Episodes

Tuesday Apr 15, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 15 avril 2025
Tuesday Apr 15, 2025
Tuesday Apr 15, 2025
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Diplis sou manifestasyon KOMOKODA fè Samdi a nan Ditmas Park nan zòn lakay Kim Ives k ap sipòte teworis yo k ap fè jenosid sou pèp Ayisyen an; Nouvèl; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi 15 avril la se jou moun ranpli dokiman enpo yo (Tax) isit Ozetazini
Anpil reyaksyon nan kominote a, ann Ayiti, epi atravè mond lan sou manifestasyon KOMOKODA fè samdi 12 avril la devan pòt Kenneth Ives, blan ki mèt jounal Haiti Liberté k ap chache fè gang k ap jenosid lakay nou yo pase pou revolisyonè:
-Nou pale ak sè nou Èzili Dantò sou dosye Kenneth Ives la epi nou tou pwofite jete dlo pou frè nou Ougan Zaza (Frantz Jean Raymond), gadyen Lakou Bwa Kayiman, ki janbe
-Nou pale ak frè nou Jafrikayiti sou dosye Kenneth Ives la
Nouvèl:
-Jan l te pwomèt sa jedi pase, jij federal Indira Talwani pibliye desizyon li ki anile dekrè Gwo Moso Donald Trump ki te bloke pwogram Biden nan pou Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen, ak Venezyelyen
Akoz fikilte teknik, nou blije kanpe emisyon an bonè
Anons
Nou pase "Pale Moun nan Nò ki se istwa frè nou Jean Claude Martineau (Koralen)
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.