Episodes

Tuesday Jan 19, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 19 janvye 2021
Tuesday Jan 19, 2021
Tuesday Jan 19, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Attorney General eta NY la Letitia James asiyen lavil NY ak Depatman Lapolis pou maspinay yo te fè sou manifestan nan leve kanpe k te genyen nan zòn nan apre sasinay George Floyd la
-Demen Joe Biden ak Kamala Harris ta sipoze monte opouvwa isit Ozetazini: Washington DC fèmen epi 25,000 gad nasyonal sèke vil la
-Anpil atant ke Donald Trump ta gen pou grasye depase 100 moun tribinal ta deja kondane oswa ta gen dosye yo nan men leta
-Yè Lendi a Trump siyen dekrè pou relouvri trafik avyon ant Inyon Ewopeyèn, Angletè ak Brezil; Moun Biden yo di osito Biden monte l ap chire papye a
-Diplis ki soti sou pwojè lwa sou imigrasyon Joe Biden ta gen pou l voye nan palman Etazini an osito l monte; Nou ankouraje kominote a pran prekosyon ak chalatan k ap pare pou vòlò lajan yo nan tout koze imigrasyon sa yo k ap pale a
-Nou ankouraje oditè yo kontinye pran prekosyon ak koze vaksen kovid yo ki deyò a
-FIFA pibliye rapò envestigasyon li ki te mennen yo kondane Yves Dadou Jean-Bart pou kadejak sou ti fi foutbolèz yo
Anons manifestasyon KOMOKODA lanse pou samdi 6 fevriye, 1pm nan Flatbush ak Parkside pou n ede pèp la anndan peyi a dechouke Jovenel Moise
Liy ouvè ak oditè yo
Lapolis nan Larisi arete Alexei Navalnay ki kanpe anfas Vladimir Putin nan ayewopò osito l ateri nan Moskou
Liy ouvè ak oditè yo
Pwovokasyon Biden ki nome ansyen Anbasadè Etazini nan Larisi William Burns alatèt CIA epi li nome Victoria Nuland ki te akitèk koudeta Etazini te fè nan Ikrèn nan 3yèm pi wo grade nan Depatman Deta
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.