Episodes

Tuesday Jan 05, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 5 janvye 2021
Tuesday Jan 05, 2021
Tuesday Jan 05, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anonse pou Madi pwochen 12 janvye devan Fondasyon Clinton pou n kontinye lonje dwèt sou yo pou lajan Goudougoudou a yo vòlè epi apatrid Martelly ak Jovenel yo enpoze alatèt peyi nou
Nou swete frè nou Pedro Vargas k ap selebre anivèsè nesans li jodi a yon Bòn Fèt!
Gwo lese frape nan Georgia jodi a pou 2yèm tou ant Democrat ak Republicans pou deside kilès nan 2 gwoup sa yo k apral dirije chanm Sena Meriken an
Nou remèsye tout fanmi ki te patisipe nan konbit fen lannen nou te fè semèn pase pou ankouraje oditè k ap benifisye yon avantaj nan enpo yo pou sipòte emisyon an
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Pèp Iranyen an ak alye yo te fè gwo manifestasyon pou make yon lannen depi sasinay Jeneral Soleimani ak lidè Komite pou Mobilizasyon Popilè yo Abu Mahdi Al-Muhandis; Peyi Iran mete manda arestasyon kont Donald Trump ak 47 lòt lidè Meriken
-Nouvo Palman ki eli nan eleksyon 6 desanm yo nan peyi Venezyela monte opouvwa jodi a; Guaido ak Meriken pran kabann
-Gwo lòbèy san lè pete nan Washington demen lè Kolèj Elektoral la pral prezante rezilta eleksyon prezidansyèl 3 novanm bay Kongrè a
-Moun ap rele anmwe pou anrejistreman apèl Donald Trump ak Sekretè Deta Georgia a, Gwo Moso di Bri Sapat
-Yon enfimyè 41 lannen nan peyi Pòtigal mouri apre l fin pran vaksen kovid Pfizer a
Liy ouvè ak oditè yo
10 ansyen Minis Defans Etazini siyen yon papye pou di Donald Trump pinga! Li pa andwe mele militè peyi a nan koze eleksyon
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.