay nan Kiba
-Minis Afè Etranjè Ayiti al Benin pou patisipe nan premye rankont ofisyèl peyi sila a ak manm CARICOM yo
-Responsab Asosyasyon Endistriyèl Ayisyen yo di peyi a pèdi 42,000 djòb nan endistri tekstil la soti desanm 2021 pou rive jodi a; Capellan ki se Dominiken ki mèt CODEVI nan Wanament fè konnen pak endistriyèl li a deja pèdi 6,000 djòb epi l ap pèdi yon lòt 6,000 ankò si lejislatè Meriken yo pa renouvle lwa HOPE ak HELP lan; Responsab pak Caracol la yo di olye de 65,000 djòb Clinton te pwomèt yo se 2,900 moun sèlman k ap travay la
-Bank Mondyal di se apèn 43% Ayisyen k ap viv nan chanm kay peyi a ki gen aksè ak dlo pwòp pou yo bwè; Ou kwè li rive tout sa?
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA pral fè 1pm-4pm, dimanch 12 janvye k ap vini an devan Fondasyon Clinton, 55 W 125th St nan Manhattan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
No comments yet. Be the first to say something!