Episodes

Tuesday Feb 25, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 25 fevriye 2025
Tuesday Feb 25, 2025
Tuesday Feb 25, 2025
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Ayibobo pou alatèt Hezbollah a Vanyan Hasan Nasrallah; Moso nan pyès teyat Pèlen Tèt Franketienne ekri; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia; Myrtha Desulmé ki fè fò pati nan vi li ap viv Jamayik prete sèman kòm anbasadè Ayiti nan OEA; Anons...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Yon lòt fwa ankò nou jete dlo pou Sayed Hasan Nasrallah, alatèt Hezbollah a ki te tonbe 27 septanm 2024; Yon lantèman wololoy fèt pou li nan Beirut dimanch lan kote apeprè 1.5 milyon moun (25% popilasyon peyi a) patisipe
Nou pase premye 40 minit pyès teyat Pèlen Tèt Franketienne pibliye nan lannen 1979
Liy ouvè ak oditè yo
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia Jean Joseph
Myrtha Desulmé, reprezantan dyaspora nan Montana prete sèman nan wikenn nan kòm anbasadè Ayiti nan OEA epi li fè gwo lwanj wòdpòte pou restavèk Meriken Luis Almagro ki se alatèt òganizasyon kwoupyon sila a
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.