Episodes

Tuesday Nov 14, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 14 novanm 2023
Tuesday Nov 14, 2023
Tuesday Nov 14, 2023
Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen pibliye yon rapò jodi a sou 2 pwa 2 mezi nan sistèm imigrasyon Meriken an; Nouvèl; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ...
********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou Town Miting KOMOKODA pral fè dimanch 19 novanm, 4pm-7pm nan lokal Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd nan Brooklyn nan
Mobilizasyon pou 16yèm pelerinaj n apral fè nan Jounen Nasyonal Dèy endijèn yo nan Plymouth, MA jou "Thanksgiving" nan
Nouvèl:
-Palmantè peyi Kenya prezante yon lis kondisyon pou yo ta vote pwojè okipasyon Meriken sou Ayiti a
-Etan yo te di yo t al jere pwoblèm Ebola nan Congo travayè Òganizasyon Mondyal Lasante ta fè kadejak sou yon dividal fanm ak ti fi Kongolè
-Premye Minis peyi Izrayèl Netanyahu di batay l ap mennen kont Hamas la se yon batay sivilizasyon kont babari
-Reprezantan CARICOM yo ap tounen lakay yo men vid
-Divès òganizasyon Ayisyen ak etranje ekri Komite Sanksyon Nasyonzini an pou mande yo ajoute kèk moun nan lis sanksyon ki ta dwe soti a epi fòk sanksyon yo serye
-Akò Montana di yo pa nan Ariel epi yo pibliye pwopozisyon yo pou dosye Ayiti a vanse
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl
-Yon gwoup Ayisyen nan zòn Tòbèk ap travay pou repare yon kanal pou irigasyon zòn lakay yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.