Episodes

Tuesday Mar 04, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 4 mas 2025
Tuesday Mar 04, 2025
Tuesday Mar 04, 2025
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Liy ouvè; Anons...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia Jean Joseph
Nouvèl
-Trump mete yon kanpo sou èd militè Etazini te deja dakò bay Ikrèn
-Zelensky di li pare pou l tounen Washington pou pousuiv antant Ikrèn ak Etazini; Ekip Gwo Moso a mande pou msye mande padon anvan pou yo ta ba l yon nouvo randevou
-Awogans dekrè Gwo Moso nan dekrè li ki di Angle se lang ofisyèl peyi Etazini
-Se jodi a Trump mete gwo taks 25% sou pwodui k ap sot Meksik ak Kanada
-Responsab militè Ougannda yo di depi yo rantre Ayiti y ap rezoud pwoblèm gang la nan yon mwa
-Prezidan Kolonbi a Gustavo Petro di se nan komès dwòg ki soti Kolonbi pou ale Ozetazini lajan k ap finanse ensekitite Ayiti soti
-3 òganizasyon nan Boston asiyen gouvènman Federal la sou TPS yo koupe pou Venezyela ak Ayiti
-341 jèn gradye nan divès domèn nan Univèsite Fondasyon Aristide la dimanch ki sot pase a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.