Episodes
![Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 28 janvye 2025](https://pbcdn1.podbean.com/imglogo/ep-logo/pbblog736162/1-28-25_Hillary_Clinton_-_Chat_Mimibgmee_300x300.png)
Tuesday Jan 28, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 28 janvye 2025
Tuesday Jan 28, 2025
Tuesday Jan 28, 2025
Mobilizasyon pou manif KOMOKODA kont Hillary Clinton k ap fèt nan Manhattan apremidi a; Nouvèl; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia Jean Joseph; Liy ouvè; Ala yon wont pou nou t ap tande Roland Sainristil k ap bese tèt li ak pati li a devan Kim Ives, ki se yon blan rasis, manm gwoup gang teworis "Viv nan San"; Anons...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nouvèl:
-Chirepit ant Kolonbi, Meksik ak Etazini sou depòtasyon
-Bri desantdelye "ICE" k ap kouri ki rive panike anpil imigran Ozetazini
-Imigrasyon Meriken fè desantdelye nan kominote imigran Dominiken nan Pòtoriko
-Gwo chikin kò politisyen ak kominote nan Newark, NJ apre desantdelye san manda Homeland Security sou yon depo manje nan zòn sa a
-Konpayi Google fè konnen se nan teritwa Etazini sèlman li ka chanje non Gulf Meksik pou l rele "Gulf America"
-Etazini deside kanpe sou "èd" etranjè USAID men anpil peyi di yo te renmen wè ki jan sa pral kenbe paske lè chif yo byen kalkile se Etazini limenm ki plis benefisye sou kategori "èd" sila a
-Ti komik yo k nan Gouvènman Ayiti a mande tout konsila yo Ozetazini pou kreye yon selil pou voye je sou depòtasyon Etazini ap fè yo
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Liy ouvè ak oditè yo
Ala yon wont pou nou t ap tande Roland Sainristil, animatè emisyon Fanmi Lavalas nan Radio Soleil nan New York dimanch la k ap bese tèt li ak pati li a devan Kim Ives, yon blan rasis, manm gwoup gang teworis "Viv nan San"
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.