Episodes
Tuesday Dec 17, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 17 desanm 2024
Tuesday Dec 17, 2024
Tuesday Dec 17, 2024
Emisyon espesyal sou rezèv lò peyi nou Meriken vòlò 17 desanm 2024; Nouvèl; Liy ouvè; Anons...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA kont Etazini ak Nasyonzini 3pm-6pm demen nan 45th Street & 1st Ave nan Manhattan
Prizonye k ap tann jijman pou sasinay ti vòlò Jovenel Moise yo ak vizit Prezidan Kolonbi a Gustavo Petro nan mwa janvye a
Ti koze ak Prof. Georges Eddy Lucien sou vòl rezèv lò peyi a 17 desanm 2024 la ak ranson Lafrans pran nan men nou ak zam li 17 avril 1825
Atik Haitian Times pibliye Premye out 2022 ak reyaksyon Citigroup sou manifestasyon KOMOKODA 28 jiyè 2022
Pwa KOMOKODA anfavè pèp Ayisyen an nan balans la
Nou pase vwa Pè Gigit ak Jojo Lorquet, 2 vòlè PHTK, ki t ap griyen dan yo sou manif KOMOKODA pou bloke Martelly nan Labor Day 2024 la epi sèmante Martelly t apral vin "kale bounda l jan l vle" nan New York la
Liy ouvè ak oditè yo
Pandan gang teworis yo mete popilasyon Pòtoprens ak Latibonit tèt anba, Meriken ak restavèk li yo pibliye kalandandriye yo:
-Mitan janvye 2025 - Pwopozisyon nouvo konstitisyon an pibliye
-Mas 2025 - Referanndòm Konstitisyon an
-Avril 2025 - Eleksyon lanse
-Novanm 2025 - Eleksyon
-Janvye 2026 - Dezyèm tou eleksyon an si gen nesesite pou sa
-7 fevriye 2026 - Prezidan eli a inogire
Se bèl!
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.